Souple tann...

Tobago Cays : Yon ti Paradi

06 des

Photo: Koutwazi twenty20photos 

Tobago Cays : Yon ti Paradi 

Imajine pi anblematik plaj paradizyak la : plaj de rèv san foul moun ; sab blan eblouyisan ; resif koralyen eklatan ; dlo marin briyan. Ebyen ou fenk sot imajine Tobago Cays nan Sen Vensan ak Grenad. Yo rekonèt depi lontan lejandè Tobago cays pami plesansye ak maren ki pi espektakilè nan krayib la gras a  Ilo ak resif sovaj li yo ki pa abite (dreamyachtcharter.com). Se Karayib tan lontan kote yo evoke yon bote ki san parèy, trezò kache ak lejand selèb. Plizyè sèn memorab Pirat dè Karayib te toune la. (travelsauro.com)! Moun ki renmen kwazyè yo toujou mansyone Tobago Cays kòm pi bon eksperyans yo (dreamyachtcharter.com). Selon yon vwayajè, "Pa gen anpil kote sou planèt la ki ka rivalize ak destinasyon Karayib sa ki gen yon bote natirèl enpresyonant. Tankou w ta di se yon achitèk diven ki  te fè sondaj sou pi pwofon dezi twopikal nou pou mete yo nan yon chedèv tikwaz, ble maren, woz ak emerod (afar.com). "Majik, anchantè. Tobago Cays gen tout sa yo e plis ankò." (uncommoncaribbean.com). 

Yo konnen l tankou « jwayo de la kouwòn » nan sid Grenadin, Tobago Cays genyen 5 zile kipa abite ki antoure ak lagon klè. Isit la, w ap jwenn sit nidifikasyon zòn alimantasyon ak tòti lanmè, ti systèm mangwòv  ak konplèks resif koralyen ki pi devlope nan Sen Vensan" (afar.com). W ap pwofite tou de meyè plaj pou benyen, bwonze ak plonje an apne nan Karayib la (tripadvisor.com). 

Senk Cays ki konpoze Tobago Cays se : Peti Ramo, Peti Bato, Baradal, Peti Tabal ak Jamesby, yo tout fè pati de pak maren Tobago Cays. Se gouvènman Sen Vensan ki posede e jere pak maren an ki genyen yon imans lagon ak 1 400 ekta sab kristal ki pa twò fon. Li genyen 5 Cays, zile Mayreau kote moun abite ak 4 km  Horseshoe Reef. 

Selon US News & World Report, vizite Tobago Cays se nimewo yonn nan lis meyè bagay pou fè nan Sen Vensan e Grenadin". (voyage.usnews.com). Prensipal itilizatè zòn nan se bato kwazyè, yachts, charter nan jounen an (depi otèl ki tou pre yo), plonjè otonòm yo, plonjè an apne ak amatè lapèch yo (en.wikipedia.org). Amoure lanati ak spò notik ap jwenn plas yo pou bote paradizyak ak eksperyans lejandè Tobago Cays (dreamyachtcharter.com). 

Plonje sou maren 

Sit ki pi popilè pou plonje sou maren yo se Mayreau Gardens, Horseshoe Reef ak World's End Reef (en.wikipedia.org). Plonjè yo ap jwenn opsyon enkwayab pou tout nivo konpetans yo. Zòn lagonan fè cheval pwopoze plonje kip a twò pwofon e pi fasil pou pou koray sen yo (dreamyachtcharter.com).  Li fasil tou pou n wè Reken nouris ak rè èg nan rejyon an.(dreamyachtcharter.com). 

World's End Reef ofri anpil rè ki antre nan sab la jiska 70 pye, genyen tou rè èg ki an fòmasyon (dreamyachtcharter.com). 

Sail Rock ideyal pou plonjè avanse yo (dreamyachtcharter.com). Eksperyans plonje inik sa genyen koray kolore, gwòt, rè pastenag ak yon ansyen kanon patinen (dreamyachtcharter.com). 

 Plonje an apne  

Plonje an apne popilè tou nan Horseshoe Reef, kote w ka naje ak tòti de mè, rè pastenag e pwason kolore. Koray enpresyonan ki nan Lagon ki pa twò fon ap enpresyone w tou . 

Randone 

Randone a travè peyizaj vyèj la popilè tou. Vejetasyon an genyen sèlman vejetasyon plaj la ( ak kokotye yo tou) ak forè sèch (en.wikipedia.org). Nan wout, w ap twouve pwobableman tòti bwat k ap trennen sou sòl la ; gwo igwàn long bwonze ap pawoze sou pyebwa yo ; e zwazo lanmè ap chante nan nich yo nan woche oubyen depi nan lèzè  pandan y ap vole byen wo nan syèl la (afar.com). Catholic Rock Bird Sanctuary se yon zòn pwoteje pou zwazo de mè fè nich ak koloni de repo (dreamyachtcharter.com). ofi e a mezi , ou ka monte kolin nan pou gen yon vi panoramik ki prèt pou koupe souf ou sou Grenadin (travelsauro.com). 

Piknik sou plaj 

Byen ke pa gen restoran sou Tobago Cays ki pa abite yo, genyen yon opsyon restorasyon ankò pi alechant, yon dine babekyou antyèman prepare sou plaj la (dreamyachtcharter.com) ! "Se boat boys yo ki ofri Festen an plenè sa, yo ale de bato an bato pou pran rezèvasyon pou dine a. ou mèt atann ou a woma, vivano ak konk ki pi fre ke w pot ko janm goute, ak tout akonpayman tradisyonèl nan Karayib la. Dine a akonpanye de briz frèch, bon ti vag byen dous,e menm pafwa yon ti mizik steel drum, yon eksperyans tou senpleman majik (dreamyachtcharter.com). 

Ale la 

Etandone ke w ka aleTobago Cays sèlman pa dlo, ou dwe ale nan yon ayewopò ki tou pre, tankou Union Island, Canouan, Sen Vensan ak Grenadi. Depi w fin nan zile Grenadin, ou ka lwe yon bato taksi oubyen patisipe nan yon pwomnad pandan yon jounen pou aksede nan pak maren Tobago Cays. Pou yon eksperyans pi long ak/oubyen yon nwit kote w ka rete epi pwofite de mayifik kouche solèy ak yon obsèvasyon etwal inik, lwe yon yacht se pi bon chemen pou swiv. 

Sous: 

afar.com 

dreamyachtcharter.com 

en.wikipedia.org 

travelsauro.com 

travel.usnews.com 

tripadvisor.com 

uncommoncaribbean.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.