Souple tann...

Byenvini nan Kayifi Outreach!

26 nov

Ou gen rèv, espwa, ak yon avni. Èske w konnen ki jan w ka rive atenn objektif sa yo? Ou kapab , men malerezman, anpil nan timoun yo ak jèn granmoun nan Karayib la pa fè sa. Yo mande pou bay yo  konsèy ak yon koutmen. Se nan domèn sa  Kayifi Outreach parèt kò l' .

Jounen jodya a, pou lajenès, rive fè karyè gen anpil enpòtans  pou sante ak byennèt Karayib la. Se poutèt sa Kayifi Outreach asosye avèk vrè  pwofesyonèl  pou edike jèn yo sou avni yo, mannyè pou yo ka fè  karyè , ak antreprenarya.

Antre nan ekip la yon mannyè pou enfliyanse jèn Karayib la , ak ankourajman, istwa siksè reyèl, ak konsèy ekspè sou yon pakèt  sijè.

Èske Ou Gen Yon Istwa Pou Ou Rakonte?

Timoun yo se lavni zile Karayib yo. Kayifi Outreach se yon pwogram ki fèt pou ede yo atenn objektif sa yo nan yon fason otantik epi ki fezab.

  • Èske ou gen yon istwa pou rakonte ki ta enspire jèn Karayib la?
  • Èske ou gen yon konpetans mete ansanm ak istwa ou nan siksè?
  • Èske ou pèsonèlman simonte difikilte ak leve soti atè a?

Moun ki gen kalite sa yo ak plis ankò  n ap chèche yo pou ede devlope jèn yo ak kominote nou yo nan direksyon koperasyon, edikasyon, ak siksè.

Antre nan Kayifi Outreach  kòm yon oratè epi pataje objektif ou, rèv, ak edikasyon ak jèn nou yo nan seminè vityèl. Avèk platfòm Outreach Kayifi la li vin  pi fasil pou ankouraje vwa ak espwa jèn jenerasyon Karayib la.

Pare pou rantre nan ekip  Kayifi Outreach  klere avni? KLIKE ISIT POU SOUMET IDE OU

Èske Ou Gen Yon Rèv?

Si ou se yon elèv ki gen ant 12 ak 29 lane epi ou gen objektif ke ou pa sèten ki jan pou  yo akonpli, Felisitasyon! Ou nan bon bò epi ou pral fè anpil bèl bagay. Simonte defi sou wout la ka difisil san èd yon moun ki te la deja.

Kayifi Outreach  gen repons ak asistans ou bezwen. Sa nou vize se ankouraje ou nan yon lavni briyan nan yon pakèt  seminè vityèl ak plizyè tip de resous  disponib pou ou. Tout sa ou bezwen fè se koute, aprann, rève, epi gen  objektif . Yon avni enteresan posib avèk èd ekip ekspè nou yo.

Ou Vle konnen plis? KLIKE ISIT

 


Kontak