Souple tann...

Anguilla Gen Bon Kontwòl KOVID-19 e li Tounen Louvri Fwontyè l Yo.

15 jen

Foto: Koutwazi @flyingpuck 

Anguilla Gen Bon Kontwòl KOVID-19 e li Tounen  Louvri Fwontyè l Yo. 

Depi 25 me 2021 ki sot pase a, Anguilla akeyi touris ankò apre ke li te fèmen fwontyè li nan dat ki te  22 avril 2021 lakòz plizyè ka kOVID-19 ki te deklare.  

Jiska 6 me 2021, 66 moun te teste pozitif pou COVID-19 nan Anguilla, ak tout ka "ki gen rapò ak gwoup ka COVID-19 ki te idantifye premye  fwa le 21 avril," selon sa  Dileeni Daniel- Selvaratnam , Gouvènè Anguilla, ak Ellis Webster, Premye Minis nan peyi a te deklare jou ki te 6 Me 2021. (travelpulse.com)  

Sepandan, pa te gen okenn lòt  ka anplis depi 10 Me, epitou nan  dat 20 Me, te gen sèlman 2 ka COVID-19 nan Anguilla (beatcovid19.ai).  

Quincia Gumbs-Marie, Sekretè palmantè pou touris, te di konsa  "Nou te aji byen vit epi nou te aplike yon kantite mezi aktif pou jere gwoup malad sa epitou nou te mennen yon gran kanpay pou moun vaksinnen. Rezilta a se ke nou gen konfyans ke nou kapab  relouvri kounyeya pandan n ap ret vijilan poun pwoteje sante rezidan nou yo ak vizitè yo "(travelpulse.com). 

Men anvan dènye gwoup enfekte sa yo, Anguilla te gen selman  23 ka moun soti lòt kote vini avè l, pa gen okenn lanmò e ni maladi a pa te gaye nan kominote a  (travelnoire.com). Dapre Webster, premye ka covid nan Anguilla se te yon endividi san papye ki te rantre avè l (beatcovid19.ai).  

Ki sa ou bezwen konnen si w ap vwayaje nan Anguilla  

Selon jounal Karayib la:  

  • Si ou pran vaksen konplè, ou pral sèlman bezwen rete sou plas pandan sèt jou epi ou pa bezwen prèv asirans sante. 
  • Tout vizitè, vaksinen ak sa k pa vaksinen, ta dwe toujou soumèt yon rezilta tès PCR negatif nan twa a senk jou anvan yo rive sou zile a. 
  • Fanmi ak gwoup ki gen moun diferan ki gen yon melanj de moun ki pa pran vaksen ak moun ki pran vaksen an ap bezwen rete an plas pou 10 oswa 14 jou. 
  • Tout vwayajè toujou bezwen pou aplike pou yon pèmi antre nan Anguilla. 
  • Tout pwotokòl sa yo ap kontinye jouk nan fen mwa jen an, apre sa Anguilla pral mande pou tout moun ki kalifye pou pran vaksen an pran vaksen pou antre nan zile a. 
  • Soti nan 1ye jiyè, vizitè ki te pran vaksen yo p ap bezwen fè tès ankò lè yo rive (byenke yon tès avan w vini toujou obligatwa), epi yo p ap bezwen rete an plas oswa peye frè antre, ak kèk  lòt chanjman ankò. 

Sous:  

beatcovid19.ai 

caribjournal.com 

travelnoire.com 

travelpulse.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.