Souple tann...

Se destinasyon touristik ki pi bien note nan Jamayik .

20 fev

Se destinasyon  touristik ki pi bien note nan Jamayik. 

Vizite destinasyon  touristik pasyone nan Jamayik an komansan pa Montego Bay.  

Si wap chèche plezi, ambyans ak anpil koulè afriken, bon son mizik rege  , bel plaj, dlo ble , bèl montay, tout yon sel kote ? Pa cheche pi lwen.  Resif koralyen yo, larivyè , forè tropikal , ak avanti istorik  nan Jamayik pap pa eksite  e fè nou kontan sitou voyagè ki pi chelbè yo. Li gen pou tout kalite moun.  

Vin egzamine destinasyon  touristik  nan Jamayik az yon rega sou bèl Montego Bay  

Montego Bay 

Montego Bay se yon destinasyon touristik  anime pou al pran vakans memorab. Se yonn nan vil de viliajiati ki pi popilè nan Jamayik  pou yon rezon. Yon destinasyon plaj popilè nan Montego Bay Se Doctor's Cave Beach. Li repandi pa yon medsen osteopatik nan 1920 pou paskel te gen dlo ki bay gerizon, moun tout kote vin benyen nan dlo vyèj sa. 

 Souvan yo rele l "Mobay" rejyon sa se yon veritab zὸn cho pou touris . Ak anpil èstasyon balneyè , restoran , ba ak piblisite ,bèl plaj mayifik , ak anpil lὸt bagay ankὸ, genyen anpil rezon pou renmen pran vakans Montego Bay 

Aktivite  nan Montego Bay  

 Si vakans aktiv se mὸd vakans ou prefere , ebyen se kote pou ale . 

Men kèk lis avanti jamayiken pou ou fe Montego Bay 

* Navige sou larivyè Martha Brae sou rado an banbou ki fèt ak men  

*Al gade nan kavèn mèvey geografik yo . 

*Eske wap chèche defi? Ebyen pentbal se pou ou a fanmiy  ou  

*aktivite notik yo ilimite nan Jamayik , kidonk asire nou ke nou wè yo 

* Jwe 18 tou nan Cinamon Hill Golf Club  

* Pwofite eksperyans kiltirèl ke Bunker's Hill ofri 

*Kenbe tout fanmiy lan an aktivite nan pak AQUA Sol . 

* Fè yon ti kanpe nan Rose Hall , plantasyon ante , pou vizite lannuit  

*Monte sou Hip strip la e rejwenn fèt la 

* E pa bliye plaj dlo klè Imakilie ak Sab blan ki ap briye. 

Pa fè kè w sote, tèlman gen lòt aktivite nan Montego Bay . Sa yo se jis kèk echantiyon  rezon ki fë vizitè yo tonbe damoun de sejou yo. Ou panse ke w ta dwe rete pou kèk nwit ankò  nan Montego Bay ? Kontinye li . 

Sejou nan Montego Bay 

Genyen kay bo lanmè a, ak tout komplèks, vilaj  apatman ak otèl boutik sou tout kot la ni nan vil la . 

Li vrèman genyen kote pou nenpòt moun fè vakans isit la. Vakansye yo ka rete sou kot la oubyen  nan sant vil la.  

Anplis de sa rete nan Montego Bay se kote santral pou vizite tout lòt destinasyon ki genyen na jamayik. Anba a la, genyen yon ti apèsi de tout bèl kote nou ka vizite, padan nou rete nan Montego Bay. 

 

Senk lòt destinasyon touristik pou vizite 

Pò Antonio ak rejyon Blue Mountain 

Twa rejyon Blue Mountain nan Jamayik jwenn yo nan pò Antonio, yo klase pi wo pase tout lòt bagay. Randone ak gid touristik ou, w ap vizite tout anndan zòn nan, bèl peyizay, kaskad, gwo fèm kafe ak zwazo,  

Kingston 

Jwenn yon bèl akèy ak anpil chalè nan Kingston, bèso mizik rege. Vizite ansyen kay Bob Marley nan kapital Jamayik, ansanm ak mize ak sit istorik nan vil la. Se pi bon kote pou eksperyans kiltirèl rege, lavi lannwit, sa toujou fè vizitè yo vle plis. 

Negril 

La, w ap twouve plaj ak 7 kilomèt longè ak dlo klè, sa se moman kew bon jan gen bezwen. Ak falèz nan tout bò li, pye kokoye. Genyen acktivite pou tout moun ki vle. 

Ocho Rios 

Zòn sa se pwensipal pò pou konpayi kwazyè yo fè èskal nan zile a. à Ocho Rios gen selèb Dunn’s river Falls, kote gid yo ap mennenw fè èskalad, ou ka rafwechi w nan dlo yo. Epi ba bliye fè ti kanpe nan fèt nan plaj Margaritaville Jimmy Buffet. 

Kot sid la 

Kot sid la, oubyen rejyon Sen Elizabèt divèsifye anpil, li benefisye de tout bagay, plaj, montay, chit dlo ak forè twopikal. Vizite Appleton Rum tours, Treasure Beach, Y.S. Falls, e plis ankò. 

Sous: VisitJamaica.com and planetware.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.