Souple tann...

Achte oubyen vann kay ou genyen nan Jamayik

03 jan

Achte oubyen vann kay ou genyen nan Jamayik

Kèk bagay pou konnen anvan ou Achte oubyen vann kay ou genyen nan Jamayik  

Ou dwe konnen deja ke Jamayik ak zile karayib yo klase pami destinasyon ki pa gen parèy nan mond lan. Anpil melanj kilti ak bagay natif natal nan Jamayik, vizitè ak pwopwiyetè yo renmen anbyans ak aktivite ki genyen nan rejyon an. Men si w vle antre sou mache imobilye , ou dwe konnen tout sa w ta sipoze konnen sou acha ak vant kay nan Jamayik. 

Mache imobilye jamayiken an 

Mache a chaje ak opὸtinite , paske gen plizyè domèn pou chwazi. Si w ap fè plan pou antre nan imobilye nan Jamayik, ou ta dwe konsidere rejyon tankou Montego Bay, Ocho Rios, Negril, Runaway Bay, St. Ann et Port Antonio. Tout zὸn sa yo ofwi bèl pwopwiyete ak rega sou plaj ak/oubyen sou gὸlf. kominote yo fèmen ak eskapad izole, Jamayik gen tout bagay pou fè kè kontan. 

Detay pou achte ou vann kay ou a nan Jamayik 

Genyen yon astis pou achte ak vann yon pwopwiyete nan Jamayik; pa gen kontra, tankou lὸt peyi fè sa. Avoka yo okipe yo de pwosesis transfè pwopwiyete a ak ajan imobilye ou a. pwosesis sa ka dire nenpὸt 90 jou. Genyen 5 etap pou konnen. 

  1. premye negosyasyon sou kontra a pèmèt de pati yo dakὸ sou yon pri ak dat yo. 
  1. se nanechanj kontra yo tout pil papye yo pra l tanmen, epi depo ak ipotèk yo garanti. 
  2. premeyepwosedi avan ou fini yo se kote dwa tenb ak taks yo peye. Apre sa yo pral depoze ak yo. 
  3. ou fini se lè ou siyen dokiman yo, enspeksyon fèt epi ou peye dènye lajan an nan sèvis piblik ak nan ipotèk. 
  4. oufini nèt se lὸske 90 jou yo pase epi tout dokiman yo egzat, tit pwopwiyete yo verifye. Se nan moman sa achtè a ka antre nan kay la. 

Pa gen dout ke pwosesis sa long anpil, anpil papye pou siyen ka sanble entimidan, se pou sa yon ajan imobilye, tankou sila yo k ap travay ak Kayifi, kapab gide w bay yon avoka apwopwiye epi tou vè pwopwiye ke ou reve a. 

Poukisa pou w envèsti nan Jamayik? 

Si w ap viv nan JAmayik depi yon bon ti tan, ou konnen poukisa moun yo envèsti nan Jamayik. Malgre pwoblèm ki te konn genyen, Jamayiken mete tèt ansanm pou pèmèt rejyon an devlope epi pwospere. Rezidan natif natal yo santi yon fyète patikilye, menm jan ak tout moun ki envèsti nan Jamayik.   

Rejwenn Kayifi pou fete kèk rezon pou envèsti tout nanm nou nan Jamayik. 

  • Bote Karayib la san parèy, pa gen dout nan sa. Ak sab plaj yo k ap briye, montay èspektakilè nan bò falèz, yon bèl nati twopikal ak anpil plezi, manje ak mizik ke w ap  apresye, kiyès ki pa tap renmen Jamayik.  
  • Nenpòtlaj moun nan fanmaiy la te ka genyen, gen avanti pou tout moun k ap viv nan Jamayik. Menm si ou swete rete sou tè fèm pou aktivite èspòtif, oubyen si w vle ale na dloak nan plaj, ou pa p ka twonpe w si w envèsti nan Jamayik. 
  • Lifasil pou ale Jamayik. Genyen vòl ki disponib depi Etazini, Kanada ak Ewòp ki mennen nan twa ayewopò entènasyonal nan Jamayik.  
  • Genyenanpil opòtinite envèstisman nan rejyon an. Kay tou nèf, otèl, restoran ak konplèks de liks ap devlope byen vit. ak posiblite pou gen kreyasyon anplwa ak envèstisman, nan Jamayik chaje moun tout nasyonalite  k ap fè biznis ak envèstisè nan Karayib la. 
  • Akyon mache imoblilye dinamik pou achtè, vandè ak lokatè yo, chwa yo anpil. Menm si kliyan yo vle yon nouvo kondo, yon kay bò plaj oubyen yon vila de liks, tout opsyon yo la e w ap gen difikilte pou chwazi. 

Alòs, èske ou toujou gen dout pou w envèsti nan Jamayik? pa vrèman. Tout sa w gen pou fè se kontakte yon ajan imobilye senpatik e sèvyab pou lanse rechèch pou vann ou achte kay la. Ajan imobilye Kayifi yo ap kontan pou ede w achte oubyen vann pwopwiyete ou genyen nan Jamayik la.  

Sous : HG.org 


Kontakte nou pou w konekte ak youn nan reprezantan nou yo