Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
03 des
Lè ou deside vann kay ou a, ou pre pou fè sa, pa vre ? Ou rekipere founiti demanajman, kontakte ajan imobilye, ranje foto epi pwepare kè ou ak lespwi wpou demenajman. E menm si ou panse ou fè tout bagay pou rann kay èspektakilè, sa ka rive gen ti pwoblèm pou regle ki ka sabote vant kay la.
Lè w rive nan dènye detay pou netwayaj ak pwparasyon kay la pou vann, ti bagay sa yo ka pa sanble enpòtan pou wou. Men, ti bagay ou neglije ka vle di kay la pat byen okipe, menm si se trè lwen de laverite, Alòs, me yon lis sèt bagay pou pa manke si ou swete vann kay ou a.
Menm si bagay sa yo ke nou mansyone isit la pa finalize vant la, yo ka fini pa yon bon monnen dechanj. Ou sitou pa vle bay achtè a chans pou desann pri kay la. Pi bon pratik la se asire w ke sèt travay sa yo fini avan ou mete kay la sou mache a.
Tach dlo nan plafon: Te genyen yon kote ki koule nan tiyo kondasasyon ki nan grenye a. ou te repare l e ou menm gen papye pou wouve sa. Men, ou pa janm gen okazyon pentire tach dlo ki nan plafon an. Gwo pwoblèm sa ka fè achtè yo panse ke pwoblèm lan retounen oubyen li pat byen ranje. Repentire l, pa dwe gen mank nan sa.
Planche mou oubyen krakan: Si ou konnen ou gen yon zòn mòl oubyen grensan nan revòl oubyen grensan nan revètman kay la. Li pweferab pou fè verifye li anvan lè enspeksyon an. Answit, w ap konnen ki sa ki pwoblèm nan, repare oubyen deklare l nan reparasyon ki nesesè pou fèt nan kay la, vant la nap fèt nan eta kay la ye .
Anpoul kip a limen: menm l♪ sa ka parèt ridikil, anpoul kip a limen se yon gwo pwoblèm. Si limyè a pa limen, enspektè a pap konnen si se yon pwoblèm elektrik oubyen yon anpoul ki pa bon, sa k ap kite kesyon sa ouvè nan rapò a. Evite pwoblèm sa yo nan asire w ke tout anpoul nan kay la fonksyone.
Batri fini: menm jan, batri ki fini detektè lafimen yo se yon pwoblèm. Si enspektè a pa ka verifye l, l ap sijere pou yon elektrisyen fè yon gade, sa k ap afekte benefis ou ak retade vant lan.
Plak pou rekouvri ki manke : Senp men evidan, kouvèti plak yo se yon lòt pwoblèm ke moun yo ap souliye. Sa ap mete bonjan dout nan tèt lespri achtè potansyèl la. Li trè bon pou ranplase kouvèti sa yo, alòs kouri ale nan kenkayri epi fè ranplase kouvèti sa yo.
Moso fenèt ki manke: lè w ap viv nan yon kay depi yon bon bout tan, gen bagay ou mete a kote. Lè chen an kouri nan fenèt la pou li wè kisa chat la ap traka lakay la, li rache yon moso tou long nan rido fenèt la. Sa pa anyen, pa vre ? Fo. Fè ranplase li lè w ap vann kay la. Se yon gwan pati nan santiman jeneral ke kay la bay lè achtè yo an pwonmennen.
Manch pòt ak kochèt fenèt k ap tranblet: se yon bagay ki pi anniyan pou rezoud, men se yon lòt bagay ki anniyan pou achtè yo tou. Pa kite twòp ti koreksyon monte epi avèti achtè yo ak yon drapo rouj.
Lòt bagay ki ka ajoute pou fini se odè etranj ak pò ki vewouye. Pa kite anyen pou moun doute epi achtè yo ap santi yo pi alèz pou deside achte kay la. Pa bliye ke ou te renmen kay la anpil e lòt fanmiy lan vle renmen l tou. Fasilite yo pwosesis la e sa ap yon etap ki pi fasil pou wou tou.
Ou bezwen pil konsèy ? kontakte senpatik anjan imobilye Kayifi yo pou jwenn anpil konsèy ak mannyè pou vann kay ou a.