Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
19 jen
Mwa Jen ap apwoche ak tout boulin, sa vle di fèt papa prèske rive !
Èske w deja panse sou kèk bagay pou w fè ak papa w ? Èske w pèplèks ? Si papa w tankou anpil lòt papa, li genyen deja anpil kravat, chosèt, zoutiy, ak anpil kat moun ka fè avèk de men yo pou fèt papa ki pase deja yo.
Ki jan w ka rann fèt papa pou ane 2023 a yon fason ki espesyal ?
Fè yon vwayaj sou youn nan zile twopikal yo nan lanmè Karayib la ! Pa gen anyen ki ka "Mèsi papa pou tout sa w fè pou mwen" pi byen pase lè w ofri l yon eskapad byen merite nan paradi sa. Kontinye lèkti a pou w ka eksplore bagay pou w fè avèk papa w pou pwochen wikenn fèt papa yo.
Èske Zile Yo Nan Karayib La Selebre Fèt Papa Yo ?
Absoliman ! Anpil peyi nan mond la selebre fèt papa yo. Tankou anpil lòt ti fèt, yo pa rekonèt li tankou yon jou konje oubyen ferye. Poutan, anpil fanmiy pral genyen pou yo reyini otou kèk nouriti delisye yo fè lakay yo pou montre apresiyasyon yo pou papa yo, gran papa yo ak kèk lòt figi patènèl nan lavi yo. Tankou Etazini, timoun yo souvan ofri papa yo kèk ti kado, tankou kravat ak chosèt, yon kat ki gen kèk ti mo sensè ladann oubyen kèk bagay yo fabrike avèk men yo lekòl oubyen nan gadri. Fèt papa yo tonbe nan dat ki diferan pou kèk peyi. Egzanp, peyi Etazini, ki se peyi orijin fèt papa yo, selebre jounen espesyal sila chak twazyèm Dimanch mwa Jen. Laplipa nan zile yo nan Karayib la onore egalman figi patènèl yo menm jou a, k ap 18 Jen 2023. Sepandan, gen kèk nan yo ki selebre l yon jou ki totalman diferan, tankou sa fèt nan peyi D Ayiti, dènye Dimanch nan mwa Jen.
Kòman Yo Selebre Fèt Papa Yo Nan Karayib La ?
Fanmiy se yon valè enpòtan nan mitan kilti divèsifye a nan rejyon Karayib la. Listwa ak enflyans devlope yon lyen familyal ki fò pou fanmiy karayibeyen yo, menm si zile yo gen kèk diferans nan lòt valè ak tradisyon kiltirèl. Se sa k fè zòn sa rejyon ideyal pou w dekouvri kèk bagay pou w fè avèk papa w pou fèt papa yo ane sa.
Posibilite yo pa gen bout ! Kit ou gen yon papa ki amizan, ki idyo oubyen dekontrakte, w ap jwenn anpil bagay pou w fè ansanm avèk li sou zile twopikal yo nan Karayib la, kèk sansasyon entans, ak avanti nan detant iltim ak kèk eksperyans memorab.
1|Kreye kèk souvni pandan yon vwayaj lapèch nan Karayib la.
Si papa w renmen fè lapèch, ou gen anpil chans paske peyi yo nan Karayib la antoure avèk anpil dlo ki gen ton jwayo, asosye avèk yon lavi marin fasinan !
Se pral yon vwayaj lapèch papa w p ap janm ka bliye. Pa bliye vini avèk aparèy foto w pou w kaptire moman pasyonan yo !
Donk, si w konnen papa ap apresye yon vwayaj inik pou wikenn fèt papa yo, dekouvri kèk nan pi bon andwa yo nan Karayib la :
- Andros, Bahamas.
Atrape gwo "bonefish" nan dlo ki pa twò fon yo nan youn nan andwa pou lapèch mouch, Andros rekoni tou sou non "Bonefish capital of the world".
- Lafòs nan zile Kayiman Jamayik.
Patisipe nan yon avanti lapèch nan mitan gwo lanmè pandan w ap plonje nan yon twou ki mezire 20 000 pye pwofondè nan fon maren an, nan laj "Montego bay". Atrape kèk pwason twopikal, tankou "Wahoo", "Marlin bleu", "Le voilier" ak plis ankò !
2|Lyen sou teren golf.
Youn nan pi bon bagay pou w fè ak papa w pandan peryòd fèt papa yo se kreye kèk lyen sou teren golf yo. Pi bon ankò, fè yon pakou golf sou youn nan zile twopikal yo nan lanmè Karayib la ! Anpil peyi nan rejyon sa a gen teren golf ak kèk kominote ki gen renome mondyal, souvan ki gen konplèks liksye tou. Ki pi bon kado pase sa pou yon papa ki renmen golf ?
Dekouvri destinasyon sa yo, pou w ka chwazi pi bon eksperyans nan kesyon golf pou papa w nan fèt papa yo ane sa.
-Pakou "golf Sandals Emerald bay" nan Bahamas.
-Dan chyen nan repiblik Dominikèn
-Senj vè nan Babad
3| Dekouvri Liks Nan Yon Espa Twopikal.
Espa yo pa sèlman rezève pou manman yo. Papa yo tou, bezwen yon ti swen pèsonèl ak detant !
Menm gason ki pi viril yo merite dòlote pou yo ka restore ak jwenn rafrechisman. Si sa sanble avèk yon bagay papa w oubyen figi patènèl ou ka apresye, rejyon Karayib la se la w dwe ye menm !
Zile chaman sa yo genyen kèk nan pi bon espa nan mond la, pafè pou soulaje moun ki santi yo panike oubyen estrese, soulaje tansyon avèk fatig travay egzijan ak patènalite kotidyen bay.
4| Ofri Tèt Nou Kuizin Karayibeyen Yo.
Èske papa w renmen bouch li ?
Karayib la se pi bon destinasyon pou eseye nouvo pla eksitan ak delisye. Anguila rekoni paske l genyen kèk pla ki plis savoure nan reyon an. Pla inik yo enspire sou divès kilti ki te make listwa zile a, tankou Lespay, Lafrans ak Afrik, ki bay yon rezilta delisye melanj epis ak asezonnman pou pwodui kèk savè tipik pou Anguila. Alò, ajoute kèk pla delisye nan lis bagay pou w fè avèk papa w nan Karayib la, paske youn nan zile yo pa manke sa.
5|Fè Adrenalin Papa W Monte !
Apèl sa se pou tout papa ki akwo pou adrenalin !
Sitou si papa w toujou pase jounen l chita sou yon chèz anndan yon biwo, li ka swaf bèl avanti. Pa gen pi bon kote pou w viv kèk eksperyans palpitan pase nan Karayib la.
Gen anpil bagay pou w fè nan tout rejyon an. Zile twopikal yo ofri w tout sa oubyen yon pati nan bagay sa yo :
-Tiwolyèn
-Randone
-Èspò notik
-Rankont tou pre avèk bèt
-"Rafting" nan dlo vif
-Flannen nan VTT
-Plonje nan resif koralyen
SOUS: Thetravelcurrent.com, Sandals.com, Travel.usnews.com