Souple tann...

Konprime Antival yo la Pou Lontan

25 jan

Konprime Antival yo la Pou Lontan

Òganizasyon Ki rele FDA a te anonse yon amelyorasyon nan lopital yo akoz gen anpil moun ki gen Kowona. Medikaman kont viris ki te fèt ap Pfizer ak Merck se yon seri de medikaman pou yo ka trete Kowona .Medikaman sa ap diminye a 89 % kantite moun ki kouche lopital ak si la yo ki ap mouri si yo ta pran yo depi twa premye yo santi siy yo. 

Direktè Òganizasyon ki rele CDC wè medikaman kont viris yo tankou yon zouti pami plizyè zouti pou lite kontite kont COVID-19 ak vayan ki ka vini. 

Trètman kont viris Pfizer a 

PDG Pfizer, Albert Bourla deklare nan yon ti pale ke l te gen nan CNN, akoz medikaman sa yo, olye 10 moun ta ale lopital , se yon sèl kap ale. Li di medikaman an pa yon vaksen .Viris la pataje twò fasil, e vaksinasyon an li menm se yon obligasyon li ye pou garanti lasante tout moun. 

Bourla deklare Pfizer pare pou li kòmanse al distribiye nan peyi Etazini PAXLOVID pou malad ki an nesesite yo. 

Me kèk Kondisyon pou yon moun kapab pran medikaman kont viris yo : 

  • Fòk moun nan konsidere a wo risk 
  • Fòk li gen pou piti 12 lane 
  • Fòk li peze pi piti  88 liv 
  • Fòk li tèste pozitif 

Medikaman Merck la kont Viris 

Menm jan, Merck li menm te devlope yon trètman kont viris ak konprime. Ou sipoze pran medikaman sa 5 jou apre ou fin pran viris la e se nan menm kondisyon ak Pfizer a,Li gen yon garanti sèlman 30 pou san .Vis prezidan Merck la ki se dokte Eliav Barr, te kwè nan medikaman pandan li te di , li kwè medikaman an ap toujou bay rezilta kont Omicron e n ap etidye sa nan moman an.Anpil lòt moun ki ap fe rechèch te panse a lòt medikaman pou rezoud pwoblèm kowona. Kle varyan COVID-19 yo se toujou gen yon longè davans sou viris yo, e pousuiv bonjan pratik  a pou ka trete viris la e anpeche moun pranl. 

SOUS: onecaribbeannews.com, cnn.com, NYtimes.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.