Souple tann...

Santo Domengo, Repiblik Dominikèn

17 jen

 

SantDomengoRepiblik Dominikèn 

Kapital Repiblik Dominikèn pa lòt re Sendomeng. Se metwopòl modèn ki pi enpòtan nan KArayib la. Pou dekouvri kilti dominikèn nan, ou dwe vizite Sendomeng. Admire achitekti, istwa, la,lavi lanuit ak anpil lòt bagay nan Sendomeng.

Istwa Sendomeng 

Avan Kristòf Kolon de debake nan lane 1492, sete pèp Taino ki te rete la. Vil kolonyal la anrejistre tankou premye koloni ewopeyèn nan Amerik la. Panyòl yo te kreye l nan lane 1496 e yo depi lè sa yo rete la. Yo te bay li a lafrans an 1795 an 1809 panyòl yo te repran l ankò, Ayiti te okipe Repiblik Dominikèn tou men depi apre lè sa li vin yon nasyon lib nan lane 1844. Yo te konnen  anpil ane boulvès apre sa. 

Jodia ankò vizitè yo ka wè tras vizib anpil ane nan ruin  yo ak bèl achitekti mwayenaj. Nan lane 1990 yo te deklare zòn kolonyal la patrimwàn mondyal UNESCO 

Kilti Sendomeng  

Kilti Sendomeng lan se yon melanj tradisyon ewopeyèn, afrikèn ak tayinòs. Espanyòl se lang pèp la pale ki gen yon ti aksan lang arawak. Isit nan Sendomeng, A sèn se yon pati nan kilti a. si w enterese, genyen yon òkès, yon konpayi opera, yon konpayi balè, yon teyat nasyonal e menm yon konpayi fòlklò. E la Plaza se sant tout aktivite. 

Anplis, si w renmen mizik, stil merenge a evidan ak tanbou afriken yo, pyano ak kuiv, elatriye. Nan moman fèstival, ou ka tande mizik la nan defile nan lari e nan klèb kote moun danse.  

Kizin 

Moun ki renmen bon manje yo renmen Sendomeng. Enfliyans pèo panyòl, tayino ak afriken reflete nan pla ke y ap sèvi yo. Laplipa pla yo chita anpil sou vyann,diri ak ji fui byen fre. Akonpanye de salad, bannann ak sofrito, w ap gen yon pla ke Sendomeng apwouve. Pla nasyonal RD se La Bandera, yon pla ariko wouj, vyann ak diri. 

Bagay ou ka fè 

Ak batiman istorik ki san parèy tankou legliz, chato, palè ak monastè yo elatriye, moun ki renmen achitekti yo ap Santi yo nan po yo. Epi lè w ap vizite lavil Sendomeng, ou ka pwofite de divès aktivite e sit inik ki genyen nan rejyon an. Me kèk sijesyon pou kὸmanse rechèch ou yo. 

Moniman ou dwe wè – Lokalize fa Columbus, la Plaza de la Bandera (plas drapo), El Obelisco, elatriye. 

Ar – Anplis de sa yo ki anwo a, vizitè yo ka soutni atis lokal yo oubyen asiste yon spektak nan Coco Bongo Night Club. 

Yon kanpe akeolojik- Rejwenn yonn nan vizit lokal yo pou wè fantastik strikti istorik de kapital ki pi ansyen nan Amerik la. E asire w ke w mete pye w kote Christophe Colomb te konn mache. 

Nati ak fn – Al obsève balèn yo, monte bato epi al lapèch nan laj kot Sendomeng yo. vizite kaskad yo, fè randone nan gwt oubyen fè pwomnad nan vwati pou pase yon bὸn jounen nan plaj. Asire w ke w ajoute pak nasyonal twa je yo nan lis sit nan Sen Domeng. 

Achte e plis ankὸ - Ak plis pase dis blὸk, se yonn nan kote pou w achte ki pi cho. La Calle El Conde chaje kafe, restoran, moun ki ap vann vyann montre ke yo obsede. 

Lari sendomeng anime epi chaje ak istwa, mizik, dans ak bon manje. Genyen menm yon« Chinatown » la. Lè w swete elwanye w de plaj yo, pwofite de yon jounnen divètisman nan Sendomeng. 

Planifye vizit ou 

Si w ap chèche yon konplèks kote w ap jwenn tout bagay, Boca chica ka egzakteman sa w ap  chèche. Vwayajè eksperimante a ap rekὸmande yon sejou nan El Malecon oubyen nan ansyen katye a. w ap twouve bèl otèl nan zὸn kolonyal la. Genyen lὸt lye de sejou tankou El Embajador ak l'Embassy Suites. 

An istwa, vi noktin ak nati, genyen pou tout gou nan Sendomeng. 

 

Sous: Wikipedia.com, godominicanrepublic.com, thenomadvisor.com 


Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon sou lokasyon vakans yo