Souple tann...

Kèk Aksyon ki Nesesè pou Evite yon Nitrisyon ki pa Korèk ak Ensekirite Alimantè nan Karayib la*

22 out

Kèk Aksyon ki Nesesè pou Evite yon Nitrisyon ki pa Korèk ak Ensekirite Alimantè nan Karayib la* 

Anpil moun se plede pran vitamin nan sousi pou yo gen lasante. Gen kèk lòt ki gen mwayen mete manje sou tab lakay yo, san yo pa kapab ajoute yon rejim vitaminik sou depans yo. Se sa k fè li enpòtan pou nou pa neglije konsekans ki genyen sou kesyon manje/nitrisyon/aliman/nouriti nan Karayib la ak nan kèk lòt zòn kote ensekirite alimantè a se yon defi. 

Faktè ensekirite alimantè 

Ensekirite alimantè se yon pwoblèm k ap devlope nan Karayib la nan yon vitès enkwayab ak nan rès mond la. Dayè, gen kèk etid ki montre "ensekirite alimantè a te ogmante nan 72%" pandan de dènye ane ki sot pase yo. San dout yon alimantasyon ki balanse se youn nan preyokipasyon pou moun k ap goumen pou yo manje chak fwa yo grangou. 

Kèk kowoperativ tankou "Caricom" ak "PAM" ki se yon pwogram alimantè mondyal t ap swivan tandans sila a ak yon gran enkyetid. Rezilta yo te vin montre rezon ogmantasyon ensekirite alimantè a yon bon chita sou disponibilite ak aksè pou moun jwenn manje, yon pwoblèm nan finansman ak yon defisi nan yon edikasyon alimantè ki ka reponn. Pri pwodwi alimantè te ogmante depi peryòd kowona a, paske te vin gen yon enpak negatif sou fè jaden. 

*Konpleman alimantè/Vitamin* 

Pou w kenbe kò w ak lespri anfòm, li mande yon bon nitrisyon, men tout moun pa gen aksè ak yon bon alimantasyon. Se pa yon bagay ki nouvo. Men moun ki gen ti mwayen an, menm lè pa soufri malnitrisyon men li manke plizyè nitriman ki vital tankou kalsyòm, potasyòm ak vitamin A, B epi D. Lè pwoblèm sa kwaze ak yon moun ki p ap byen manje, pandan gen yon pandemi ou deja genyen yon rezon ki valab pou w jwenn anpil moun, timoun, jèn tankou granmoun ki p ap ka viv sante. Se yon pwoblèm reyèl pou jenerasyon k ap vini yo nan Karayib la. 

Yon solisyon ki pwòp 

Si w santi w kòmanse fatige pandan w ap li tit paragraf sila a, poko dekouraje, tann. Paske w wè w poko jwenn repons. Anpil antrepriz ak òganizasyon k ap fè kado ap travay sou kesyon sa ; sa se yon bon siy. Èske yo ap rive jwenn yon repons imedya ?  Èske nou p ap janm ka fini ak grangou ? Sa se nan yon atik ki pi long w ap jwenn repons pou kesyon sa yo. Li enpòtan pou nou fè tout moun konnen, nenpòt nivo ekonomik ou, ou dwe konsyan sou enpak ensekirite alimantè a pral genyen sou lòt jenerasyon yo. Pa gen yon pi bon moman pase jodi a pou nou pote sipò nou bay lòt moun ki nan bezwen, edike epi ede moun k ap lite kont malnitrisyon, ensekirite alimantè ak devastasyon apre pandemi kowona a. 

SOUS: Harvard Health, Caribbean News Now, Forbes.com, Perdue Global 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.