Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
15 jiy
Foto: koutwazi twenty20photos
Yo konnen Negri pou atmosfè dekontrakte ak topografi epoustouflan li. Dapre Kylie Morrow, jounalis nan Karayib la, "Yon vizit nan Jamayik pa konplè san w pa pase tan nan Negril, yon vil ke anpil moun renmen pou plaj mayifik ak atmosfè familyal li" (beaches.com). Anplis pwofite de plaj sentiyan ak anbyans detandi, genyen anpil aktivite amizant ki egziste pou rann vakans ou memorab.
Safari tou teren an 4X4
Yon safari tou teren se pi bon mwayen pou dekouvri la Jamayik tout bon ak pou wè kijan abitan yo viv (beaches.com, viator.com). kondwi yon veyikil tou teren ap baw aksè a rejyon kawote peyi a kote veyikil touristik yo pa t ap ka rive: montay, chan agrikὸl, rivyè, pisin, mineral natirèl, kaskad, moniman lokal elatriye (viator.com, plages.com). Akonpanye de yon gid w ap dekouvri istwa ak kilti ak tout anndan zile a pandan w ap admire bote tè a ki san parèy (beaches.com). Ou ka goute tou kann, mang fre ak lὸt aliman peyi a, ansanm ak bwason nan yon ba lokal.
Sweet Spice (epis dous)
Sitiye nan West End, tou pre White Hall Road, Sweet Spice se yon restoran jamayiken otantik ke yo renmen pou anbyans chalere ak kizin lokal li ki bon anpil (beaches.com). li enstale nan yon strikti an bwa reye bonbon, restoran pwopoze yon varyete pla tankou, ackee ak pwason sale, ke bèf, vyann o curry ansanm ak ji fwi ak legim (beaches.com). apre li fin resevwa bonjan kritik ki fè lwanj pou li ak yon baz kliyan fidèl, anpil moun di Sweet Spice ofri pi bon nouriti nan Negril.
Jungle Night Club
Eli "Meyè klèb de nwi nan Karayib la ‘’ Jungle Night Club se evazyon pafè pou granmoun k ap chèche divètisman (beaches.com). Sitiye o laj Norman Manley Blvd, fèt la kὸmanse a 22 zè. Chak jedi ak samdi e jiska 4 è00 di maten. Ak 7 ba e 4 DJ k ap jwe tout kalite mizik, tankou hip hop, rege, top 40 mizik dancehall, enpresyonan klèb de (2) etaj sa pwopoze yon salon VIP, yon kwen salon, teras ak ba spὸtif (beaches.com). Anplis, Jerk Hut ki anndan klèb la sèvi yon delisyez kizin lokal e entènasyonal.
Sous mineral Blue Hole
A sèlman si (6) maylz (km) o sidès Negril, Blue Hole Mineral Spring twouve l a 24 pye anba yon kouvèti kavènez nan Jamayik e li rekouvri nèt ak kalkè kastik (facebook.com/BlueHoleMineralSpringJamaica). Dlo vèt emewod/ble gen yon pwofondè de 35 pye.
Sila yo ki renmen plis avanti ka sote oubyen plonje nan pisin rafrechisant. Gen yon nechèl ki disponib tou pou sila yo ki prefere desann nan dlo. Minewo yo prezan natirèlman nan kalkè a (yo konnen l pou valè terapetik li) aji tankou yon filtr souteren pou fè dlo remonte toutan, pandan yo kite dèyè yon ben minewo liksye pou plezi kliyan yo » (facebook.com/BlueHoleMineralSpringJamaica).
Non sèlman dlo a fre e rafrechisan, men labou blanch tankou ajil ki antoure Blue Hole ka fwote sou po tankou yon gomaj natirèl terapetik, ki fè po a dous e swa (facebook.com/BlueHoleMineralSpringJamaica).
Blue Hole genyen tou yon otèl nan stil boutik ki ofri yon sèvis kliyan eksepsyonèl pou sila yo ki swete pase yon nwit.
Jaden flè e kolibri nan Barney
Pwofite okazyon an pou obsève de prè kolibri inik e ra nan Jamayik (tripadvisor.com). Jaden flè ak kolibri nan Barney genyen yon jaden ak kay twopikal prive ak anpil plant e flè egzotik, yon abita natirèl san filè ni kaj (tripadvisor.com). Pou gade pi pre, ou ka kenbe yon boutèy dlo sikre pou nouri zwazo yo. ou ka menm gen chans wè zwaz nasyonal jamayiken an, Doctor Bird, yo konnen l tou sou nom Kolibri ak lake irondèl (beaches.com).
Rezime
Negril ofri anpil opὸtinite pou familyarize ak kilti jamayikèn e peyizaj mayifik li a. atmosfè detandi zile a ak bote epoustouflan l ofri yon repi ki pa gen parèy.
Sous:
beaches.com
facebook.com/BlueHoleMineralSpringJamaica
tripadvisor.com
viator.com