Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
13 mas
Si w ap reve yon maryaj twopikal nan karayib la, ou pral bezwen kèk konsèy pou w pase atravè planifikasyon an e fè jounen espesyal sa tounen yon moman inoublyab ! planifye yon maryaj lokal ka parèt estresan. Sepandan rasanble tout bagay nan distans plizyè kilomèt se yon lòt defi. Kontinye li pou w ka gen yon lide sou kèk tenan ak aboutisman pou maryaj ou nan karayib la.
Pri maryaj ou a nan karayib la.
Bidjè maryaj ou a nan karayib la pral depann sou bezwen w yo ak kèk dezi inik ou genyen ou menm ak amoure w la. Si w reve yon seremoni entim ki p ap genyen twòp envite oubyen si w vle l prive, depans ou yo pral diferan yon fason ki konsiderab parapò yon lòt moun ki pral marye ki vle tout bagay avèk plis pase yon santèn envite ak plizyè evennman maryaj.
Planifikatè maryaj yo prevwa $500 pou chak envite. Yon lòt fwa ankò sa pral depann sou vizyon w pou jounen espesyal sa. Pa bliye pwofite òf sou rezèvasyon antisipe yo, kèk fòfè ki gen tout bagay ladann ak kèk lòt òf k ap ede w rèspèkte bidjè w te defini an.
Avantaj sou yon maryaj nan karayib la, se paske lajan vwayaj yo souvan pi ba pase pri vwayaj nan kèk lòt pati nan mond la. Alò, ou deja pati sou bon pye a.
Ki pi bon peryòd pandan ane a pou yon maryaj nan karayib la ?
Soti nan fen sezon otòn pou ale nan ivè se pi bon moman pou yon maryaj nan karayib la. Alòske lòt kote nan mond la ap konnen sezon nèj, glas ak fredi, tandiske karayib rete cho ak yon tan mayifik ! Sèl enkonvenyan ki genyen se paske moman sa a trè demande, sa ki vle di tout pri yo ka pi wo parapò lòt peryòd pandan ane a.
Yon bon konpromi, se ta va planifye yon maryaj nan sezon prentan pou w ka pwofite bon tan pandan pri yo bese. Ou dwe sonje tou, soti nan mwa Jen pou rive mwa Novanm se sezon ouragan ak kèk tanpèt twopikal pou anpil peyi nan karayib la.
Planifye yon maryaj sou yon zile twopikal.
Kòm ou ka sipoze sa, pi bonè w kòmanse planifye maryaj ou nan karayib la, se toutotan l ap pi bon pou ou tou. Ou menm ak fiyanse w ap bezwen anpil tan pou nou mete lòd nan afè nou, tankou envite yo tou. Maryaj ki pral fèt nan lòt destinasyon yo egzije plis refleksyon pase yon maryaj lokal. Ebyen kòmanse bonè pou w asire w tout bagay nan plas yo epi gran jou sa ap pase san pwoblèm.
Yon lòt faktè pou w konsidere ankò, se kèk moun ou konte envite men ki p ap ka vini. Swa akoz lekòl, eta sante, lajan, travay oubyen nenpòt lòt limitasyon, tout moun ki pwòch ou p ap janm ka rejwenn ou pandan maryaj ou nan karayib la. Panse difize maryaj ou an dirèk pou moun ki p ap gen chans deplase yo. Oubyen, chwazi yon ekip ki genyen fotograf kalifye ak videyas pou kaptire jounen an an pwofondè pou moun ki pa la yo.
Kwonoloji maryaj ou a nan karayib la.
Chak koup ak maryaj diferan alò pa neglije ajiste kwonoloji a pou l ka fonksyone pou ou. An jeneral respèkte kalandrye swivan sa pou w ka fini tout bagay nan lè yo epi planifye maryaj karayibeyen k ap pi majik la.
Pandan yon lane avan.
9 pou rive nan 11 mwa ki swiv yo.
Nan 6 pou rive 8 mwa ki pa twò lwen gran jou a.
Nan 3 jiska 5 mwa pou rive nan dat la.
Sèlman sis jiska uit semèn anplis.
3 jiska 5 semèn.
Anviwon yon semèn avan maryaj la.
Lavèy maryaj ou nan Karayib la.
Jou maryaj ou a.
SOUS: Caribbean-wedding.com, Brides.com, Theknot.com, Herecomestheguide.com