Souple tann...

Kwizin Karayibeyen Pou W Eseye Nan Vakans.

25 mas

Kwizin Karayibeyen Pou W Eseye Nan Vakans.

Moun yo rafole pou kèk plaj imakile, lanmè tikwaz e cho, espò notik palpitan, kèk forè liksziryan, yon fòn ra ak yon kilti kolore nan Karayib la. Men youn nan aspè ki pi memorab lè w vwayaje nan paradi sila se kwizin delisye Karayibeyen an !

Nouriti Karayibeyen an inik e divèsifye, menm jan tankou tout lòt kalite ki rann li espesyal konsa. Blòg sa eksplore kwizin Karayibeyen ou dwe eseye nan pwochen vwayaj ou. Anplis, nou reponn kèk kesyon ki souvan poze sou kwizin Karayibeyen an.

Prepare W Pou Yon Avanti Kilinè !

Pi bon pla karibeyen ou dwe eseye menm se yon fwa pou pi piti.

Selèb Poulè Jèk Nan Karayib La.

Poulè jèk se petèt pla karibeyen ki pi popilè, e repitasyon sa pa san rezon. Selèb pla twopikal sa se yon fòm atizay ! Dapre deskripsyon jeneral la, li sanble yon pla ki senp. Poulè sa anwobe avèk epis ak pwavwon, epi fime, ki kwit lantman oubyen griye pafètman. Poutan, metriz savè yo vrèman enpresyonan e asireman pral fè yon renome nan kominote w la.

Poulè jèk diferan kèlkeswa kote w goute l la, donk se yon pla Karayibeyen w ap anvi goute plizyè fwa !

Benyè Konk Sou Prèske Tout Meni Yo !

Kokiy konk yo byen rekonèt pou sifas an espiral woz krèm yo a ak anndan yo ki irize. Men eske w te konnen gen yon kreyati marin k ap viv anndan l ? Nan Karayib la, konk se yon pla popilè ki souvan sèvi sou fòm benyè konk fri.

Chèf yo pral rache vyann konk, anwobe l avèk farin e pat ki gen ze ladann epi fri l nan lwil. Pwodwi final la pral kwoustiyan avèk yon enteryè ki tann e sikre.  W ap jwenn benyè konk prèske tout kote nan Karayib la, men yo patikilyèman kouran nan Bahamas.

Pla Nasyonal Jamayik, Ki Se Aki Ak Pwason Sale.

Yon vwayaj nan Jamayik pa ka konplè san w pa goute pla nasyonal la ki se aki ak pwason sale. Aki se yon fwi twopikal ki gen yon po epè ak yon gou nwazèt savoure orijinè Afrik lwès. Li te entwodi sou zile yo nan Karayib la lòske esklav afriken yo te rive sou kèk zile nan Karayib la. Li preferab pou w konfye pla inik sa nan men chèf kwizin eksperimante ak rezidan Karayibeyen yo. Paske lè li prepare san konesans li ka toksik, men lè w byen konnen kòman pou w prepare l, se yon eksperyans kilinè ki pa tankou lòt yo. Pwason sale oubyen mori, se yon aliman bazik nan kwizin Karayibeyen an, jeneralman akonpanye avèk aki e konsome nan peti dejene oubyen dine ! Ou pa p ka twonpe si w ta akonpanye l avèk yon diri ak pwa d Angòl, diri ak pwa d Angòl se yon aliman ki trè repandi nan Karayib la, men li patikilyèman popilè nan Babad, nan Jamayik ak nan Bahamas. Ariko sèk ak diri mijote nan yon bouyon nwa koko avèk kèk asezònman tankou lay, kèk epis, zonyon e pwav dou. Ou ka degiste pla sa tankou yon repa pou tèt li oubyen w akonpanye l avèk yon poulè jèk, kotlèt kochon oubyen fwi lanmè.

Eseye Kèk Varyan Fonndji Toupatou Nan Karayib La.

Fonndji se yon aliman Karayibeyen w ap twouve nan tout rejyon an e ki prepare yon fason ki inik, lè w chwazi depase kote w jwenn chans pou w eseye l la. Li se esansyèlman semoul mayi asezone, ki kwit lantman, avèk gonbo rache, disèl e lòt asezònman tankou lay. Konsidere l tankou yon boul pen ki gen fòm galèt sanblab ak polenta italyen.

Kalalou.

