Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
05 jan
Ki pi bon pase sa, yon tan cho ak twopikal pandan tout ane a, yon lavi abòdab ak yon peyizaj mayifik ki gen bote panoramik nan chak kwen lari. Si sa sanble avèk yon rèv, li petèt tan pou w achte yon pwopriyete nan repiblik dominikèn.
Anfèt, mache imobilye Sendomeng la ap monte. Se moman ideyal pou w envesti nan imobilye epi gade lajan w k ap miltipliye. Kontinye li pou w ka konnen plis sou mache aktyèl la ak sou previzyon mache imobilye Sendomeng lan.
Mache Imobilye Sendomeng Lan Pou Ane 2023 A.
Gen anpil rezon pou w ta achte yon kay nan Sendomeng, kit se pou w viv oubyen pou w envesti. Tou dabò, tan ansoleye ak twopikal tout ane a, sa ki rann pase tam deyò pi agreyab ak favorize yon bon sante mantal.
Estil lavi ou pral dekouvri nan mayifik peyi sa li reflete imaj kèk zile anviwonan nan Karayib la : Aktif men dekontrakte, avèk yon apwòch ensousyan ak yon kilti dinamik ak akeyan. Anplis, dola w la ap etann plis akoz fèb pri lavi a. Epi gen kay pou prèske tout bidjè.
Sa sanble avèk paradi. Men se ki sa ekspè yo panse nan envesti sou mache imobilye Sendomeng la?
Nan tan pase yo, peyi sa te rekonèt kòm destinasyon ekonomik iltim pou achtè k ap chèche yon estil lavi twopikal. Jodi a, fyè mache imobilye Sendomeng la pretann ofri plis pase kèk senp opsyon ekonomik, e demann lan fenk kare ogmante.
Envèstisè yo wè kèk pwomès sou mache imobilye sa k ap grandi sou zile paradizyak sa nan Karayib la gras kèk faktè prensipal tankou :
1|Estabilite Ekonomik Ak Politik.
Yon kwasans ekonomik siyifikatif te rann posib gras estabilite politik ak ekonomik peyi a te konnen depi milye ane 1990 yo. Gras estabilite sa, plis lajan, tan ak enèji te vin konsakre pou touris, envèstisè etranje yo ak kèk lòt sektè ki favorize kwasans ekonomik. Mache imobilye a bò kote li te konnen anpil siksè nan dènye ane sa yo.
2| Ogmantasyon Kèk Envèstisman Etranje.
Parapò ane avan yo, envestiman etranje yo wo nan Sendomeng, sa ki gen yon enpak dirèk sou ekonomi ak ensite plis kèk patikilye, antrepriz ak kèk gouvènman pou yo kontinye envesti nan peyi a.
3|Popilasyon Ak Richès Kwasan.
Youn pami pwodui resan estabilite ekonomik la se kwasans popilasyon nasyonal la ak ogmantasyon richès popilasyon an. Yon popilasyon kwasan antrene yon ogmantasyon nan demann sou kesyon lojman ak valè pwopriyete detanzantan.
FAQ Sou Imobilye A Nan Sendomeng.
W ap twouve anba kèk pami kesyon ki pi kouran moun yo ap poze sou mache imobilye Sendomeng lan pou ane 2023 a. Itilize enfòmasyon sa yo pou w kontinye konprann eta aktyèl mache a epi jwenn repons sou kesyon w te ka anvi poze tou.
Èske Sendomeng Se Yon Bon Kote Moun Ta Ka Envesti Nan Imobilye?
Anpil sous afime, envesti nan imobilye nan Sendomeng se yon saj desizyon. Rapò yo ak previzyon yo montre yon kwasans ekonomik, yon ogmantasyon revni endividyèl ak yon valè imobilye k ap pi wo pi devan. Sa vle di, ansyen repitasyon peyi a antanke chwa envestisman respektye bidjè a li estonpe. Jodi a, genyen kèk opsyon ki soti depi nan kay abòdab lavil pou rive nan vila liksye bò lanmè.
Sa K Fè Imobilye A Bon Mache Konsa Nan Sendomeng?
Nou te konnen oparavan pri lojman yo nan Sendomeng te nètman pi ba parapò avèk lòt peyi ak kèk lòt zile anviwonan nan Karayib la. Sa ka toujou menm jan an nan plizyè rejyon nan peyi a, sepandan ekspè yo gentan avèti nou pri sou imobilye yo pral ogmante pwogresivman toutotan ekonomi an ak klima politik la ap kontinye evolye nan yon direksyon pozitif kote rezidan yo nan repiblik dominikèn ap rantre plis lajan tou.
Ki Pi Bon Kote Pou W Achte Yon Kay Nan Sendomeng?
Kèk rejyon nan repiblik dominikèn pou w achte yon pwopriyete se "Punta cana, Bavaro, Cap cana ak La Romana".
Èske Yon Sitwayen Ameriken Ka Achte Yon Kay Nan Sendomeng?
Wi, pa gen anyen ki anpeche etranje achte yon pwopriyete nan Sendomeng. Anfèt, etranje sa ap byenvini gras enpak pozitif li sou ekonomi nasyonal la.
SOUS: Latinvestor.com, 7thheavenproperties.com, Dreamingdr.com