Souple tann...

Gid Sou Randone W Pou Zile Yo Nan Karayib La.

07 sep

Gid Sou Randone W Pou Zile Yo Nan Karayib La. 

Zile twopikal yo nan Karayib la trè koni pou kantite plaj imakile yo genyen, dlo tikwaz ak eleman kiltirèl rich. Tout moun pa panse ak eksperyans inimajinab randone atravè kèk randone ki pi etonan nan zile yo.  

Itilize gid randone sa pou w imajine pi bon vwayaj randone epi fè l vin reyalite ! Kontinye li pou w dekouvri destinasyon ki pi prize nan Karayib la pou randonè pasyone yo. 

Ki Pi Bon Zile Nan Karayib La Pou Randone ? 

Randone atravè ansyen santye imakile yo, kèk santye liksziryan nan Karayib la se yon fason enkwayab pou pwofite bote natirèl zile a, eksplore listwa ak dekouvri rasin kikti pèp la. E sa k pi bon nan tout sa, randone atravè Karayib la se pi bon mwayen pou w tounen lakay ou avèk kèk souvni enkwayab sou flò a, fón nan ak kèk lòt mèvèy sou zile twopikal sa yo. 

Byenke w ka toujou soti nan yon zile pou w ale nan yon lòt, si w ap chèche zile ki ofri eksperyans sou randone ki pi etonan ak pi majestye, ou swete vizite youn ki trè koni pou randone sa yo. Nan fason sa w ka konsantre tout vwayaj ou sou plizyè santye mayifik ki chaje fón ra ak bèl peyizaj pou koupe souf ou. 

Pou gid randone sa, nou dwe rekòmande w twa destinasyon nan Karayib la pou randonè pasyone, se Sentlisi, Saba ak Senkits. 

Sentlisi : 

Anbake pou yon avanti atravè plizyè santye nan Sentlisi. Yon aspè inik randone yo nan Sentlisi ofri se anpil peyizaj inik sou pik jimo anblematik zile a. Depi atè a, montay sa yo enpozan ak enkwayabman epoustouflan. Men, grenpe santye pou ale nan kèk pwen ki pi wo ak nan kèk zòn ki diferan, epi w ap genyen yon peyizaj ki inegale sou kèk somè ki pral pèmèt ou apresye fòmasyon yo yon fason ki diferan. 

Saba : 

Si w ap chèche kèk santye sou randone ki vyèj ak entak, Saba se kote w dwe ale a menm. Grenpe jis nan somè yon vòlkan andòmi ki kouvri yon forè ak nyaj liksziryan ak florisan. Yo rele Saba "The unspoiled queen" , w ap santi w tankou w se premye moun ki viv yon bote san parèy konsa. 

Senkits : 

Randonè ki pi eksperimante yo pral tonbe damou kèk santye pwoteje pak nasyonal ti zile a, ki konpoze prensipalman avèk kèk forè twopikal ki dans ak anime. Se okazyon ideyal pou obsève yon fón ra, tankou kèk senj vèvèt ak kèk kolibri boudonan. 

5 Pi Bon Santye Randone Nan Karayib La. 

Ki sa w ap atann ? Pran aparèy foto w, soulye w pou randone, valiz founiti w ak yon espri pou dekouvri pi bon santye randone nan Karayib la gras gid sou randone pasyonan. 

1| Gwo Piton Nan Sentlisi. 

Premye gran avanti nou sou gid randone se gwo piton nan Sentlisi. La, ou pral rann ou kont sou imansite mond la lè w ale nan somè gwo wòch yo, kèk karakteristik ki pi presye sou zile a, gwo piton se youn nan somè ki pi enpozan yo. Apre yon santye difisil atravè forè twopikal, ou pral rive nan somè montay pou pwofite yon peyizaj enkwayab sou zile a ak lanmè sentiyan an ki nan kontreba. 

Astis gid la sou randone : santye randone sa byen rezève pou randonè ki pi eksperimante, ki pa pè depase tèt yo ! 

2| Pico Duarte nan Repiblik Dominiken. 

Rive nan kèk nouvo somè sou santye Pico Duarte nan Repiblik Dominiken. Pa gen lòt kote nan rejyon twopikal sa w ka ale pi lwen pandan w atè. Pico Duarte se kote ki pi wo nan tout Karayib la nan 10000 pye wotè. Mache avèk vigè jis rive nan tèt mòn nan pou w ka byen admire zile a yon fason ki pi flate ak pi etonan. Apre sa, desann nan plizyè nivo yo ki reprezante diferan kreyati, pyebwa ak abita chanjan. Randone sa ap kite kèk souvni pou ou k ap dire w lavi. 

Astis gid sou randone: Soti nan kòmansman pou rive nan finisman, randone long sa pran de oubyen twa jou pou majorite randonè, ki depase vitès yo. Alò, pote yon tant ki pa lou ak anpil nouriti ak dlo pou vwayaj remakab sa. 

3| Santye Mastik Nan Zile Kayiman Yo. 

Santye mastik yo se youn nan randone ki pi fasil pami lis randone nou yo, men sa pa vle di l p ap kite w bèkèkè. Li pafè pou debitan ak randonè ki trankil, "mastic trail" nan zile Kayiman yo selèb gras santye fasil li yo ak prensipalman kèk pla k ap mennen w atravè forè ki pi ansyen sou zile a, ki gen de milyon ane ! La, w ap ka rankontre fón ki pi ra sou zile Kayiman yo, notamman kèk zwazo, sèpan, grenouy, elatriye. 

Astis gid randone nan prim : Ankò pi bon pou randonè ki pa gen eksperyans, "national trust of the island" pwopoze kèk vizit ki pou gide w atravè marekaj, mangwov ak prèri yo. 

4| Pak Nasyonal Fòterès Brimstone Hill Nan Senkits. 

Dekouvri mèvèy istorik pak nasyonal fòterès Brimstone Hill. Santye randone sa pa sanble ak oken lòt santye - Plonje nan istwa kolonyal zile a pandan w ap admire sèn ki ka koupe souf gras espektak achitèktiral fòterès Brimstone Hill la. Otou plizyè santye siniye w ap jwenn yon peyizaj inik sou lanmè Karayib la ak peyizaj lokal pèp kolonyal la te konn jwi. 

Astis gid randone: prevwa pou w pran tan w nan pak nasyonal la, pou w ka li pano enfòmasyon ki bay yon apèsi sou pase kolonyal fasinan sa nan Senkits ak Nevis. 

5) Senvensan Soufriyè A. 

Nimewo senk nan gid nou sou kesyon randone a, se yon randone pasyonan nan Senvensan. Avanti sila li menm, adrese ak randonè ki pi kouraje yo, paske se akote yon vòlkan k ap bouyi li dewoule ! Monte difisil la mennen w atravè yon forè twopikal florisan, apre sa jis nan bouch vòlkan an k ap pouse lafimen. Nan somè a, w ap ka admire kèk peyizaj memorab sou Senvensan. 

Astis gid randone bonis : 1979 se te dènye eripsyon vòlkanik, e toujou gen yon chans pou l eksploze ankò. Se sa k fè w dwe pridan lè w ap pakouri santye pasyonan sa. 

 

SOUS: Wanderlust.co.uk, Rentalescapes.com, Shermanstravel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.