Kalalou jwe yon wòl enpòtan nan istwa  Karayib la. Li te enpòte soti nan Afrik lwès gras pèp esklav yo e li kontinye rete yon pla popilè, notamman nan Jamayik, Ladominik ak Trinidad e Tobago. Se yon ragou legim epè ki genyen jeneralman kèk legim fèy, kèk pwavwon, lèt koko, vyann, kèk fwi lanmè ak gonbo. Sepandan, li prepare avèk divès engredyan selon kote w twouve w la oubyen moun k ap kwit li a. Kalalou sèvi nan moman jounen an, tankou nan ti dejene.

Bannann

Bannann fri se yon aliman Karayibeyen ki estab tout moun ka prepare fasilman lakay yo. Men, asireman, pi bon bannann fri pa ka degiste lòt kote pase sou zile yo nan lanmè Karayib la.

Bannann yo ka twouve yo nan mache yo ak nan episri nan tout mond la. Yo sanble anpil avèk kèk lòt bannann men savè yo trè diferan. Pou prepare yon lo bannann fri nan Karayib la, tann fwi sa mwatye mi oubyen majoritèman jòn avèk yon ti kras koulè vèt ladann. Apre sa chofe lwil nan kaswòl, koupe bannann moso apre moso anviwon yon ka pous epesè epi mete l fri. Apre yon dizèn minit konsa tou depan sou jan lwil la te chofe, moso bannann yo ta dwe byen dore. Ajoute yon ponyen disèl epi pran yon bouche ! Bannann fri yo sikre, delisye e sèvi nan akonpayman oubyen nan kolasyon.

Mofongo.

Si w ap chèche kwizin Karayibeyen ki pi inik lè w vwayaje nan paradi sila, mofongo ta dwe nan tèt lis ou a ! Se yon resèt ki pa tankou lòt yo ! Se li ki pi popilè nan Pòtoriko, se yon savoure melanj teksti ak kèk savè ki sèvi nan akonpayman oubyen nan pla avèk vyann, kèk fwi lanmè oubyen kèk legim. Kote bannann vèt fri yo kraze avèk lay ak kèk kwenn kochon avèk èd yon mòtye e yon pilon an bwa.

FAQ Sou Kwizin Karayibeyen An.

Kwizin Karayibeyen an pasyonan, savoure e plen fwi twopikal, epis ak vyann inik rejyon an e li chaje avèk istwa. Li donk kouran pou kèk moun ka pa konnen l genyen anpil kiryozite sou li. W ap jwenn anba a, kèk pami kesyon ki poze pi souvan sou kwizin Karayibeyen an.

Ki Nouriti Karayibeyen Ki Pi Popilè ?

Kwizin Karayibeyen ki popilè a chita sou anpil opinyon, men sa ki pi demande yo e plis fè tole se fonndji e pèpèpòt ak poulè jèk.

Ki Sa Ki Defini Kwizin Karayibeyen An ?

Kwizin Karayibeyen an enflyanse anpil sou kwizin afriken, otoktòn nan Karayib la, endyen ak ewopeyen, ki pwodwi kèk pla savè vibran, ak engredyan twopikal ak epis inik.

Ki Sa Asezònman Jèk La Ye ?

Asezònman jèk se yon melanj zèb ak epis, tankou pwavwon, piman jamayiken, lay, tim, jenjanb ak plis ankò. Se yon marinad oubyen yon marinad epise imid oubyen sèch pou poulè a ak kèk lòt vyann. 

Ki Engredyan Ki Pi Kouran Nan Kwizin Karayibeyen An ?

Engredyan ki pi kouran nan kwizin Karayibeyen an se lèt kokoye, bannann, yanm, manyòk, patat dous, mang, anana, piman jamayiken, miskad ak klou jiwòf.

Ki Desè Karayibeyen Ki Popilè ?

Akonpayman sale e sikre ak pla prensipal yo nan Karayib la resevwa anpil elòj, men desè yo tou inik e savoure ! Kèk desè ki popilè se gato wonm, gato ranvèse ak anana, tatelèt ak nwa koko, benyè bannann ak poudin patat dous.

Èske Genyen Opsyon Vejetaryen Oubyen Vejetalyen Nan Kwizin Karayibeyen An ?

Wi, pla popilè yo, tankou kèri legim, kalalou, ragou e bannann fri, se ekselan opsyon pou yon rejim vejetaryen oubyen vejetalyen. Anplis, anpil resèt ka fasilman modifye pou adapte avèk rejim sa yo.


SOUS: Bbcgoodfood.com, Celebritycruises.com, Travelbag.co.uk


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou!