Souple tann...

Yon Apèsi de Sezon Ouragan pou 2022

08 mas

Yon Apèsi de Sezon Ouragan pou 2022 

Pi vit ke ane sa ap pase, sezon ouragan nan Karayib la ap rive avan menm ke nou ta konnen sa. Pi bon mwayen pou w konnen kilè ka gen tanpèt e kilè ki pi si pou vizite zile yo se rete enfὸme. Nan apèsi sa sou previzyon pou sezon ouragan yo an 2022, n ap aprann ou konnen meteyo Karayib la, e n ap ede w deside kilè pou vwayaje e ki kote pou ale an vakans ane sa. 

Meteyo Nan Karayib la 

Kondisyon metewolojik nan Karayib la se yon bonè twopikal konstan. Gade byen, tanperati pandan mwa lete ak livè yo direfan anviwon 10 degre. Pandan lete, tanperati a rive a 80 degre pou piwo. Pandan tout mwa livè yo tanperati yo pi ba  ke 80. Konsa pandan tout ane a, nan Karayib la gen yon tan fantastik. 

Anplis, pandan mwa lapli yo, se yon ti bout tan sa dire. E se yon bon nouvèl pou tout moun ki renmen plaj e ki prale sou zile yo. 

Novanm a jen se pi bon moman pou planifye vakans nan Karayib la. Lè w antre nan mwa jiyè dawou, septanm ak oktὸb gen risk pou plan ke w te fè yo anile a koz de aktivite ouragan. 

Sezon Ouragan Nan Karayib la 

Selon konklizyon pwojè metewolojik twopikal Inivèsite Leta Colorado, genyen anpil chans pou ke Karayib la konnen yon sezon ouragan siparyè a mwayèn nan. Yo estime ke gen 13 a 16 tanpèt ki nome, 6 a 8 ouragan epi 2 ou 3 ouragan majè an 2022. 

Menm jan tou, etid ke University College nan Lond nan Waym Ini prevwa 3 gwo ouragan, 8 ouragan ak 18 tanpèt twopikal. Etid ke Inivèsite Leta Colorado revele yon pwobablite 65% pou yon sezon siperyè a mwayèn pou aktivite tanpèt yo. 

Planifye Vwayaj Otou de Sezon Ouragan 2022 

Sezon ofisyèl ouragan pou zile Karayib la etann li soti premye jen rive 30 novanm, majorite a soti dawou rive oktὸb. Se nan mwa septanm ki gen plis aktivite. 

Bon nouvèl! Si w dwe vwayaje pandan mwa patikilye sa yo, genyen kèk zile ou ka vizite. Ou dwe rete o sid de “Hurricane Alley". 

Me zile ki rekὸmande yo: 

  • Aruba
  • Bonaire
  • Curaçao
  • Grenade
  • Trinité-et-Tobago

Zile sa yo pa gen tanpèt souvan nan pati nὸ yo. 

Li tap saj anpil pou w peye yon asirans vwayaj e asire w ke otèl w ap desann ladan l nan genyen plan ak pwosedi pou si ta gen ouragan. 

SOUS: tropical stormrisk.com, audleytravel.com, resilience.iii.org, theweatherchannel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.