Souple tann...

Antigwa-e-Babouda fè yon Lὸt Rekὸ Ankὸ nan Touris

26 okt

FotoKoutwazi IndustryAndTravel 

Antigwa-e-abouda fè yon Lt Rek Ank nan Touris 

Apre yon mwa jiyè rekὸ un mois de jiyè record, Antigwa-e-Babouda refèl ankὸ. Nan Dawou 2021 yon lὸt kantite touris rekὸ ankὸ vizite destinasyon karibeyèn sa. Antigwa-e-Babouda te akeyi anviwo 18 800 vizitè, sa ki depase rekὸ mwa Dawou li te fè nan lane 2018 (caribjournal.com). Chif sa reprezante yon ogmantasyon de prèske 1000 vizitè pa rapὸ Dawou 2018. (Caribjournal.com). 

Se ameriken yo ki domine lis la vizitè yo, 52,5% nan kantite ki vini nan mwa pase, Wayὸm ini vini apre ak  39,5% (caribjournal.com), 

Selon minis Touris Antigwa-e-Babouda, Charles Fernandez, « Nou kontinye obsève yon kwasans regilye mache ameriken an, sa ki kontribye nan ogmantasyon kantite ki vini yo nan mwa Dawou. Menm si kapasite transpὸ ayeryen Etazini te deminye pou mwa Dawou pa rapὸ a Jiyè" (caribjournal.com). 

Fernandez eksplike : « Nan mwa Dawou, nou jwenn yon bon kantite syèj ki disponib depi Wayὸm ini... kapasite rekὸ sa posib paske te vin gen vὸl dirèk ale retou nan de prensipal ayewopὸ yo, Lond Heathrow ak Lond Gatwick, yo te gen koneksyon twaka plizyè vil Ewop, sa ki te rann bagay yo pi fasil (caribjournal.com). 

Vwayajè k ap vini nan Antigwa-e-Babouda dwe mete nan tèt yo ke depi 1e oktὸb 2021, egzijans COVID-19 yo pral gen bagay sa yo : 

  • Toutpasajek ap vini, sof timoun mwens pase 18 lane dwe pran pou piti yonn a de dὸz vaksen ke OMS oubyen ministè lasante byenèt ak anviwὸnman (MOHWE) apwouve, oubyen yon vaksen a dὸz inik (visitantiguabarbuda.com). 
  • Toutpasajeki rive, sof timoun mwens pase 5 lane, dwe prezante yon RT-PCR COVID-19 negatif nan 4 jou ki swiv vὸl oubyen mwens ke 4 (visitantiguabarbuda.com). 
  • Toutkliyank ap vwayaje nan Antigwa-e Babouda nan vakans dwe rete nan yon etablisman sètifye. Aktivite sètifye tankou mariaj a destinasyon, dine nan restoran, ekskisyon tèrès ak maritim ak kèk lὸt an plenè ki disponib. 
  • Mas pouvizaj ak potokὸl distans sosyal/fizik nan espas fizik obligatwa. 

 

Sous: 

 

caribjournal.com 

visitantiguabarbuda.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.