Souple tann...

Konsèy itil pou Nouvo Pwopriyetè.

30 mas

Konsèy itil pou Nouvo Pwopriyetè. 

Posede premye kay ou se yon gran etap nan etablisman yon vi de kalite pou ou menm avèk fanmiy ou. Felisitasyon pou acha nouvo kay ou a ! Premye mwa sa yo pral egzaltan ! Sepandan, pral genyen tou anpil enkyetid lè w pral aprann ekilibre tout responsabilite enkonik yo. Anpil nouvo pwopriyetè komèt anpil erè lè yo fenk kòmanse chapit sa nan lavi yo. Pou laplipa, devni yon pwopriyetè konfyan mande kèk ane ap eseye. Men avèk konsèy sa yo, w ap ale an avan ! 

Evite gache tout sa w te redi travay pou li pandan w ap fè pi bon chwa a nan kòmansman avanti kote w gen aksè gen yon kay ki rele chè mèt chè mètrès. Itilize sis konsèy pou debitan sa yo pou w ka yon pi bon pwopriyetè epi evite w kèk pwoblèm pi devan. 

1| Ou dwe yon vwazen ki amikal. 

Nan presedan eksperyans lokasyon w lan, ou te konnen petèt yon vwazen okazyonèl. Sepandan, lokatè gen souvan tandans rete ant yo, sitou lè y ap viv nan kèk apatman. Ou vle yo fè w konfyans ak genyen kèk moun bò kote w ou ka fè konfyans tou antanke nouvo pwopriyetè. Nan sans sa, aprann konnen vwazen w yo ak etabli yon relasyon amikal avèk yo se yon ide ki saj.  

Yon bon vwazen pa vle di w dwe mache nan chak pòt avèk kèk bonbon frèchman byen kwit menm kote w anmenaje nan nouvo kay ou a. Ti bagay yo konte tou. Se montre vwazen w yo ou rèspèkte yo epi pwouve yo w se moun ki merite konfyans yo. Ou ka kòmanse salye yo jantiman avèk yon souri chalere lòske w wè yo oubyen lè y ap detann yo, swa sou galri lakay yo oubyen nan lakou kay yo si kay ou a bay ou aksè pou sa. Yon "Kòman w ye" amikalman ka fè anpil mèvèy ! 

2| Priyorize mentnans ak reparasyon yo. 

Apre pwosesis demenajman epwizan sa, ou rive anfen enstale w nan nouvo kay ou a. Li ka parèt tantan pou w ta menm kote a pèsonalize espas la avèk kèk dekorasyon ekspresif, kèk amelyorasyon modèn ak kèk lòt amelyorasyon. Pou w ka yon nouvo pwopriyetè pwospè, ou dwe toujou fè pwojè reparasyon ak antretyen yo pase avan amelyorasyon estetik yo. 

Kounya se ou menm ki responsab eta kay ou. Pa genyen pwopriyetè oubyen sosyete kredi bay ou ka konte sou yo lè gen kèk pwoblèm ki parèt toudenkou. Donk, avan w plonje nan chanjman pasyonan ou swete yo, fè ekonomi pou sa k pi ijan yo. E si w poko te fè sa, fè enspekte kay la pou tout pwoblèm epi regle yo lè sa posib. 

3| Angaje kèk antreprenè ou ki konpetan. 

Ou deplase sou bon pye a ! Ou konnen enpòtans ki genyen pou w fè reparasyon yo rapidman avèk swiv antretyen woutin yo. Lè yon pwoblèm vini asire w ou jere l san pèdi tan e yon fason ki kòrèk. Nan lòt sans, ou dwe evite pran kèk risk avèk solisyon brikolaj. Apwòch ki di ban m fè l pou kò m nan ka apwopriye lè w gen konfyans ak eksperyans devan pwoblèm ou vle rezoud la. Men li pa toujou konsa. 

Pou anpil nan nouvo pwopriyetè, anboche kèk pwofesyonèl se pi bon chwa a. Lòske w ap chèche yon bon antrepriz nan lokalite a pou ede w, ou dwe egzamine kalite sèvis la parapò ak pri a. Lè yon reparasyon pa fèt byen, ou ka genyen kèk lòt pwoblèm pi devan ki ka koute w plis lajan plis traka. Alò, mande vwazen w yo, li kritik anliy yo epi fè lòt efò pou w asire w antrepriz ou chwazi a merite konfyans ou epi li pwofesyonèl. 

4| Fè ajisteman ak amelyorasyon yo, youn apre lòt. 

Li fò pwobab, pou ekonomi w epwize apre w fin achte premye kay ou. Anplis de sa, kounya w ap jere plis fakti pase sa w te konn jere oparavan. Bidjè a sere ! Alò, pa agrave bagay yo plis nan depanse chak santim ki rete w pou kèk nouvèl amwa, penti miral frèch ak yon kanape ki pi gran.  

Laplipa nan nouvo pwopriyetè yo toujou gen anvi pèsonalize rapidman espas yo a, pou yo plis santi yo lakay yo. Sepandan, pou w evite kèk estrès, ou dwe pote amelyorasyon yo pwogresivman. Tankou, yon fwa w fin akimile ekonomi w epi w alèz ak konfyan avèk nouvo fakti pwopriyetè a, al achte tab pou peti dejene w pa t ap genyen plas pou li nan kay ou te lwe a. Apre sa lè w fin ekonomize plis kòb toujou, chanje vantilatè plafon yo avèk ansyen anpoul yo. Pa bliye w se pwopriyetè kounya. Ou ka gen tout tan pou w mete jan w vle a. 

5| Epanye lajan vin pi enpòtan pase avan. 

Youn nan abitid ki pi benefik pou nouvo pwopriyetè yo ka kiltive se ekonomize lajan. Ou dwe pare pou w jere kèk pwoblèm inatandi e ki koute gwo lajan, tankou klimatizè a ka sispann fonksyone, kèk tiyo ki pete oubyen enfestasyon parazit. Tout pwoblèm potansyèl sa yo gen de bagay ki relye yo : yo dwe rezoud san pèdi tan e yo p ap koute ba pri. Se la li enpòtan pou w fè anpil ekonomi. Avèk anpil lajan w te genyen sere yon kote, w ap ka jere ijans yo avèk mwens traka ak plis konfyans tou. 

6| Chwazi yon bon kote pou sere dokiman w yo. 

Òganizasyon se yon bagay ki esansyèl pou nouvo pwopriyetè yo. Nan sa k konsène tout dokiman asirans yo, dokiman pwopriyete, garanti sou aparèy yo avèk kontra yo, li esansyèl pou w genyen yon kote ki asire ak byen òganize. 

Pou laplipa, yon dosye ka jere sa. Depi papye yo byen ranje, w ap ka jwenn yo byen fasil lè w gen bezwen. Ou pral sezi wè nan ki nivo dokiman sa ap itil ou pandan tout pakou w kòm pwopriyetè. 

 

SOUS: Investopedia.com, Moving.com, Familyhandyman.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.