Souple tann...

Byenvini nan Las Terrenas, Repiblik Dominikèn

05 jiy

Byenvini nan Las Terrenas, Repiblik Dominikèn   

Eske Las Terrenas pa Dominiken, Fransè, Italyen oubyen gen pwòp idantite’l? Las Terrenas, se dominiken ak yon sansasyon melanj toulètwa ansanm ki vibran ak yon kilti ki vivan. E si melanj rèv pafè sa ak kilti rafine, bon manje, bèl plaj ak dlo ble klè, lavi aswè ak anpil lὸt ankὸ, konsidere pou ou kòm yon vakans ideyal, ebyen Las Terrenas ap tann ou.                                                 

Ki sa ki gen nan las Terrenas 

Terrenas se yon seksyon nan Samana, kote ke w’ap tonbe damou e planifye pou’w retounen toutan. Komès ak lapèch se prensipal endistri rejyon an. Ou pa kapab twonpe’w nan  eksperyans bèl pla ak bon manje ou twouve nan Las Terrenas. Las Terrenas grandi avèk nouvo plaj, ba, restoran, ak boutik pa rapò yon kominote pechè ak agrikiltè ki plen ak sajès e ki izole tèt yo. 

Abitan yo se yon melanj pèp tayinὸs, panyὸl, antiyè ak afriken. E se melanj kilti sa yo ki fè  bote akeyan abitan nan Las Terrenas. 

Melanj vibwan kilti     

Nan RD, fanmiy genyen gwo enpὸtans. Se yon plezi pou abitan yo pataje lanmou fanmi ak kilti yo ak vizitè yo. Soti nan romans pou rive nan imou ak ospitalite, abitan yo nan Repiblik Dominikèn fὸme yon gwoup ki renmen amize yo. Preske tout kote ou mete pye’w nan Las Terrenas, w’ap genyen anvi pou w danse batchata oubyen merengue. Depi tanbou frape fò’w leve danse. 

Jwèt nan Las Terrenas                   

Kisa ou reve pou vakans ou ? Kelkeswa avanti a, Las Terrenas ak pèp Dominiken an konnen jan pou li fè’w plezi. Vizite plaj yo, pwofite lavi aswè, gade leve solèy la, fè bèl plonje, obsève balèn yo oubyen sèlman admire bèl kote sa. Me kèk nan sit yo pou w pa manke nan Las Terrenas. 

Plaj yo, tankou Playa Bonita, Playa Cosόn, Playa Las Terrenas ak Playa Las Ballenas, ofwi yon bote ekstrawòdinè, dlo pou benyen ki pa twὸ fon, sab blan, bèl dlo ble, fwi lanmè fre ak plis ankὸ. Pwofite solèy la epi kite’w sedui pa kouche solèy la sou yonn nan bèl plaj sa yo. 

- [ ] Pandan w’ap fè plonje nan Las Ballenas, pi lwen, ou kapab admire mèvèy ki anba lanmè ak ban sèjan majὸ, pwason chirijyen ak koray kolore ki ap viv la. 

Pueblo de los Pescadores se yon vilaj ki genyen pechè ak mache lapèch, woulo siga, mache fwi, mezon kolore, restoran ak yon vi aswè anime. 

Anplis, anpil antrepriz pral mennen moun ki pratike spò danjere  nan ATV, tiwolyèn, kitesurf, surf ak paddle, ak anpil lòt ankὸ. Men tout aktivite sa yo ap fè resὸti goumandiz ki nan nou. Si se pou sa ou pap wont nan Las Terrenas. 

Eksperyans kilinè                       

Pou yon eksperyans bon manje, kòmantè nan GoDominican.com rekòmande seleksyon bon restoran ak bon manje sa yo ak plis ankὸ. 

  • RestoranLuis sur Playa Cosόn pou pla lokal ak fwi lanmè fre, pla nasyonal RD tankou La Bandera, bannann fri ak plis ankὸ. 
  • El Ristorante La Dolce Vitapwopozepla italyen ak yon touch dominiken. 
  • Portositiyebò plaj e se yon lὸt kote pou manje bon fwi lanmè lokal ak yon savè dominiken.     

Ba nan Las Terrenas 

Pou kapab pwan plezi’w nan aswè e jwenn kote ki chaje aktivite tankou dans, yon DJ k’ap jwe bèl mizik ak bon bwason, li pa lòt kote ke nan yon ba Las Terrenas. Bèl dekorasyon, bèl chèz bὸ lanmè a ki rele Pueblo de Los Pescadores ap fè’w rete la jis nan demen maten. Pou danse, bwè yon vè, koute mizik ak byen plis ankὸ, eseye ba nan plaj El mosquito, ba La Bodega ak ba Otra Cosa. 

Las Terrenas ap tann ou 

Kounya ke nou fin ankouraje’w pou w vizite Las Terrenas, ou dwe rezève yon kote pou rete lè ou vin vizite.  Eske moun Las Terenas paka rekòmande’w diferan kote sa yo pou rete? 

Genyen kote tankou Airbnb, Vrbo, boutik ak bè otèl. Sa pral depann de chwa’w. 

Kèlkeswa chwa sejou oubyen jwèt ou fè, ou pral kontan eksperyans ou fè nan Las Terrenas, nan Repiblik Dominikèn. E si ou fè chwa de Las Terrenas pou pwochèn vakans ou, Kayifi kapab ede w nan pwojè imobilye. Lokasyon oubyen acha, ekspè imobilye nou yo la pou akonpanye ou nan prochèn etap lavi w nan Las Terrenas ak nan Repiblik Dominikèn. 

 

CITED: Lonelyplanet.com, godominicanrepublic.com, wikipedia.com 


Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon sou lokasyon vakans yo