Souple tann...

KiJan Sezon Fèt La Ka Ede Moun K ap Vann Kay Pou Sezon Fen Lanne

30 nov

Photo: Koutwazi @mockingbirdstudios

Kay pou vann pandan mwa livè yo

Anpil moun konsidere mwa livè yo pi move moman pou vann yon kay lakòz mwayèn pwofi pi ba nan mwa Oktòb-Janvye nan Etazini listwa montre (attomdata.com). Move tan makonnen ak angajman jou ferye afekte kantite moun ki soti nan kay al lachas, ak mwens konpetisyon ka fè pri devant kay yo desann.

Sepandan, se pa menm sitiyasyon sila a ki devlope nan sezon sa nan  Karayib la. Sezon livè a pote tanperati yon ti kras pi fre (an patikilye nan nò Karayib la) byenke tan pi sèk e gen mwens imidite ....... (responsabvacation.com), ki fè ke se tan ki pi bon pou moun  soti . Epitou, sezon fredi se tan ke touris anvayi  Karayib la pou chape poul yo anba sezon fredi  piman bouk peyi ki fè frèt yo.  Benefis pou vandè kay nan Karayib la se ke, sitou kounye a ak yon kantite moun ki toujou ap travay a distans, timoun kap swiv kou a distans lakòz pandemi COVID-19 la , anpil nan touris sa yo nan sezon fredi a ap chache achte yon dezyèm kay.

Si ou chwazi vann kay ou pandan mwa livè yo, ou ka chwazi mete l pou vann ou non pandan sezon fèt la. Vann kay ou pandan sezon fèt la, kèlkeswa kote w ap viv, ka rapòte w anpil kòb. Anpil ajan byen imobilye konsidere jou vakans yo tankou pi bon moman pou lavant kay. Dapre Emil Hartoonian, patnè jesyon nan Ajans lan nan Beverly Hills, CA, "Mwen pèsonèlman te gen pi bon mwa mwen nan byen imobilye pandan sezon fèt la" (realtor.com).

Achtè Jou Ferye

Achtè jou chome yo se bon kalite achtè.

Premye rezon se paske moun sa yo olye yo al achte lòt bagay pou fete Nwèl, ale nan reveyon,  pase tan ak fanmi yo, elatriye yo prefere chèche yon kay,  yo serye sou sa, sa lakòz yo ka achte yon kay byenvit.  (localagentfinder.com). Anpil nan moun sa yo vle chanje kay avan lòt ane a koumanse.  (localagentfinder.com). Epitou pou rezon kigen rapò ak taks, desanm se pi bon moman (zillow.com). Avèk ane a k ap fini an, achtè sa yo trè detèmine pou fini ak dosye achte kay sa.

Dezyèm rezon se paske prim fen lanne vini nan moman fèt ni pil lajan yo bay moun ki nan retrèt yo.

Lajan anplis moun fè kòm benefis nan biznis,  ak lajan yo touche ka fè yo anvi  repare kay yo oubyen chèche yon lòt. Ou menm k ap vann fòk ou ka sezi moman sa,  se pibon an paske lajan antre plis nan men moun yo , sa ki pèmèt ou ka ogmante pri ou vann kay ou epi abouti a lavant rapid .

Opòtinite bon lide maketin pou sezon fèt la

Lè w vann kay ou pandan moman vakans sa pèmèt ou konsantre ou sou enèji, kè cho ak lajwa moun yo genyen lè sezon fen lanne yo. Nan ka sa a, ou menm ki se vandè, ou dwe mete w yon jan pou w apwoche kliyan yo , yon mannyè pou ou ka vann kay la. Pa egzanp,  vakans se sezon fèt ; poukisa ou pa mete ansanm ak moun k ap vann kay pou ou a nou transfòme jounen pou vizit la an yon  jounen fèt ?(brownhouserealty.com)?  

Anplis de ti kalite manje ou ka ofri yo , ou menm ak moun k ap vann kay la pou ou a nou kapab fè bèl aktivite griyen dan pou granmoun ak timoun yo tankou fason nou dekore bonbon yo, atizana.

Nou kapab mete animasyon ak bèl mizik vakans k ap jwe anba anba,  ak sid pòm ki sou dife.  Nou te kapab menm bay moun yo yon ti bagay sikre kòm ti kado pou yo ale kay yo.

Fason ou fè maketin lan kapab sanble ak envitasyon pou yon fèt. Fason ou fè sa, se yon bon mwayen pou mete tout chans bò kote w pou ou kapab vann kay ou a.

Pa gen okenn laperèz pou mete kay ou anvant pandan vakans lan!

Kite kè kontan sezon fèt yo pote aji sou maketin ak lavant kay ou a ! Deja kè moun yo kontan e gen  ki bonjan vle achte kay nan fen lanne , kidonk sezon sa a se pi bon moman pou chèche vann kay . Ou kapab fè moun ki vizite yo kontan pa fason ou dekore kay la byen bèl nan moman fèt yo.

Yon fwa ou pare pou yon vant jou ferye, ou ka lis pwopriyete w la sou Kayifi absoliman gratis!

Sous:

attomdata.com
brownhouserealty.com
localagentfinder.com
realtor.com
responsiblevacation.com
zillow.com


Questions? Comments? Contact us.