Souple tann...

Endistri Touristik Antigwa e Babouda Florisan Plis ke Jamè !

22 okt

Endistri Touristik Antigwa e Babouda Florisan Plis ke Jamè! 

Touris nan Antigwa e Babouda pa sèlman rebondi depi debi pandemi COVID-19 la, li atenn yon nivo rekὸ ! An Jiyè 2021, kantite vizitè a depase nivo avan COVID-19.  Selon Caribbean Journal, « Antigwa e Babouda te resevwa 23 405 touris nan jiyè via ayewopὸ entènasyonal VC Bird, yon total ki depase  23 031 touris ki te vizite destinasyon an nan jjiyè 2019 » (caribjournal.com). Konsidere ke 2019 te yon ane rekὸ pou peyi a, Antigwa-e-Babouda te reyisi bat rekὸ ki te gen anvan malgré defi pandemi  COVID-19. Pèfὸmans eksepsyonèl sa rive, malgre ke Antigwa e babouda pa t akeyi kanaval la a koz pandemi an. 

Selon minis Touris Babouda, Charles Fernandez, « jiyè te yon mwa ekstrèman fὸ ak yon demand pou destinasyon mache ameriken ansanm ak mache britanik la, an plen esὸ ak yon kwasans siperyè a chif 2019. Nou kὸmanse wè yon adὸpsyon pou Karayib nou yo, ak mache kanadyen yo (caribjournal.com). Total pou mwa jiyè yo nan 2021 monte a 15 350 vizitè ki soti Etazini, yo te 10 221 nan jiyè 2019 (caribjournal.com). Anplis jiyè 2021 te gen 6 521 vizitè Wayὸm Ini, kont 5 378 nan menm peryὸd nan 2019 (caribjournal.com). 

Tankou PDG otorite Antigwa-e-Babouda, Colin C. James eksplike, chif touris yo ki toujou ap monte se yon « endikasyon klè ke bagay yo pral rekὸmanse mache » (caribjournal.com). Otèl yo reflete kwasans pozitiv sa. Vernon Jeffers, prezidan egzekitif Asosyasyon Otèl yo ak touris Antigwa e Babouda, deklare ke mwa pase, to okipasyon otèl yo sou zile a te wo anpil (caribjournal.com). Kapasite okipasyon sa genyen yon okipasyon ki depase 80 pousan nan Otèl yo (caribjournal.com). Antigwa-e-Babouda pral gen okazyon pou atire plis vizitè ak ouvèti The Verandah , pou premye septanm 2021 an, yonn nan konplèks ki pi popilè yo. 

 

Sous:caribjournal.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.