Souple tann...

5 nan Meyè Spa nan Zile Karayib la

17 me

 

5 nan Meyè Spa nan Zile Karayib la

Lasante ak byenèt pat janm enpὸtan konsa ke jan l ye a nan de lane ki sot pase la yo. Evite tonbe malad akoz COVID-19 se yon bagay ki nan sant preokipasyon nou depi tèlman lontan ke konnya nou tout bezwen swen spa. Ou ka jwenn swen pèsonèl sa yo nan yon vwayaj nan Karayib la, san w pa bliye ke se pral nan yonn nan zile nan yo! 

Sant vilajyeti yo destine pou bay sèvis detant, lwazi ak spa. Yo se gran bagay ke stasyon yo gen pou ofri. Lè moman an rive pou kite plaj la e al fè yo dὸlote w, enskripsyon w nan diferan sèvis spa sa yo ofri ap elwanye w pi plis de tout sousi w yo. 

Me senk meyè spa nan zile Karayib la ; e w dwe konnen pi plis toujou. 

1|  GoldenEye Hotel & Resort nan Jamayik ki nan Oracabessa : 

Nan GoldenEye, non sèlman w ap rete nan ansyen kay Ian Fleming ( moun ki ekri James Bond lan), men tou w ap dekouvri engredyan tankou sitwon vèt jamayiken, jenjanm ak lwil piman. 

2| Konplèks Jumba Bay nan Antigua: 

Yon sant trètman ki gen senk sal, la w ap jwenn bon swen ki reflete listwa zile a. Eseye trètman abaz kann, melas ak wonm. 

3| Parrot Cay nan zile Turques e Caicos 

Pou yon terapi ak labou lanmè mὸt, masaj paradizyak e yon kizin spa delisye, ou ka menm pedi pwa pandan w ap pran plezi nan Parrot Cay. 

4| Vakans nan The Body nan Sent Lisi: 

Body Holiday konsène ansanm pakou byenèt, menm genyen tès ADN pou idantifye pwoblèm sante ak trètman pèsonalize. 

5| Ti Sen Vensan ak Grenadin: 

Pase tan anba lonbray pyebwa oubyen nan chanm ki fèt anbwa flote, pa bliye vizite gran kav diven ak spa. Se yon favori pou pleziyis yo ak repa woma fre. 

Èske w ka konprann poukisa nou te jije bon pou prezante w lide pou chape al vizite nan Karayib la nan yonn nan meyè spa yo ? Planifye pwochen sejou w nan yonn nan andwa liksye sa yo nan Karayib la. 

 

SOUS: travelagewest.com, boatinternational.com, frommers.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.