Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
03 mas
Vizitè k’ap cheche yon save ak gou otantiktal nan Jamayik pa chèche pi lwen ke Kingston kòm kapital la ak pi gwo vil nan Jamayik,e se kote ou pral jwenn eksperyans ki pi otantik ke Jamayik gen poul ofri. Vakansye yo ale nan mize Bob Marley,Emancipation Park ak National Gallery of Jamaïca ,pami anpil lòt atraksyon Kingston ak Zòn vwazinaj la
Ak yon klima twopikal,vil sa a ki sitiye ant kot lès Jamayik ak Blue Mountains. Se yon vakansye plen ak istwa rich nan kilti,sepandan li pa te toujou konsa. An reyalite sa ou wè jodi a te fèt nan yon dezas paske pèp Jamayiken an te sibi yon tranbleman tè ak yon dife devastatè ak yon lòt tranbleman tè.Men apre moman sa yo ,nan lane 1960 yo inisye nan kilti ReGe ak nouvo Kwasans. Vizitè Nan vil panyòl ka jwenn yon apèsi konplè de istwa nan rejyon sa a.
Ke nou renmen deyò yo epi pou yo jwenn ansanm ak lanati aswa lavi ki gen nan yonn nan kapital Wonm mond lan,gen anpil bagay pou renmen nan Kingston,nan Jamayik .
Mize Bob Marley : Pa gen vwayaj konplè nan Kingstonsan yo pa kanpe nan bèso mizik rege a ak lejandè Bob Marley,,,kote vizitè yo ka aprann tout bagay sou komansman mizisyen sa a jiska renome mondyal li nan rege a.
Ann fè yon pwomnad nan blue Mountains : Nò Kingston se yon bèl kote pouw ka elwanye chalè a epi jwi lanate.
Strawberry Hill: Otèl sa ak byen imobilye l sitiye nan blue mountains e li antoure pa yon pati nan istwa a ki gen rasin li trè fon nan Jamaïque.Kote sa kliyan yo jwi yon toune nan kay tipik kolonyal jamayiken.Akomodasyon abondan e menm pase tan nan SPA si ou swete sa.
Port Royal Tours: Moun k’ap avantire ak moun kirye yo pral vle vizite vil ki gen plis mechanste nan mond lan :Port Royal Kèk pirat popilè tankou Kapitèn Henry Morgan ,Blackbeard ak Calico JackTout ap chèche refij nan lalwa ak ravitay bato yo nan Port Royal.
Gen anpil espesyalite nan Jamayik ki vrèman natif natal nan kilti karayib la. Ann kὸmanse ak sa yo ki pi popilè yo,selon rechèch ki fèt
San konte bwason ak fwui ak wonm ak dèsè dekadans,zile yo gen yon kilti melanje nan manje ki vin ba yo pwὸp stil yo ak gou yo. Konsèy nou an...goute tikal nan chak .E w’ap remèsye nou.
Lavi nan Jamaïque se yon kilti divès e radikal. Ak touris la ak lavi fèt, yon vizit ap baw gou ou bezwen pou vrèman konnen Jamayik. Se yon kote ideyal pou kὸmanse vwayaj pou dekouvri Jamayik ak zile ki nan karayib la. Vin goute zile mayifik ak istwa kapital,Kingston nan Jamayik.
**Tanpri sonje pou sekirite ke li pa rekòmande pou mache nan fè nwa...
Sous: Oyster.com Tripadvisor.com tasteatlas.com