Souple tann...

Tout Depans Sou Demenajman W Dwe Konnen.

20 sep

Tout Depans Sou Demenajman W Dwe Konnen. 

Menm si w demenaje plizyè fwa deja, sa ka rive w manke youn oubyen de bagay nan planifikasyon depans yo. Oubyen petèt se premye fwa w ap demenaje e w dwe konnen ak kisa w dwe atann ou ! 

Nenpòt jan sa ye, kontinye li pou w ka eksplore tout depans sou demenajman w dwe planifye. Gen anpil lòt bagay ou dwe konsidere ki depase depans sou demenajman w prevwa fè a, tankou yon akont, yon depo garanti, kèk reparasyon, elt. Anplis, depans final la ap varye selon chak ka, selon kote ou pral demenaje a, distans la ak si w angaje kèk pwofesyonèl ki pou ede w oubyen w pral fè l pou tèt ou. 

Kontinye li pou w dekouvri tout depans ou dwe planifye avan jou demenajman an ! 

Founiti Pou Anbalaj Ak Demenajman. 

Pou kòmanse - ou pran yon longè davans sou anbalaj la, sa ki vle di w bezwen anpil founiti pou anbalaj ! 

Si w chwazi anbale afè w pou kò w, ou dwe fè pwovizyon materyèl pou w rive fè sa. Depans pou demenajman sa yo ki gen yon aprarans minè ka vit adisyone ! Ebyen, prevwa tout sa w ap bezwen, notamman : 

  • Anpil katon diferan gwosè 
  • Plizyè woulo riban anbalaj 
  • Papye "bulle" pou bagay ki frajil yo 
  • Fim plastik pou mèb ak lòt bagay pèsonèl non anbale 
  • Kouvmatla pou yo pa sal 
  • Makè ak etikèt k ap pèmèt debalaj la fèt pi fasil ak pi òganize 
  • Kèk sak ki fèt avèk plastik k ap pèmèt pou w pi byen òganize ak estoke bagay piti, tankou founiti pou douch oubyen kèk ti istansil pou kuizin. 

Anplis, w ap bezwen yon ekipman esansyèl pou ede w deplase afè w yo andedan ak deyò kay la oubyen apatman an. San kèk aparèy pratik, tankou kèk charyo, ou dwe konte sou fòs ou pou w transpòte katon ak mèb yo nan kay aktyèl pou rive nan kamyon demenajman an jis rive nan nouvo kay ou a. Kèlkeswa fòs ou, li pa twò epuizan e li pi asire tou lè w envesti nan materyèl pou demenajman. 

Èd pwofesyonèl. 

Si w prefere sa, w ap toujou gen posibilite pou w rele kèk pwofesyonèl pou deplase afè w yo pou w ka soulaje. Lòske w rele moun vin ede w, ou dwe konsyan sou kèk depans : 

Demenajè ak sèvis konplè - pri total pou anboche yon ekip sèvis konplè pral depann sou sa w posede yo, gwosè mèb yo ak distans demenajman an. Pri mwayen an varye ant 800 pou rive 3000 dola. Sèvis la genyen ladann jeneralman, anbalaj mèb yo, chaje kamyon demenajman an, transpò byen w yo ak dechajman katon yo. 

Orè travay- si sa pa deranje w pou w fè anbalaj fastidye w yo, ou ka ekonomize yon li lajan pandan w ap anboche yon mendèv orè pou ede w nan chajman ak dechajman. 

Materyèl ak sèvis netwayaj. 

Yon depans sou demenajman ki neglije souvan se netwayaj ansyen kay ou a ak aranjman apre dezòd akoz demenajman nan nouvo kay la. Yon lòt fwa ankò w gen de opsyon : ou ka peye kèk pwofesyonèl pou jere sa, k ap pèmèt ou konsantre w sou lòt bagay. 

Ou ka ekonomize lajan epi w netwaye kay la pou kò w. Avèk dènye opsyon sa, mete nan tèt ou dwe fè kèk rezèv nan pwodui netwayaj, tankou netwayan pou vit, dlo javèl, kèk sèvyèt papye, kèk savon, elt. 

Kamyon ak pri transpò a. 

Youn nan depans sou demenajman ki pi wo men ki nesesè, se lokasyon kamyon ak transpò. Si w pa chwazi anboche yon ekip pwofesyonèl sèvis konplè, asire w pa neglije depans pou lokasyon yon kamyon demenajman. Pri a varye selon gwosè kamyon an avèk moun w ap lwe l nan men l lan. Nan règ jeneral la, gen kèk depans fòfetè, depans pou gaz ak kèk depans kilometraj. 

Nan ansanm nan, lokasyon yon kamyon konsidere pa twò chè pase lè w anboche yon antrepriz demenajman konplè. Men tou, sa pa vle di l bon mache. Anplis lajan lokasyon an, ou dwe pwobabman konsidere depans transpò machin ou yo nan lòt kay la. Selon distans la, pri pou gaz la varye. Anplis, si w prevwa yon demenajman long distans, gen anpil lòt depans ankò pou w ajoute : 

  • Pèmi pou machin avèk imatrikilasyon 
  • Depans pou avyon 
  • Sejou nan otèl 
  • Nouriti avèk do 

Asirans. 

Menm si sa pa toujou obligatwa, li jidisye pou souskri yon asirans pou demenajman. Sitou si w gen kèk objè ki gen valè, yon asirans pou demenajman ka kouvri tout domaj ki ka rive sou wout la. Menm si w ka toujou ka kwaze dwèt ou pandan w ap espere mye, asirans la ap pwokire w yon trankilite lespri ak rann pwosesis demenajman ki pa twò estresan. 

Nouriti ak depans divè. 

Demenaje koute chè ! Men sa pa rete la. Depans inatandi se yo pafwa ki deranje bank la paske w pa t planifye yo. Me kèk depans siplemantè ou dwe konsidere avan jou demenajman an ! 

Repa ak kolasyon : Ou pa gen anpil tan pou w prepare manje lakay ou lè w ap demenaje. Anpil fwa, atik kuizin ou yo ak gadmanje yo anbale, yo pa ka debale avan yon ti tan. Asire w panse ak nouriti ak bwason w ap bezwen pandan jou avan yo, pandan ak apre demenajman an. 

Poubwa - si w angaje kèk sèvis netwayaj oubyen demenajman kèlkeswa nati a, li jidisye pou w ajoute yon poubwa nan depans final la. Moun sa yo travay anpil ak kontribye nan rann demenajman w lan pi fasil pase jan l te ka ye san yo. 

Estokaj tanporè :Pwosesis demenajman pa toujou dewoule jan n te swete l la. Pafwa, ou jwenn kèk mèb ak kèk bwat katon ki pa ka rantre nan nouvo kay ou a, nan ka sa w pral bezwen peye yon antite nan estokaj jiskaske w deside kisa w ap fè : 

 

 
SOUS: Forbes.com, Sofi.com, Upstart.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.