Souple tann...

Vizite "Montserrat"

25 avr

 

vizite "Montserrat"

Montserrat se yon ti zile bò lanmè Karayib la, ki chaje ak montay ladann l. Li fè pati zile ki twouve yo nan direksyon kontrè van lanmè Karayib la, ak "Gwadloup" ki twouve l nan zòn Sidès ak "Antigua" nan Nòdès. Zile atiran sila gen anpil pye bwa twopikal ak yon seri kay ki inik, se sa k fè moun ki renmen fè pwomenad a pye ak sa k renmen admire lanati yo, renmen vini sou zile sa. Men zile a gen plis lòt bagay ankò li ka ofri w akote bèl peyizaj li genyen an. Kilti a varye anpil sou zile sa a, istwa zile sa se yon sous nan kesyon kilti. Atizana, ak kèk lòt talan tankou mizik elatriye jiskaprezan toujou prezante nan festival ak evènman anyèl yo sou zile a. 

Zile "Montserrat" a gen yon istwa trajik ki te dewoule ladann dènyeman la a. Nan ane 1995, yon vὸlkan ki twouve l sou zile a te rantre an mouvman, ki lakoz plis pase mwatye nan zile te vin envivab. Men malgre sa, sa pa t anpeche moun soti plizyè kote nan mond la vin vizite zile sa ane apre ane, sezon apre sezon.  Se paske zile sa gen yon bagay patikilye ki toujou pèmèt moun tout kote nan tout peyi adore vin vizite li. Kontinye li rès atik sa pou w dekouvri lòt kote w ka al pase vakans ou nan sezon twopikal yo. 

Sa w ka fè nan "Montserrat” ? 

"Montserrat" mezire omwen 10 mil maylz nan longè l ak 7 mil maylz nan lajè li. Men atansyon, pa souzestime sipèfisi li. Paske zile sa a gen yon bagay espesyal ki atire anpil moun, kote w ka pwomennen apye ki inik e varye bò lanmè kote ki pezib. Nan paradi twopikal sa a, posibilite yo enfini. Kote w ka pwomennen apye a nan bèl kote sou zile a rele zile emwod gras ak yon peyizaj ki gen yon bèl espas vè k ap fè w sezi tèlman l bèl. W ap jwenn anpil bèl ti kay kote w ka pran yon poz pou w admire divès kalite bèt ki genyen sou zile a. Pi bon fason w ka pwofite zile a nan dekouvri bote li se lè w chwazi mache apye pou w ka wè kèk bèl kote natirèl e ki trè remakab tou.  

Pwomennen apye sou zile a nan lide pou vizite plizyè bèl kote sou zile a, se youn nan rezon ki plis pouse moun toujou anvi vin vizite li. Anpil moun itilize depi plis pase 100 lane santye yo nan Montserrat. Kote pou pwomnad yo varye akoz anpil kilomèt ak vizibilite yo tou. W ap twouve nan rès atik la kèk kote ki remakab sou zile "Montserrat" , pou w al vizite si w ta anvi al vizite :  

  • "Big river" : 0,7 maylz wout monte ak desann pou rive nan Katy Hill. 
  • "Chit dlo sèch" : ki gen 20 kilomèt wout ki mennen kote yon dlo k ap koule e ki soti nan yon wotè 30 mèt anwo. 
  • "Hope Ridge Trail" : yon zòn k ap mande w pou mache pandan 5è pou w eksperimante l, pandan w ap travèse forè "d'Elfin" epi monte nan wotè 700 mèt nan yon forè ki kouvri ak anpil nyaj. 

Eskplore bò lanmè yo. 

Paske bò lanmè nan zile "Montserrat la trè kwense, gran plaj yo pa anpil ditou. Poutan kote ki twouve yo bò lanmè sou zile sa gen anpil altènativ pou ofri w. Byenke plaj yo pa kouvri ak sab koulè blan e ki mou, men yo ka rakonte w istwa "Montserrat". 

Plaj yo genyen yon sab ki gen yon koulè ki atire sou mawon ak gri, gras ak orijin volkanik yo. Chak grenn sab ka rakonte w istwa inik zòn sa ak orijin li. Yo panse zile a te fòme sa gen anpil ane gras yon premye volcan ki te an mouvman ki rele "Soufrière Hills". Akote tout sa yo, zòn ki twouve yo bò lanmè yo rete kote ki trankil lwen mond modèn n ap viv ladann jodi a kote moun ka al monte epi vizite trankilman. 

Resif koralyen yo. 

"Montserrat" se youn nan kote plonje ki fèt nan lanmè yo rete yon bagay ki inik nan Karayib la, se pi bon kote pou moun k ap kòmanse nan espò sa oubyen aktivite sa ak plonjè ki gen anpil eksperyans deja. Tou kole ak bò lanmè a w ap twouve resif koralyen yo, sa vle di kèk gwo wòch ki byen kolorye e anime sou zile a. Gen anpil kote yo ka pwopoze w pou w fè chwa w. 50 zòn diferan youn ak lòt, ofri w yon eksperyans diferan nan koneksyon w ak pwason yo, ak koray yo ak lavi bò lanmè nan zile a.  

Evènman ak festival nan "Montserrat" . 

Menm lè w lwen zile, pi bon fason w ka plonje nan kilti ki mobil anpil sa, sou zile a, se planifye yon vwayaj pou youn nan evènman kiltirèl oubyen festival anyèl sou zile a.  

Men kèk festival ak kèk evènman pami sa k pi selèb yo sou zile "Montserrat" : 

  • Fèt Sen Patrik : zile a pran de semèn chak mwa Mas, nan sousi pou onore Sen Patrik akoz orijin Ilandè li.  Gran moman nan festival sa a make pa kèk konsè reggae, kèk toune piblisite ak kous nan lari. 
  • Fèt kalbas : Nan mwa Jiyè, yo selebre eritaj Afriken sou zile a atravè yon senbòl ki se kalbas. Kalbas la te konn itilize sou zile a pou plizyè bagay pandan istwa zile a pou rive konnya, yo te konn itilize l kòm enstriman mizik, yo te konn itilize kòm veso nan kwizin ak lamòd. Festival kalbas la, se yon jounen plezi familyal, anpil pwomnad, defile lamòd, eskpozisyon alimantè ak atizana, ak kèk vizit nan ansyen kapital zile "Montserrat" a ki rele "Plymouth", yon zòn ki abandone. 
  • Kanaval sou zile : Se yon fèt nan fen ane ki klere zile a anpil soti premye Desanm pou rive 1 Janvye. Kote yo onore ane ki pasea epi bay  bèl akèy pou ane k ap vini an, gras ak yon eskpozisyon kilti zile a, atravè mizik, dans elatriye. 

SOUS:  Visitmontserrat.com, Wikipedia.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.