Souple tann...

Antigua genyen premye fèm kote yo pwodwi krevèt

21 des

Antigua genyen premye fèm kote yo pwodwi krevèt 

Letan atifisyèl yo ede anpil nan rezoud pwoblèm ensekirite alimantè nan peyi Antigua. Pwopriyetè fèm nan ki se Alexander Kenvin, te kreye premye fèm krevèt ak ekrevis dlo dous nan Karayib la. Fèm pisikòl Alexander a, Sea Springs Aquafarm, atenn somè li gras a ekspansyon pwodwi yo. e Jiskonnya sa sanble yon siksè. 

Yo te relache 2500 pou abite epi jwe nan letan an, dapre Alexander. Krevèt sa yo te repati sou 8 letan na fèm nan. Toutotan ke y ap grandi, yo lokalize femèl ki gen ze yo e separe yo pou asire ke yo byen devlope pou ze yo pa mouri. Apre tou chak femèl ka pote 100 000 ze alafwa. Savle di, se yon enperatif pou chak ze viv e repwodwi nan elvaj krevèt la. 

Ak yon nouvo filè remòk, Alexander ak ekip li te fè premye rekòlt yo, e sa ta sanble yon bon kòmansman. Yonn nan premye krevèt ki soti nan rekòlt la peze 64 gràm. Bòn nouvèl la seke li mezire 50 cm. 

Krevèt ak Ekrevis : ki diferans? 

Si w t ap poze tèt ou kesyon sa, ou pa pou kont ou. Tou de se kristase dekapὸd. Sepandan, tou de fè pati de sou zòd diferan, yo gen yon anatomi diferan e krevèt yo pa anwoule, tankou ekrevis yo. Anplis, krevèt dlo dous yo pi gwo pase yo. 

Kisa abitan yo panse de komès dlo dous sa ? pou konnya, yo enterese anpil. Nan sans sa gen yon fanm ki deklare : « Mwen pa ka tann pou m eseye krevèt dlo dous ou yo. Nou bezwen plis antrepriz tankou sila yo pou garanti ke Antigè yo ka bay fanmiy yo manje ak aliman ki pi sekiritè. » 

Gen yon lòt ki kòmante : « Mwen espère ke gouvènman ap konprann sa e envèsti nan lajenès. Antigwa tèlman gen talan k ap gaspiye. Nou dwe kòmanse anseye jèn nou yo kijan pou yo peche olye pou n montre yo kijan pou yo viv ak ti grapday gouvènman ap ba yo. » 

Vin otonòm epi reponn a bezwen w kapab yon gran sous fyète pou jèn Antigwa ak nan zile yo. 

Ebyen, me krevèt pou dine. 

SOUS: YouTube.com, Caribbeanloopnews.com, oceanexports.com, Wikipedia.org, foodandwine.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.