Souple tann...

100 Milyon Dola Kòm Kontribisyon Pou Sekirite Ak Chanjman Klimatik Nan Karayib La.

18 jiy

100 Milyon Dola Kòm Kontribisyon Pou Sekirite Ak Chanjman Klimatik Nan Karayib La. 

Kòmansman mwa Jen, administrasyon Biden nan te fè yon vwayaj istorik Naso, nan Bahamas. Yo te rankontre kèk dirijan nan Karayib la tankou premye minis ayisyen an Aryel Henry, ki te diskite sou plan kontribisyon 100 milyon dola kòm angajman nan enèji pwòp, sekirite ak chanjman klimatik. se konsa 100 milyon dola pral kontribye pou chanjman klimatik ak sekirite nan Karayib la : Plan an pou Karayib la avan menm administrasyon Biden nan te rann li Bahamas, nan mezon blan, li te anonse plan sa nan ministè jistis la kòm pousuit nan kesyon zam nan karyè nan lide pou yo maksimize pataj enfòmasyon ant peyi Etazini ak rejyon an. 

"Administrasyon nou an angaje li pou l pètibe trafik zam yo. Nou angaje nou pou n entèdi trafik zam ak katouch epi rann trafikan yo kòm responsab", Kamala Harris te deklare. 

Karayib la espere peyi Etazini rive ede yo byen jere vid yo genyen nan fwontyè yo a, ki te pèmèt piplin ilegal zam nan pwovenans kot yo a. 

USAID prevwa founi 15 milyon dola pou soutni rediksyon risk katastwòf, ranfòsman rezilyans ak ranfòsman kapasite entèvansyon ijans. 

USAID pral bay founi egalman 1 milyon dola pou asosye konsòsyòn pou rezilyans nan ansèyman siperyè zile yo nan Karayib la ak nan Inivèsite Nòdès pou yo ka adapte yo api redui efè chanjman klimatik la, ansanm ak risk evenman meteyowolojik ekstrèm. 

Ekspòtasyon Ilegal. 

Dirijan yo nan Karayib la te soulinye ogmantasyon ekspòtasyon ilegal zam depi peyi Etazini kontribye yon manyè ki siyifikatif nan kriminalite ak vyolans nan rejyon an, ki lakoz plizyè ka mòtalite ak andikap e ki konpwomèt sekirite a ak demokrasi a. 

Yon etid resan te montre fasilite aksè pou zam ak minisyon nan kèk peyi vwazen, tankou Etazini, ki konbine avèk yon move kontwol  kèk  kourye ak frèt k ap antre, Bòykote tout bon kontwòl sou kesyon zam ak minisyon ke plizyè peyi nan Karayib la a eseye mete sou pye. 

Anpil zam trafike depi nan peyi Etazini e yo retrase yo nan kèk eta ki gen pò maritim, tankou Florid la 

SOUS: www.miamiherald.com, www.usaid.gov, www.bloomberg.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.