Souple tann...

Yon Chen Ak Senk Moun Te Rive Sove Abò Yon Bato Ki T Ap Koule Tou Pre Montserrat.

01 out

Yon Chen Ak Senk Moun Te Rive Sove Abò Yon Bato Ki T Ap Koule Tou Pre Montserrat. 

Jou ki te 19 Me a, yon chen ak senk moun te rive sove abò yon bato ki t ap koule tou pre Montserrat, lòske yatch yo te sou li a te kòmanse pran dlo. 

Selon polis wayal nan Monserrat, 19 Me a, ekipaj la ak envite yo te anba gouvènans kapitèn Darroux. Yo te reponn yon apèl detrès ki te soti nan sèt mil maren nan Nò Monserrat. 

Misyon Sovtaj. 

Lòske yo te rive kote yatch la te ye a ki rele Palma, yo te jwenn senk moun abò bato a. Selon polisye yo, anjen an t ap resevwa dlo nan yon rit ki alaman. Apre yo te vin evalye sitiyasyon an, kapitèn nan te òdone envite yo ak chen an pou abondone navi a. Moun yo sove yo t ap navige soti Sen-Kitz pou ale Gwadloup apre sa Matinik  lè ensidan malere sa te pwodui.  

Lòkse gwoup sekouris la te rive nan pò Little Bay, yon ekip ensandi ak sovtaj nan Montserrat ki dirije gras yon ofisye ponpye yo ki rele Sheldon White te la pou bay asistans medikal. 

Sèvis kwa wouj la te enfòme tou konsènan nofraj la, yo te prezan egalman pou bay asistans. 

Polis yo te deklare kapitèn yatch ki t ap koule te trè rekonesan paske moun ki abò bato a te jwenn sekou. Gen kèk dispozisyon ki te pran pou mennen envite a Gwadloup 20 Me a.  

Ekipman Sovtaj. 

Responsab Ashore Courtney Rodney swete raple lektè yo ak kapitèn yo pou yo toujou genyen abò bato yo yon ekipman sekirite, tankou yon radyo k ap fonksyone, kèk jilè sovtaj, kèk fize ekleran ak lòt ekipman sovtaj abò bato pou si ta va genyen ijans. Tip ekipman sa yo ka sove lavi, ou menm ak lòt moun ki abò bato a. 

 
SOUS: www.loopnews.com, antiguantrumpet.com, www.cnn.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.