Souple tann...

10 Konsèy Pou Evite Anbale Twòp Bagay

22 avr

10 Konsèy  Pou Evite Anbale Twòp Bagay  

Si w konsidere tèt ou kòm yon moun ki renmen pote anpil bagay, ou pa pou kont ou ! 

Sepandan, sa pa retire anyen sou difikilte ki gen nan sa lòske espas oubyen finans ou limite sa w ka pote lè w ap vwayaje. 

Nan blòg itil sa, ou pral dekouvri kèk trik e astis pou evite w tèt chaje nan pwochen vakans ou. Kontinye li pou w aprann devni yon pi bon aranjè, ki pi efikas e plis ankò, pi leje ! 

Ki Sa K Kache Dèyè Anvi Pote Anpil Bagay ? 

Vin yon pafè aranjè trè ra. Abityèlman, moun yo gen tandans souzestime e souzanbale ou sirestime e siranbale. Twouve ekilib ant yo de a souvan mande tan ak eksperyans. Egzanp, si w vwayaje anpil, ou ka genyen yon estrateji oubyen yon sistèm ou te devlope gras esè ak erè. 

Sepandan, pi souvan moun yo gen tandans siranbale. E sa se akoz plizyè verite, tankou fason moun yo antisipe tout posibilite pou yo pi byen prepare anfas yon sitiyasyon. Nou prepare nou sitou pou kèk bagay nou pa abitye avèk yo. E si w ap pran vakans, li pi pwobab otreman kit se yon nouvo andwa. Vwayaje yon kote w poko te janm ale san oken dout eksitan, men sa tou lakoz panik, sitou pandan preparasyon an ak antisipasyon vwayaj la. 

Laplipa moun jwenn rekonfò lè yo pote sa yo vrèman bezwen lè yo prale nan vakans nan yon nouvo andwa. Sepandan, sèlman kèk nan gen liks pou peye kèk bagaj siplemantè sou yon vwayaj oubyen ranpli SUV yo a ra bouch pou yon road trip. Nan anpil ka, nou dwe evite siranbale epi rete estrajik koutkekout. 

10 Konsèy Pou W Pa Twò Anbale Pwochen Vakans Ou. 

Sa pa petèt yon defi, men blòg sa pral ede w dekouvri kòman anbale efikasman ak evite siranbalaj lòske espas oubyen finans ou limite ! W ap jwenn anba a 10 konsèy pou gide w pandan pwosesis anbalaj la. 

1| Bay Tèt Ou Bon Tan Pou W Fè Valiz Ou. 

Pete kouri fè valiz ou pa p ba w tan pou chwazi estratejikman sa w bezwen e sa w ap kite dèyè. Pi bon bagay ou ka fè pou w evite siranbalaj lòske w ap vwayaje, se kòmanse pwosesis anbalaj byen bonè. 

Mete zafè w yo yon kote epi akòde tèt ou tan pou w fè valiz ou. Si w ap prepare w pou yon vwayaj ki long, divize tach la sou plizyè jou pou asire w ou gen espas nesesè pou w reflechi sou sa w ta renmen pote nan pwochen avanti w la. 

2| Konprann destinasyon w lan. 

Yon lòt faktè esansyèl pou w fè valiz ou yon fason ki efikas e leje, se familyarize w avèk kote prale a. Egzanp, li fasil pou w twò chaje valiz ou lè w ap eseye devine meteyo a. Ou ajoute bout pantalon ak chemiz bout manch, apre sa w ajoute kèk vès, answit ou ajoute kèk kostim sizoka w ta frèt. Avan w reyalize w deja twò chaje valiz la avèk bagay initil, kote w pral itilize pwobableman kèk grenn nan yo lè w rive kote w prale a. 

Verifye meteyo a pito, chèche teren an e konnen ki aktivite w pral fè pandan vwayaj la. Nan fason sa, w ap ka prepare bagay ou avèk presizyon epi evite pote plis bagay pase w ap bezwen. 

Konsèy pwofesyonèl : verifye si kote w prale a ofri sèvis blanchisri nan pwoksimite w la. Si w ap ka fè lesis nan mwatye wout pandan vakans ou a, w ap ka ekonomize anpil espas pandan w ap pote sifizamman rad pou mwatye tan an. 

