Souple tann...

Previzyon Konsènan Sezon Ouragan Yo Nan Karayib La Pou Ane 2024 La

24 jen

Previzyon Konsènan Sezon Ouragan Yo Nan Karayib La Pou Ane 2024 La

Sezon ouragan yo nan Karayib la deja devan pòt nou e meteyowològ yo ap siveye byen pre kondisyon meteyowolojik yo pou bay kèk previzyon presi. Soti premye Jen pou rive trant Novanm, peryòd sa krisyal pou Karayib la, ki se yon rejyon ki souvan kwaze avèk tanpèt twopikal ak ouragan. Konprann previzyon yo ede kominote yo prepare yo pou yo rete an sekirite pandan tout sezon an. 

Kantite Aktivite Ki Deja Prevwa 

Ekspè yo prevwa yon sezon sou kèk ouragan ki siperyè mwayen an pou 2024 la. National Oceanic and Atmospheric Administration NOAA, prevwa anviwon ant 14 jiska 18 tanpèt nome, kote 7 jiska 9 kapab devni ouragan. Pami yo gen 3 oubyen 4 nan yo ki kapab atenn estad ouragan majè, ki klase nan kategori 3 oubyen siperyè, avèk kèk vitès van ki depase 180 km/h 

Faktè Ki Enfliyanse Previzyon Yo 

Plizyè faktè kontribye nan ogmantasyon aktivite ki deja prevwa pou sezon ouragan 2024 la. Pami yo tanperati sou sifas lanmè a pi cho pase mwayen an nan oseyan Atlantik ak Karayib la. 

Dlo cho sa yo founi enèji nesesè pou devlopman ak entansifikasyon kèk tanpèt. Anplis, afeblisman ki te deja prevwa sou fenomèn El Niño a kapab redwi sizayman van an, ki kapab kreye yon anviwònman pi favorab nan fòmasyon ak ranfòsman kèk ouragan. 

Mezi Preparasyon Ak Sekirite 

Avèk presizyon sou yon sezon siklonik aktfi, rezidan yo ak vizitè yo nan Karayib la dwe byen prepare yo. Kèk mezi sekiritè esansyèl yo pa dwe neglije : 

Rete enfòme : rete enfòme sou dènye previzyon yo ak avètisman meteyowolojik yo. Asire w verifye kèk sous fyab tankou NOAA ak sèvis meteyowolojik lokal yo. 

Twous ijan : prepare kèk twous ijans ki genyen kèk founiti esansyèl tankou dlo, kèk aliman non perisab, kèk medikaman, lanp pòch, kèk pil ak kèk dokiman enpòtan. 

Plan evakyasyon : elabore ak egzamine kèk plan evakyasyon avèk fanmiy ou. Chèche konnen refij ki pi pre yo ak wout ki pi asire yo pou w ale la. 

Preparasyon pou pwopriyete w la: sekirize pwopriyete w la avèk enstalasyon kèk volè antitanpèt, nan ranfòse pòt yo ak koupe pyebwa ak kèk branch bwa pou kapab minimize domaj van vyolan ka lakoz. 

Rete an sekirite ak enfòme 

Pandan sezon ouragan yo apwoche nan Karayib la, li esansyèl pou w rete enfòme e prepare. Nan chèche konprann previzyon yo ak pran kèk dispozisyon pworaktif, rezidan yo ak vizitè yo kapab asire sekirite yo an menm tan pwoteje pwopriyete yo. 

Menm si nou pa ka kontwole meteyo a, men nou kapab kontwole eta lespri nou parapò avèk evantyalite sa. Ebyen, an nou travay ansanm pou nou afwonte sezon ouragan yo avèk rezilyans e preparasyon, nan pwoteje kominote nou yo ak pwòch nou yo. 

SOUS: www.noaa.gov, www.foxweather.com, www.cbsnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.