Souple tann...

Yon Gid Aktyalite Byen Rapid sou Vwayaj nan Karayib la nan Moman Kovid:19

17 out

Yon Gid Aktyalite Byen Rapid sou Vwayaj nan Karayib la nan Moman Kovid:19 

Repòtaj ki fèt nan mwa jiyè 2021 fè konnen ke remonte Kovid 19 lan afekte tout mond lan. E tout moun konnen vwayaje nan moman sa monte risk lan pou trape li e anpil nan nou ta anvi vwayaje e pase yon bon moman.  Prekosyon ou dwe pwan se rete lakay ou si ou pa vaksinnen. Men si ou vaksinen, vwayaje se yon opsyon pou ou nan mezi ou respèkte pwotokòl ak règleman yo. 

Retounen Vwayaje 

Rejyon Karayib la genyen 13 nasyon endepandan avèk plizyè teritwa a letranje. E tout vwayajè yo sipoze konnen pwotokòl chak kote yo pwale avan yo deside vwayaje. 

Anplis li enpòtan pou nou konsidere sezon siklòn nan kap vini bò mwa Novanm. Pwan nòt ke plis rejyon an nan zòn Sid se mwens chans li genyen pou li frape pa siklòn. Pou pi fasil, nou ap prezante 10 zile kap ouvri pòt yo pou yo akeyi vizitè: 

1- Aruba: li ofri’w bèl solèy avèk bèl vi sou lanmè pou kapab relakse w. 

2-Bahamas: li gen yon chèn de 700 zile pou relakse w nan solèy la. 

3-La Babad: ki rich nan listwa, nan plaj ak nan wonm 

4-Kiba: ap akeyi vakansye ki gen chàm womantik e ki karismatik. 

5-Kiraso: trè rekoni pou wòch koray yo ak plis lòt bagay. 

6-Repiblik Dominikèn: ofri w pi bèl plaj yo ak bèl chèn lotèl. 

7-Lajamayik: se kote ou ka danse tout lannwit nan sal dans e gade bèl dlo ak plaj. 

8-Pòtoriko: genyen bèl forè, bèl plaj ak bèl kazino. 

9-Turks and Caicos: se yon teritwa anglè ki gen bèl plezi, mizik e sitou bèl plaj. 

10- Zile Vyèj: ansanm avèk Sent Kwa, Sen Toma avèk Senjan tout ofri diferan eksperyans pou jwe gὸlf, manje, avèk vizite plaj. 

Pi bon pratik ki pou fèt se kontakte chak lokasyon sa yo pou aprann konnen pwotokòl yo, tès, modèl konfinman yo avèk règ asirans yo genyen. Men bòn nouvèl la se ke ou genyen posibilite pou kapab vwayaje ankò. Donk ou mèt soti kò w pou kapab pwan plezi w nan Karayib la ak pridans. 

 

Sitasyon: CNN.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.