Souple tann...

Yon Reveyon Trè Karayibeyen.

27 des

Yon Reveyon Trè Karayibeyen. 

An n pale sou yon reveyon trè Karayibeyen, èske w dakò? Li egziste anpil tradisyon nan mond la men se pa tout moun ki konsyan de yo. Se tèlman amizan pou w ap gade fason Karayib la selebre tout bagay. Karayib la tèlman vivan ak kolore, li toujou remakab pou sezon fèt yo. Soti nan "Junkanoo" pou rive nan "Onion drop" genyen pou tout gou. 

Junkanoo nan Bahamas. 

Se yon selebrasyon ki fèt sou plizyè jou nan Bahamas. Imajine sèlman sezon madigra ki rankontre ki rankontre avèk selebrasyon kèk fèt. Defile sa fèt de fwa chak ane, 26 Desanm ak premye Janvye, nan tout Bahamas, men se Naso li fè plis gwo enpak. Selebrasyon sa te jwenn orijin li nan zòn afrik lwès e li selebre nan Bahamas depi XVIII èm syèk la. Kostim ki te elabore pou sa yo, yo te fè mizajou nan yo, men enstriman yo toujou itilize materyèl tradisyonèl. Tanbou yo fèt avèk po kabrit epi klòch yo ritm toujou avèk pwogresyon Junkanoo. Fèt sa.dewoule nan lari pou rive nan ti lè yo nan maten. Sa se yon lide : Vizite mize Junkanoo nan pwochen vizit ou nan Bahamas pou w ka viv festivite yo pandan tout moman ane a. 

Onion Drop Nan Bèmid. 

Non sa sanble pa etranj pou ou? Mwen rete kwè w konn tande pale sou "Big Apple drop nan New York", se ekivalan yon gwo zonyon nan Bèmid. Sa sanble etranj? Sa ap gen plis sans lè w konprann zonyon se youn nan eleman kiltirèl ak nan aliman bazik kilinè ki pi enpòtan sou zile a. 

Se sa k fè, pou tradisyon kont arebou nouvèl ane a, yo retounen kalandriye yo epi depoze yon zonyon jeyan an papye mache ki rekouvri avèk limyè sentiyan depi nan meri Senjòj la. Moun yo ap selebre chit zonyon sa pandan y ap danse, y ap chante anba mizik pandan yo gen nouriti lokal nan men yo. Selebrasyon an gen yon gran fedatifis ki suiv li. 

Festivite Vyèy Ane Nan BVI. 

Abityèlman lè n ap pale sou selebrasyon kòmansman yon bagay, nou rele l nouvo nan peyi Etazini. Sepandan, fèt sa rele vyèy ane. Li selebre pandan tout mwa a sou zile Vyèj Britanik yo. Yo selèb gras navigasyon plezans ak yatching nan moman selebrasyon an, ki genyen fèt nan bato. Fèt sa yo genyen plizyè arè nan ba plaj yo ak ti zile yo, alòske plizyè milye moun vin rejwenn sware amizan sa. Gen kèk restoran ak ba ki òganize yon selebrasyon sou de jou pou fèt ki rele vièy ane a, ki pwolonje fèt la avèk kèk pwomnad nan bato, kèk griyad woma, kèk kostim, dans sou mizik dirèk, kèk fedatifis ak kèk festivite jis rive nan kòmansman premye jou nan ane a. 

Selebrasyon Nouvèl An W. 

Kèlkeswa sa w ap selebre oubyen w ap viv, n ap espere w pral pwofite kèk fèt avèk zanmi w yo ak fanmiy ou. Si w vle eseye kèk choz nouvo ane sa, planifye yon vwayaj nan Karayib la e selebre yon tradisyon diferan avèk yon kuizin fantastik, kèk fèt nan lari ak kèk pwomnad nan bato. 

SOUS: www.marlintravel.ca, www.suitelifeyachting.com, www.thetravelcurrent.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.