Souple tann...

Loreya yo pou Fèt Endepandans 2023 a nan Sentlisi.

28 mas

Loreya yo pou Fèt Endepandans 2023 a nan Sentlisi. 

Pou 44 èm anivèsè fèt endepandans la, gouvènman Sentlisi a te selebre l pandan l t ap distribiye kèk rekonpans bay abitan yo sou zile a. Yo te twouve jounen se yon okazyon espesyal pou yo rekonèt ekselans nan lokalite a. Antanke Chanselye sosyete nasyonal onè, Gouvènè jeneral enterim nan te santi l onore pou l te distribiye rekonpans bay ensilè yo nan Sentlisi. Distribisyon rekonpans yo soti nan lwa nasyonal la sou distenksyon onorifik ak rekonpans. 

Rekonpans ki te distribiye bay Sentlisyen yo. 

Ekselans la te pran plezi pou l onore Sentlisyen yo avèk pri sa yo : 

Kwa Sentlisi 

- Doktè Velon Leo Jhon te resevwa pri pou sèvis egzanplè li nan domèn jiridik, devlòpman kominotè ak gouvènman. 

- Pou pri sa, Nick Troubetzkoy te resevwa l pou devouman li nan domèn touris ak devlòpman kominotè. 

-Pwofesè Dabor Resiere (Onorè) te resevwa pri sa pou sèvis eksepsyonèl li nan domèn sèvis medikal ak filantwopi. 

Meday onè dò Sentlisi. 

- Pou devouman l pou gouvènman an ak sèvis eksteryè, Vitus Terance Evans te resevwa meday onè. 

-Pri nan domèn atizay (eskilti ak literati) te desène bay Jalim Eugenius Euvodique. 

-Matthew Anthony Cotter Beaubrun te chwazi pou pri sa gras sèvis li rann nan domèn touristik la ak devlòpman kominotè. 

Meday onè dajan Sentlisi. 

- Cuthbert Modeste te resevwa pri nan domèn espò (antrenè) pou sèvis fantastik li nan domèn sa. 

- Theodore Henry Bailey te resevwa meday onè Sentlisi nan domèn antrenè espòtif 

Meday dò pou merit Sentlisi. 

- Paske l te yon ekselan pwofesè mizik, Ricky Joseph te resevwa meday dò merit Sentlisi. 

- Gras sèvis eksepsyonèl li nan domèn atiy avèk kilti, Augustin Duplessis te jwenn rekonpans. 

Meday dajan merit Sentlisi. 

- Paske l te travay nan domèn atizay (radyodifizyon), Jerry Emmanuel Mark George te resevwa meday dajan merit Sentlisi. 

- Long Paul Valentine Clery te resevwa pri sa pou ekselan sèvis li nan domèn atizay masyal. 

 Plis loreya pou jounen endepandans 2023 a nan Sentlisi. 

Plizyè rekonpans siplemantè te distribiye pou kèk moun nan Sentlisi. Rekonpans sa yo te genyen sa ladann : 

- Meday Piton Sentlisi lò, ajan ak bwonz. 

- Kwa sèvis nasyonal Sentlisi. 

- Meday sèvis nasyonal Sentlisi. 

- Ak kèk lòt pri pou ansyènte nan fonksyon piblik la. 

 

Felisitasyon pou tout Sentlisyen yo ki enkwayabman devwe 

 

SOUS: thecaribbeannewsnow.com, www.wicnews.com, loopnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.