Souple tann...

Kòman w ka Prepare w pou w Afwonte Nouvèl Ane a Antanke Pwopriyetè.

05 jan

Kòman w ka Prepare w pou w Afwonte Nouvèl Ane a Antanke Pwopriyetè. 

Nouvèl ane a preske rive, sa vle di li lè e li tan pou w fikse lòt objektif, yon lòt fason pou w grandi ak kèk lòt abitid. Antanke pwopriyetè li pwobab pou w genyen anpil ide k ap pase nan tèt ou, pou w pèmèt antrepriz ou a fè plis pwofi pou nouvèl ane a. Li esansyèl pou w fikse objektif ki byen defini epi sou kote w pral pase pou w reyalize yo. Blòg sa eksplike kòman pwopriyetè yo dwe prepare yo pou yo afwonte nouvèl ane a. Kontinye lekti a pou w dekouvri sa w ta dwe konsidere pandan nouvèl ane a ap rantre la. 

1|Pote amelyorasyon nan kontra lokasyon w yo 

Prepare nouvèl ane a pandan w ap pote nouvote nan kontra lokasyon w yo. Menm si w panse dokiman w genyen la yo adekwa, se moman ideyal pou w pase men nan yo epi pote kèk ti amelyorasyon nan yo. Antou, ou vle asire w pou kontra lokasyon w yo genyen eleman nou pral site la yo ladann. 

  • Yon langaj ki fasil pou moun konprann 
  • Akò ak egzijans yo dwe jiridikman valab 
  • Tout kondisyon esansyèl yo kouvri, san bliye sa pwopriyetè ak lokatè a genyen sou responsabilte yo. 
  • Kondisyon yo avèk akò yo dwe mache ak prensip legal ki an vigè yo. 

2| Rete enfὸme pou w konnen lè gen demand pou mentnans nan kay la. 

Toujou rete konekte avèk kliyan w yo, pou w toujou konnen lè yo bezwen w fè antretyen nan kay yo lwe nan men w lan, ranfòse respè ak konfyans ant lokatè a avèk pwopriyetè a epi li pèmèt pwopriyetè a genyen yon bon repitasyon nan kominote a. Anplis tou, li esansyèl pou w reponn byen vit ak demand mentnans yo pou w evite kèk move sitiyasyon ak pwoblèm sou sante lokatè yo tou. Menm si moman an ka pa favorab pou ou, w ap rive remèsye tèt ou pita deske w te evite risk yo sou sante avèk sekirite ki te ka devlope si w pa t kouri reponn byen rapid ak demand yo. 

Pou etabli yon pi gran konfyans avèk lokatè w, bat pou w rezoud pwoblèm mentnans yo siyale w yo nan yon delè ki pa depase 24 è. Kounya li pa toujou posib, men bat pou w rive jere sa omwen, ou dwe diskite avèk lokatè w la andedan 24 è sa e diskite avèk li sou kijan w panse jere sa epi nan konbyen tan tou, ki jou? Ki lè?  

3|Fè yon travay verifikasyon bò kote soutretan w yo ak anplwaye w yo 

Anpil nan pwopriyetè yo pa sèlman genyen lokatè pou yo jere. Ou dwe panse tou ak antreprenè yo ak anplwaye yo. Prepare w pou nouvèl ane a pandan w ap verifye bò kote antreprenè w yo, anplwaye yo ak kèk lòt moun ankò oubyen antrepriz ki pèmèt pwopriyete w egziste. Nouvèl ane a se youn nan pi bon moman pou w resevwa kòmantè nan nan men moun k ap travay ansanm avèk ou yo. Se pi moman tou pou w pase men nan estrateji w yo oubyen nan ensitasyon ki ede antrepriz ou a byen fonksyone epi fè siksè. 

4|Pa neglije youn nan lokatè w genyen aktyèlman 

Akeyi nouvèl ane a pandan w ap konsidere lokatè aktyèl yo. Si w genyen kèk lokatè ki pwoblematik, li saj pou w reflechi pou w konnen kòman w pral rezoud pwoblèm w ap konfwonte a. Eske se pa moman w pou w ta libere w anba men lokatè sa yo? Eske gen kèk aksyon ka poze tou pou w rive amelyore relasyon w avèk yo?

Yon lòt kote, reflechi tou pou w konnen ki sa ki pèmèt kay ou yo lwe fasil konsa tou, reflechi sou sa k te pèmèt ou jwenn lokatè sa yo epi aplike menm prensip la pou lòt lokatè k ap vini yo. Epi tou, si w poko etabli yon anrejistreman regilye pou pwopriyete a, nouvèl ane se moman ideyal pou w fè sa.

Ideyalman, ou ka anvi diskite sou pi bon moman w ka al vizite pwopriyete w k ap fonksyone yo selon anplwa tan w avèk lokatè w la. Gen kèk pwopriyetè ki plis renmen anrejistreman trimestryèl tandiske prefere de fwa pandan ane a oubyen yon sèl fwa pandan ane a. Wòl ou pandan moman anrejistreman sa yo se asire w, yon pati, kay ou byen gade. Sepandan, rann sa evidan pou lokatè w yo ka koz yo panse w ap jije yo epi mete yo anba presyon. Byenke w ta vle vrèman yo jere kay ou yon fason ki apwopriye, men pafwa lavi a pase.

Ou dwe enspekte pwopriyete w la, epi note nivo swen yo lokatè w yo bay kay la. Men li enpòtan tou pou w fè yo konnen, ou renmen lè kè lokatè w yo kontan, lè sante yo anfòm epi yo alèz nan espas la. Abòde "Check-in" sa vle di enspeksyon andedan kay la, nan fason pou w ankouraje lokatè w yo akòde menm respè a nan antretyen pwopriyete w la. 

5|Travay ak plis entelijans, men pa pi di 

Prepare w pou nouvèl ane a pandan w ap evalye pati ki esansyèl yo nan wòl ou kòm pwopriyetè ki ka amelyore, sa ap pèmèt ou gen plis tan, plis enèji ak plis lajan. Konsidere tach ki pi enpòtan yo, tankou demand yo, verifikasyon yo nan antesedan kèk pèman pou lwaye, elatriye. Eske gen yon pi bon mwayen ki egziste pou rasyonalize pwosesis fastidye sa yo? 

Nan mond modèn nan, tèlman genyen anpil sit wèb, aplikasyon ak kèk lòt mwayen diferan ki fasilite anpil tach nesesè. Fè rechèch pou w dekouvri kòman w ka travay avèk plis entelijans men non pi di. 

6|Pran swen bezwen pèsonèl ou yo 

Pou fini, pa bliye pou w pran swen bezwen pèsonèl ou yo antanke moun, pa sèlman tankou pwopriyetè. Anpil rechèch pwouve plizyè fwa, lè nou chwazi jere bezwen inik nou yo, tankou somèy, yon bon alimantasyon epi fè espò, nou vin pi pèfòman nan travay nou. San n pa bliye nou renmen lavi avèk karyè nou plis pase nou ta va neglije tèt nou. Ebyen, selebre finisman yon ane reyisi ak kòmansman yon nouvèl ane pandan w ap pase tan avèk pwòch ou yo, dòmi pi byen epi pwofite festivite ak fèt yo nan zòn ou 

 

SOUS: Theonyxgrouplegal.com, Linkedin.com, Aoausa.com 


Questions? Comments? Contact us.