Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
26 des
Ajan imobilye yo te travay di anpil pou fè rèv kliyan yo tounen yon reyalite. Se vrèman yon travay bay sèvis li ye. Depi pwosesis la fini, ou pral santi li nesesè pou w ta remèsye ajan imobilye w la yon fason ki pa òdinè. Apre tou, san yo menm, etap enpòtan sa nan vi w te ka pa posib.
Nan atik sa nou pral diskite sou pi bon fason ou ka remèsye ajan imobilye w la pou sezon fèt sa yo. Kontinye li atik pou w jwenn enspirasyon sou pi bon fason w ka temwanye ajan imobilye w la apresiyasyon w avèk gratitid ou.
Montre gratitid ou avèk yon nòt remèsiman.
Kèk mo ki soti andedan kè w ka fè anpil diferans. Nan sezon fèt sa yo, remèsye ajan imobilye w la a avèk yon kat byen senp men ki klasik. Se yon pi bon mwayen pou w temwanye apresiyasyon w pou devouman yo, konsèy yo avèk ekspètiz yo pou te ede w achte oubyen vann kay ou a.
Ajan nan tout pwofesyon yo, espesyalman sila yo k ap travay nan depatman ki bay sèvis yo, remen konnen yo te fè yon bon travay. Ajan imobilye yo anpil fwa mete kè avèk nanm yo nan travay y ap fè a. Se sa k fè, kèk mo gratitid ap ede yo rete motive pou yo kontinye bon travay y ap fè a e raple yo premye rezon yo sou teren travay yo.
Kòm nou konnen, se pa tout moun ki konnen fason pou yo temwanye santiman yo. Men kèk modèl k ap ka ede w demare :
- Mèsi pou fason w te devwe nan travay ou pandan dènye mwa sa yo.
- Ou fè kay nou t ap reve a vin yon reyalite.
- Nou pa t ap ka rive reyalize l san èd ou.
- Nou pa t ap ka reve yon pi bon ajan pase w.
- Si w pa t la avèk nou nan pwosesis la, li pa t ap byen pase konsa.
Eske li apwopriye pou w ofri ajan imobilye w la yon kado ?
Anpil nan ajan imobilye yo p ap atann kado nan men kliyan yo. Sa vle di, anpil nan yo konsidere li pa itil e jije bon se yo ki dwe ofri kliyan yo kado. Men sa pa vle di li pa bon pou w ofri ajan imobilye w la yon ti kat oubyen yon ti kado pou w remèsye li.
Lè yon ajan imobilye resevwa kado nan men yon kliyan, li te konsidere tankou yon "travay ki te byen fèt" oubyen yon siy zanmitay. Se toujou apresye e li pa janm egzajere sitou lè kado a senp. Tankou, li ka parèt difisil pou ajan imobilye w la aksepte yon sètifika ki koute twò chè pou yon espa oubyen yon sant vilyajeti liksye. Olye sa, gade epi evite bay ajan imobilye a yon konpansasyon monetè. W ap jwenn nan rès atik la pi bon egzanp kado ki apwopriye pou w montre gratitid ou nan sezon fèt sa yo.
1| Yon bouke flè
Li difisil anpil pou w pa souri epi santi lanmou lè w resevwa yon bèl bouke flè avèk tout frechè sezon an sou yo. Remèsye ajan imobilye w la pandan w ap chwazi yon bèl bouke flè kay fleris ou a oubyen nan episri lokal la.
Flè se yon pi bon mwayen pou w temwanye apresiyasyon w. Ou ka menm fè yo al livre li nan biwo ajan imobilye w la kòm yon dou sipriz. Sou menm nòt sa, yon aranjman komestib se yon bèl ide ankò.
2| Yon senp kat kado.
Ou p ap janm twonpe w avèk yon kat kado. Ofri ajan imobilye w la yon kat kado nan yon restoran oubyen yon kafe nan lokalite a. Anfèt, yon kat kado pou gaz ale menm twò lwen.
Li pi bèl toujou lè w ka pèsonalize li. Reflechi sou kantite konvèsasyon w te genyen avèk ajan imobilye w la pandan dènye mwa sa yo. Eske yo te mansyone manje prefere yo? Eske yo pa konn pase nan yon kafe lokal avan yo kòmanse travay?
3| Sikreri ki fèt lakay ou.
Pran yon ti tan nan tan w pou w prepare yon bagay espesyal pou ajan imobilye w la. Anpil fwa, travay yo avèk ou se yon bagay pèsonèl. Li lojik si w ofri yo yon friyandiz ki fèt lakay ou avèk lanmou e gratitid.
Sezon fèt yo se moman ki ideyal pou w prepare friyandiz byen dou pou w temwanye apresiyasyon w. Tankou, ofri ajan imobilye w la yon tat ki gen pòm ladann ki fenk soti nan fou, bwowniz ak fidj oubyen biskwi avèk sik tou cho.
4|Yon boutèy diven
Yon bon boutèy diven se yon kado ki p ap janm pase mòd, se yon bagay atansyone e klasik. Gen yon senp bagay pou w konnen konsènan yon boutèy diven, ki di konsa :"Pase yon ti tan avèk tèt ou epi detann ou".
5|Kèk atik pèsonalize
Si ou menm avèk ajan imobilye w la nou vrèman antann nou trè byen, petèt yon bagay ki parèt plis pèsonèl ka yon kado apwopriye. Fè Kòmand yon goblè oubyen yon tas vwayaj pou ajan imobilye w la, pandan w ap ekri kèk ti mo dou sou li tankou :
Mèsi pou tout bagay !
Lanmou,
Fanmiy Baker.
Oubyen w ka ankadre yon foto ak fanmiy ou ki kanpe devan nouvo kay ajan imobilye a te ede nou achte a. Nan fason, y ap ka akwoche nan biwo yo e y ap toujou sonje fason yo travay di avèk kantite fanmiy yo touche deja.
6| Fè maketin pou ajan imobilye w la.
Youn nan mwayen ki pi senp youn nan pi bon mwayen pou remèsye ajan imobilye w la, se lè w kite yon kritik elojye pou li epi w refere yon zanmi w li. Pou kèk moun, ti aksyon sa ka sanble pa sifi. Men pou yon ajan imobilye ki devwe e pasyone, yon egzamen ki detaye e ki sensè oubyen yon zanmi kòm referans se youn nan konpliman ki pi enpòtan e pi jenere yon ajan imobilye te ka resevwa nan men yon ansyen kliyan.
Sitou, pran plezi pou w di Mèsi ane sa
SOUS: Blog.embracehomeloans.com, Titlemortgage.com, Realestatebees.com