Souple tann...

Ki Pi Bon Kote W Ka Viv Nan Repiblik Dominikèn ?

31 jan

Ki Pi Bon Kote W Ka Viv Nan Repiblik Dominikèn ? 

Si w ap reve viv nan paradi, zile yo nan Karayib la se la w dwe ye. Pi presizeman, viv nan Repiblik Dominikèn se yon eksperyans enkwayab ranpli ak matine relaksan sou plaj sab fen, kèk delisye pla ensilè, sware ki anime avèk mizik, dans ak moun k ap viv nan kominote a ! 

Ebyen, pwiske kounya w konnen ki kote w ta swete enstale w, ou dwe deside sou ki pi bon kote w ka viv sou zile twopikal sa. Pouswiv lèkti a pou w ka dekouvri kèk pami pi bon kote nan repiblik dominikèn epi kòmanse prepare valiz ou depi jodi a ! 

Poukisa W Dwe Viv Nan Repiblik Dominikèn ? 

Se paske paradi enfini sa gen tout bagay ladann, plizyè santèn kilomèt bò kot lanmè ak vil trè peple ak anime, li pa fasil pou w repètorye tout kote fantastik yo pou w enstale w. Apre tout sa, gen anpil rezon ki pèmèt ekspatriye yo, retrete yo, jèn koup yo ak fanmiy yo ekstazye gras nouvo estyl lavi y ap mennen nan repiblik dominikèn. 

An n kòmanse eksplore poukisa se yon kote ki fè bon pou moun viv. Petèt ou pral konprann pi byen sa ki pasyone w plis lòske w anvizaje demenaje pou w ale sou zile twopikal sa. 

  • Abòdab : pandan w ap viv nan Repiblik Dominikèn, ou pral remake tout bagay, tankou lojman ak nouriti, divètisman ak zòn ki gen liks yo pa koute pi chè pase etazini ak anpil lòt peyi. Anplis, ekonomi yo a k ap grandi a estab depi yon bon bout tan e li pa gen lòt chwa sinon amelyore. 
  • Meteyo pafè : imajine viv nan yon zòn kote tanperati mwayen an se 77 degre F. Se sa w pral jwenn nan yon paradi twopikal ! Sa ideyal pou w pwofite rete deyò ak favorize yon bon sante mantal. 
  • Swen sante a ekselan : youn nan faktè lavi ki pi kritik moun yo souvan neglije se sistèm sante lokal la. Repiblik dominikèn dispoze yon sistèm sante pwospè, pi abòdab pase etazini. Mete sou sa, majorite nan ajan sante yo pale anglè ak lang lokal la.
  • Yon kilti rich ak akeyan : enflyans pèp afriken yo, ewopeyen yo ak otoktòn yo fè kilti repiblik dominikèn vin yon bèl melanj ! 
  • Pwosesis rezidans ki senp : yon lòt pi bon rezon pou w viv nan repiblik dominikèn, sèke pwosesis rezidans la relativman fasil. 

Kounya Se Ki Kote W Ta Dwe Viv Nan Repiblik Dominikèn ? 

W ap twouve anba tit sa kat pi bon kote w ka viv nan repiblik dominikèn, ki baze sou eksperyans kèk moun ki te demenaje al viv la pandan yon sèten tan oubyen yon peryòd pwolonje, oubyen definitivman, e pwofite yon lavi senp ak dekontrakte. 

1) Kay nan Campo. 

Si vila prive yo nan repiblik dominikèn sanble avèk tip zile paradizyak ou, founi zye w gade kay nan Campo, nan repiblik dominikèn ! Konplèks sa te devlope depi nan ane 1975 e li pa etann sou plis pase 7000 akre, li chaje avèk kèk kay ki pi liksye nan Repiblik Dominikèn, kèk bèl teren gòlf ak kèk kote enkwayab pou w al manje. Se youn nan kote ki pi chè nan peyi sa, men, se yon pi bon chwa pou moun k ap chèche yon atmosfè nan yon vil ki chaje avèk klèb, disko, restoran premye klas. 

2| Plaj Dominicus. 

Pou yon ti kras liks avèk yon anbyans nan yon ti vil, plaj Dominicus ka se solisyon ideyal la pou ou. Li twouve nan sèlman 20 minit anviwon kote ki rele kay Campo a. Pou w ka goute yon bagay ki pi gran pandan vakans yo, rezève yon kay nan Campo epi pwofite sa k pi bon yo nan tou de. La, toujou genyen anpil kay twopikal pou vann, soti nan sa k pi abòdab yo ak modès ki genyen plaj klèb prive pou rive nan sa ki pi chè yo. 

3| Las Terrenas 

Petèt ou ta swete viv yon lavi ki pi lan nan repiblik dominikèn, yon bèl kilti bò kote kèk plaj ansoleye olye yon lavi twopikal ekstravagan. Nan ka sa, panse ak vil pezib kotyè ki rele "Las Terrenas" la. Popilasyon yo a divèsifye, yo gen abitan ki soti tout kote nan mond la, men yo chak gen yon bagay an komen. Yo apresye bagay nan lavi a ki senp, tankou chaman restoran familyal yo avèk kèk chèf kizin talantye, matine trankil yo bò lanmè ak fason kominote sa soude antre yo. 

Mache imobilye an nan "Las Terrenas" an kwasans e pwopoze kay ki pi abòdab yo nan repiblik dominikèn. Anplis, li pa lwen vil anime ki chaje avèk istwa sou sendomeng, kapital peyi a. 

4| Barahona 

Barahona nan Repiblik Dominikèn, se yon lòt rejyon dekontrakte nan peyi a. Anfèt, li sou devlope e li konstitiye yon veritab jwayo kache. Barahona se yon rèv si w apresye plaj ki kalm ak izole, yon vi abòdab ak senplisite. Randone a inegale nan pati vyèj sa nan repiblik dominikèn. Forè nyaje a regòje anpil vi, kèk pyebwa twopikal ak kèk peyizaj ou pa gen dwa janm bliye. Barahona kiltive yon kafe delisye tou. 

 

SOUS: Drproperties.ca, Expatexchange.com, realestatelasterrenas.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.