Souple tann...

Konbyen ou ta dwe faktirre pou lwaye a?

25 jan


Foto: Koutwazi twenty20photos

Fikse bon montan pou yon lwaye ka parèt delika. Ou vle yon pri ki ase wo pou kouvri ipotèk la, fè ase lajan pouf è reparasyon ak  mete yon ti benefis a kote. Men, ou pa vle pri kay la pi wo pase pri ki deja sou mache a, ou pa vle li rete vid jis paske li pi chè pase tout lòt pwopwiyete kin an rejyon  nan. 

The Property's Overall Value


Foto: Koutwazi twenty20photos

Lè w ap eseye determine kantite lajan pou faktire , gen plizyè faktè pou pwan an konsiderasyon. Yon ekselan premye etap se detèmine kisa kay ou a vo sou mache a nan moman an (smartasset.com).

 

Tandiske ou dwe peye pou yon evalyasyon, li tap bon pou angaje yon evalyatè pou di konbyen kay ou a vo, pandan lap baze sou eta kay la, ekipman yo ak kote li ye (smartasset.com).

Règ 1 % an

Règ 1 pousan an di ke ou dwe fikse pri lwaye a, a 1% de vale global pwopwiyete a. Nan sans sa,gen kèk ekspè  ki di ou dwe faktire lokatè ant 0,8 e 1,1 pousan de vale global kay la. Pa, egzanp, pou yon kay ki vo 250 000 $ mèt kay la ka mande ant 2000 e 2500 dola pa mwa (smartasset.com).

Men, si kay ou a vo $100.000 ou mwens, li pi bon pou mande 1 % vale kay la (smartasset.com). Si kay la pi chè (sa ki vle div o plis pase 350 000 $), ou dwe panse fikse pri a pi ba ke sa pousantaj la bay jis pou pri lwaye a pa twò woe pi pou w ka attire plis moun (smartasset.com).

Kompare pri mache imobilye local la

Règ pousantaj la se sèlman yon gid. Sa ki pi enpòtan, w ap chèche konnen konbyen lòt pwopwiyetè ki  gen menm kay avèw faktire nan rejyon an. Gen sit tankou Kayifi pou karayib la ak Zillow pou Etazini ki se trè bon sit pou ba w enfòmasyon sa yo.

Lè w ap gade lòt lokasyon nan rejyon an, pou w konnen si yon pwopwiyete sanble a pa w la, epi si konparezon w ap fè a bon, evalye bagay sa yo: gwosè, kantite chanm pou kouche, kantite sal pou benyen, ane li konstwi, ki dènye fwa li repare, ak anpil lòt komodite (rentprep.com). 

Apwe w fin fè konparezon ak lòt kay nan zòn nan, ou dwe evalye si pri lèw fin kalkile pousataj sigjere a twò wo oubyen twò ba.

Yon lòt konsiderasyon enpòpan se revni mwayen moun k ap viv nan zòn kote pwopwiyete a twouve l la. (mysmartmove.com). To lokasyon dwe sible lokatè potansyèl y oak revni ki sanblab jis pou w ka lwe kay la byen vit epi ogmante chans ou pou ke lokatè yo ka peye lwaye a san reta (mysmartmove.com). 

Demand aktyèl mache a

De plis, sezon an konte anpil! Istorikman, demand pou lwe kay yon jan pi wo soti mwa mas rive mwa dawou, apwe  sa li pwan novanm a fevriye (mysmartmove.com). Gen plizyè rezon ki fè sa, men yonn nan yo se ke anpil fwa paran yo pa vle deranje lekòl timoun yo.

Pandan w mete nan tèt ou zafè sezon an, ou ka pa ka fikse twò wo pri lokasyon an nan mwa kote pa gen anpil demand ke si w te fè li nan mwa mas a dawout.

Depans ou yo


Foto: Koutwazi of DragonImages

Ann espere ke montan lwaye ou pral touche a ap pèmèt ou kouvri prè ipotekè, ansanm ak frè reparasyon, enpo, asirans pwopwiyetè kay la, frè asosiyasyon epi kite plas pou pwofi. Si se pa sa, ou ka anvizaje vann kay la olye pou lwe l. si w paka fè pwofi, sa pa gen sans pou lwe l.

Lè ou pare pou lwe pwopwiyete ou a, ou ka jwenn yon bon ajan imobilye ape dew planifye pou fè aficahj oubyen ou ka jere pwosesis la ou menm.  Ou ka pibliye kay ou gratis sou sit tankou Kayifi si ou nan Karayib oubyen Zillow si w Etazini.

 Sous:

mysmartmove.com
rentprep.com
smartasset.com


Questions? Comments? Contact us.