3| Kase l 

Sitou pou vwayaj k ap dire plis pase yon semèn yo, divize pwosesis anbalaj la nan plizyè sesyon ap ede w pi efikas ak ede w evite siranbalaj. Nan premye tan, ranje valiz avèk tout sa w panse w ap bezwen. Nan demen pase an revi bagay ou te chwazi yo epi detèmine sa w ka kite dèyè ak sa k dwe akonpanye w. Answit, kontinye pwosesis ajou a ak soustraksyon an jiskaske w genyen ansanm iltim rad, atik twalèt ak lòt nesesite. 

Retounen nan bagaj ou yo avèk yon lespri tou nèf ap ede w pran pi bon desizyon konsènan sa w ap vrèman bezwen pou vakans ou. 

4| Reziste devan ajoute bagay nan dènye minit yo. 

Si w se yon siranbalè, ou konnen trè byen etap final anbalaj la, kote w ajoute tout bagay yo pou sizoka. Pou evite siranbalaj, ou dwe simonte anvi pou w ajoute ti bagay sa yo. Sa ka sanble pa pran twòp plas nan moman an. Sepandan, apre w fin ajoute kèk ti bagay nan dènye minit, ou pral twouve w nan yon sitiyasyon kote w pa p ka fèmen valiz ou yo. 

5| Prepare yon sak ki pi piti. 

Chwazi yon sak ki pi piti se youn nan mwayen ki pi efikas pou evite siranbalaj pandan yon vwayaj. Si w gen posibilite, opte pou yon piti ansanm bagaj. Espas limite a ap oblije w pran kèk desizyon ki difisil e pote bagay ki pi leje pase si w te chwazi pi gwo valiz ou genyen an. 

6| Itilize kèk pwodwi bote ak ijyèn pou fòma vwayaj. 

Itilizasyon pwodwi pou fòma vwayaj libere yon espas enpòtan nan valiz ou. Pèsonn pa bezwen yon boutèy champou antye pou yon vwayaj k ap dire yon semaine. Achte pito kèk ti boutèy ak kontena pou fòma vwayaj epi mete pwodwi abityèl ou yo ladann. 

Konsèy pwofesyonèl : prepare yon ansanm pou vwayaj - Anpil pwodwi bote ak ijyèn wo gàm pwopoze kèk kontenan fòma vwayaj. Koleksyone yon ansanm vèsyon minyati nan tout sa ki esansyèl pou ou pandan vakans ou epi ranplase atik yo lè yo preske fini. Sa patikilyèman itil si w ap vwayaje souvan. 

7| Inyore eleman divètisman yo. 

Nou ka anvi pote kèk eleman divètisman ak kèk aparèy elektwonik siplemantè nou genyen kòm dabitid, tankou iPad, kèk liv, yon òdinatè pòtab ak kèk chajè siplemantè. Pa bliye w ap vwayaje nan yon zòn ki tou nouvo pou ou, pral gen anpil bagay pou w fè. Pwobableman l ap difisil pou w ta nan telefòn ou vire tounen, ou pa p bezwen tablèt ou, liv ak kèk lòt divètisman enkontounab. 

8| Itilize kèk òganizatè anbalaj 

Òganizatè anbalaj yo ap ede w rete òganize ak limite sa w ap pote selon kategori. Anplis, li ekonomize espas. 

9| Anbale kèk atik polivalan 

Konsèy iltim pou evite siranbalaj se petèt pote kèk objè polivalan. Akseswarize avèk kèk objè ou ka pote plizyè fason diferan. Pote kèk rad dekontrakte ou ka mete avèk yon senp bijou oubyen yon kwafi byenfèt. Pote kèk soulye ou ka mete pou plizyè okazyon diferan, men non youn ki ka koresponn ak preske tout rad ou yo. 

10| Melanje e asòti 

Moun ki metrize anbalaj leje genyen jeneralman yon koleksyon vètman fasil pou melanje e asòti. Li preferab pou w fè l avèk kèk vètman net, tankou chemiz ki gen koulè ini, jeans ini ak kèk kouch eksteryè ki senp. 

Olye w prepare yon teni pou chak jou vakans yo, pran kèk nan atik ou yo ki pi polivalan yo epi twouve plizyè fason diferan w ka mete yo chak fwa. Egzanp, teni w pou lajounen pou yon vakans twopikal kapab yon mayo ben ak yon wòd ete. Aswè, pote menm wòb la avèk soulye talon epi enpe makiyaj siplemantè, epi w deja pare pou yon dine chic oubyen yon sware amizan. 

 

SOUS: Vox.com, Tripsavvy.com, Travelfashiongirl.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.