Souple tann...

Avanti nan Staniel Cay.

14 mas

Avanti nan Staniel Cay. 

Si w ap chèche kèk vakans pasyonan nan Karayib la, chaje avanti yo nan Staniel Cay. La w ap ka jwenn espòt plonje ki popilè, bèl sejou ak yon ekselan kwizin. Nou priye w li rès atik sa pou w ka jwenn plis detay ak kèk nan bagay ki pi popilè pou w fè nan Staniel Cay nan "Exuma Cays" yo. 

Ki kote w ka sejoune nan Staniel Cay ? 

Genyen plizyè opsyon enteresan pou w twouve lojman nan Staniel Cay ak nan Exuma Cays. Me kèk nan estasyon balneyè rekòmande pou kèk vakans epik. 

Pi bon kote pou w sejoune : 

1| Embrace Resort- Embrace Resort se yon pwopriyete ki gen 7 vila ki dispoze soti youn pou rive nan twa chanm. Chak vila reflete ak mèvèy bote ki genyen nan Bahamas. Pwopriyete sa rekoni pou sèvis eksepsyonèl li ofri ak chanm ideyal li yo ki gen yon rega sou pisin nan. 

2|Staniel cay yatch club - Pwofite solèy la pandan w ap apeze lespri w ak kò w. Klèb notik sa pwopoze w yon marina ak yon sèvis konplè ak yon pis aterisaj. Vakansye yo ap jwenn kèk plaj izole, kèk ba ensilè konvivyal ak mayifik chanm ki siplonbe dlo ki pi transparan yo. 

3| Isles Inn- Isles Inn sitiye sou wiso ki anfas vilaj Staniel Cay la. Obèj sa ofri yon sèvis diven ki pral rann sejou w lan memorab. Nan obèj la, genyen kèk opsyon sou yon gran kantite inite yon chanm ak yon ti inite yon chanm. E isi a, w ap gen yon aksè rapid nan bato nan sistèm gwòt soumaren yo,*"Thunderball Grotto"*. 

Avanti san fen nan Staniel Cay. 

Naje ak kochon yo. 

Èske w wè deja kèk zanmi oubyen moun w ap swiv sou rezo sosyal yo k ap naje nan yo dlo ble klè ak kochon ? Ebyen, ou jwenn kote w t ap chèche a. Pandan ekskisyon sa, ou menm ak konpanyon w yo ap gen chans flannen sou yon bato ak jiska 12 moun sou zile a pou w naje ak kochon byenneme yo. Adorab kochon sa yo, bezwen lanmou ak atansyon alò w pa bezwen timid. 

Plonje soumaren. 

Plonje soumaren an ofri plizyè opsyon. Kèk plonje prive, kèk plonje an gwoup ak kèk plonje ak yon enstriktè prive, ou ka atann ou pou wè reken ki nouris, kèk pwason kolore ak kèk reken mato. Nan "Land and sea park" w ap twouve "Jeep Reef" ki se yon selèb espòt plonje. Jeep Reef koni paske l genyen resif koralyen ki pi pwòp e ki pi bèl nan Bahamas. 

Gwòt boulèt tonè. 

Jis nan kote lwès Staniel Cay, ou kapab lwe yon bato pou w ale la depi zile Exuma. Ou ka vle rann ou nan ayewopò nan Staniel Cay. 

Thunderball Grotto se yon sistèm gwòt soumaren fasinan, pafè pou plonje, patojwa ak plonje an apne. Li regòje anpil bèt maren egzotik ak yon reyon pwason ki gen koulè briyan k ap naje atravè resif koralyen yo. W ap ka wè kèk pwason tankou : "Angelfish, Yellow-tail, Snappers ak Sergent Majors". Ou pare pou w rezève sejou w la ? 

Pare pou w rezève?  Pwofite vwayaj ou nan Staniel Cay nan Exuma Cays yo. 

SOURCES: www.stanielcayadventures.com, www.tripadvisors.com, www.bahamas.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.