Souple tann...

Yon ogmantasyon COVID-19 nan Saint-Kitts lakoz yo mete restriksyon

09 jiy

Yon ogmantasyon COVID-19 nan Saint-Kitts lakoz yo mete restriksyon 

Premye minis Timothy Harris te anonse ke Saint-Kitts pral fèmen pou 14 jou. Ak lespwa pou yo ralanti pwopagasyon rapid COVID-19 la pandan y ap limite deplasman yo sou zile a. Efò sa ap kòmanse le 12 jen 18 è pou rive jis samdi 26 jen. 

COVID-19 nan Saint-Kitts (Senkits) 

Selon kèk sous, te genyen 36 nouvo ka COVID_19 nan Saint-Kitts pandan 48 è, sèlman nan semenn ki sòt pase a. Sa ki vin fè genyen yon total 123 moun ki genyen COVID-19 (covid19.gov.kn) men jis konnya pa janm gen yon moun ki mouri nan Saint-Kitts akoz COVID-19. 

Repons gouvènman a ka yo k ap ogmante antre nan kad « strateji lavi avan tou ». Me kisa premye minis Harris te di moun yo nan Saint-Kitts nan diskou li, paske li gen konsyans ke fèmen peyi a ap gen konsekans.   

"Fèmen peyi a ka fè n pedi lajan, antrepriz yo ka fèmen pi bonè ak enplikasyon sikososyal. Se kèk nan bagay sa yo nou vle deminye pandan n ape seye ekilibre konsekans yo ak ak politik nou ki se « lavi avan tou ». 

Anplis, Harris soupriye moun yo pou rèspèkte restriksyon yo epi pou yo pran vaksen pou ede kontrole viris sa. 

Restriksyon sou deplasman  

Pou pi klè, me potokòl vewouyaj la. 

  • Toutdeplasman entèdi soti 6 zè pm pou rive 5 è di maten, chak jou.  
  • Fontyèentènasyonal yo ap rete louvri pou vwayaj maritim ak ayeryen. 
  • Vakansyeyo ap rete nan otèl yo te rezève. Otèl yo ap bay lis aktivite ak opsyon ( vakans sou plas) pou okazyon an.  
  • Sèlantrepriz esansyèl yo ap fonksyone. 
  • Restoranyo ap ka sèvi sèlman pla pou ale avèk li. 
  • Papgenyen gwo rasanbleman . 
  • Plajyo ap ka itilize sèlman pou egzèsis. 
  • Obligasyonfèt a tout moun an piblik pou mete mas ak lave men. 

Gouvènman an ak abitan Saint-Kitts yo espere ke mezi sa yo ape de kontrole viris la ak ogmantasyon ka yo. 

Sous: stkittstourism.kn, caribbeannewsnow.com, garda.com, YouTube, covid19.gov.kn 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.