Souple tann...

Gid Pou W Lwe Yon Kondo.

12 avr

Gid Pou W Lwe Yon Kondo. 

Laplipa moun konprann sa sa vle di e avèk ki sa sa sanble lwayaj yon apatman oubyen vin pwopriyetè yon kay. Poutan, lwe yon kondo yon ti kras flou. Prensipal koz la se lefètke apwòch sou lokasyon kondo, oubyen kondonyòm diferan avèk lwe kèk kay oubyen kèk apatman. Donk, si w anvizaje lwe yon kondo, gen kèk bagay ou dwe konnen, ak kèk konsèy ki ka ede w viv pi bon eksperyans lokasyon posib la, kèlkeswa nan men moun ou chwazi lwe a. 

Lwe Yon Kondo Oubyen Yon Apatman. 

Alò, ki diferans ki genyen ant lwe apatman ak kopwopriyete ? De opsyon lokasyon sa yo aparamman sanble nan aparans, men gen kèk eleman enpòtan ki diferansye yo youn avèk lòt. 

Pwopriyete : prensipal diferans ant yon kondo ak yon apatman se pwopriyete a. Yon kote, apatman yo souvan anba men e eksplwate gras kèk sosyete jesyon ki lwe plizyè lojman selon yon apwòch estanda an matyè lokasyon. Alòske avèk kondo yo, patikilye nan pwopriyete yo lwe espas yo a. Kopwopriyete a dispoze yon ekip jesyonè pwofesyonèl ki antreteni e reglemante espas komen yo. 

Komodite : komodite kondo yo ak apatman yo kapab trè similè. Selon pwopriyete a, tou de ka gen pisin, pak pou chyen, sal espò e plis ankò. Sepandan, kondo yo gen tandans ofri kèk ekipman ki pi liksye oubyen pi resan, tankou kèk kontwa an granit oubyen kèk sèvis vwatirye. 

Antretyen : pou kondo yo, pwopriyetè a se iltim reponsab antretyen inite yo, tandiske pou apatman yo, sosyete jesyon rezoud tout pwoblèm antretyen yo. Avantaj ki genyen nan apwòch antretyen kondo yo sèke pwopriyetè a ka adopte yon apwòch pi pèsonèl e anboche yon founisè ekstèn. An revanch, jesyonè apatman yo ap jere plizyè pwopriyete an menm tan e kapab pran yon sèten tan pou reponn ak demann espesifik ou a. Yo gen kèk nòm ki estrik pou abòde pwoblèm ou an, ki ofri mwens fleksibilite. 

Lwaye e depans : yon kondo pa nesesèman pi chè pase yon apatman. Menm jan pou komodite yo, lwaye a ak depans siplemantè yo varye selon pwopriyete a. Anplis, laplipa kondo yo gen depans HOA( asosiyasyon pwopriyetè yo). 

Achte Oubyen Lwe Yon Kondo. 

Sitou pou premye achtè yo, deside achte oubyen lwe yon kondo ka parèt difisil. Kle a se detèmine ki sa k ap pi bon pou ou. Nan anpil ka, lwe yon kondo koute pi chè sou yon peryòd ki long pase si w te achte espas la. Sepandan, depo lajan yo ak lòt egzijans ki lye avèk acha yon kondo kapab entimidan e yo sanble pa abòdab pou kèk lòt moun. Sa rann lokasyon yon kondo parèt pi atreyan pou moun ki pa ka pèmèt yo kèk depans inisyal ki wo. Jeneralman, achte yon kondo se yon pi bon chwa alontèm, lòske w genyen eleman sa yo disponib : yon anplwa ak revni estab, yon ekonomi ki sifizan pou w jere depans inisyal yo, tankou yon akont a depans fèmti yo, lè w pa gen oken atant demenajman nan yon avni ki pwòch. 

Sinon, lwe yon kondo kapab pi bon opsyon w genyen nan moman an. Nan fason sa, w ap sèlman sousye w pou frè inisyal yo pou lokasyon an ak kèk mansyalite. 

5 Pi Bon Konsèy Yo Pou W Lwe Yon Kondo. 

Paske lwe yon kondo kapab yon eksperyans apa pou tout moun, li kapab parèt difisil pou w konprann nan ki sa w ap foure tèt ou. Poutan, gen senk konsèy lokatè kopwopriyete yo ta dwe konsidere, pou pèmèt eksperyans lokasyon yo a dewoule san pwoblèm epi agreyab tou. 

1|Konprann Kontra Lokasyon An. 

Lòske w ap lwe yon kondo oubyen yon apatman, youn nan bagay ki pi enpòtan se konprann modalite yo, kondisyon yo, restriksyon yo, e plis ankò. Sa vle di w dwe li atantivman tout dokimantasyon an. 

Konnen kondisyon w ap aksepte yo avan w siyen yon dokiman ap evite w kèk pwoblèm, kèk pwoblèm kominikasyon ak kèk evantyèl depans enprevi a lavni. 

Egzanp, yon kontra lokasyon ka limite kantite moun ki otorize pou viv nan espas la, kote vizitè yo kapab oubyen pa kapab jere veyikil yo, tankou kèk restriksyon konsènan animal konpayi. Se kèk enfòmasyon esansyèl ou dwe konnen e konprann. Pa ezite poze pwopriyetè w la kesyon sou tout sa w pa byen konprann pandan w ap fè lèkti a. 

2| Konnen Lwa Lokal Ak Etatik Yo. 

Menm jan konnen lwa sou lokasyon yon kondo nan zòn ou an ak anviwon an benefik. Tout pwopriyetè yo pa gen pi bon entansyon yo, sa ka pwoteje w kont ekskwokri, move tretman e plis ankò. Sèten kesyon jiridik ki pi kouran yo konsène dwa lavi prive lokatè a. 

3| Bay Kominikasyon Priyorite. 

Youn pami pi bon avantaj lokasyon yon kondo se eksperyans pèsonalize. Alòske sosyete jesyon apatman yo souvan genyen plizyè santèn oubyen plis pwopriyete pou yo antreteni, pwopriyetè kondo w la pa p gen tout sa, konsa l ka gen ou menm sèl tou. Nan ka sa, lokatè yo ta dwe pwofite sou posibilite yon komikasyon efikas e souvan avèk pwopriyetè yo a. Egzanp, si w rankontre yon ti fuit nan plonbri w la, fè pwopriyetè w la konnen sa rapid. Sa ap debouche sou kèk solisyon rapid e ki pa koute chè, e sa ap ranfòse konfyans ak respè bò kote pwopriyetè w la. Totalman, w ap benefisye yon pi bon eksperyans lokasyon. 

4 Resevwa Tout Bagay Alekri. 

Paske yon pwopriyetè endividyèl pa toujou twò pwofesyonèl ak estandatize tankou yon sosyete lokasyon apatman, lokatè yo dwe gen yon dosye byen detaye. Ekri tout bagay ka evite tout chirepit ak kèk litij jiridik a lavni. 

Egzanp, si w mande yon reparasyon, asire ou jwenn yon kominikasyon ekri bò kote pwopriyetè w la epi konsève yon kopi. E si konvèsasyon an vèbal, voye yon lèt bay li kòm konfimasyon. 

5| Souskri Yon Asirans Lokatè. 

Kit se pou lwe yon kondo oubyen yon apatman, asirans lokatè se yon envèstisman jidisye. Asirans via yon kontra lokasyon avèk yon pwopriyetè pa p sifi pou kouvri domaj oubyen pèt katastwòf natirèl lakoz, yon vòl oubyen kèk reparasyon ki mal vire. Ou pa janm konnen ki sa ka rive, se sa k fè li preferab lè w jwe sou sekirite w avèk yon asirans lokatè. 

 

SOUS: Fsresidential.com, Themortgagereports.com, Nationwide.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.