Souple tann...

Eske W Deja Pare Pou Sezon Ouragan 2024 La Nan Karayib La ?

28 jen

Eske  W Deja Pare Pou Sezon Ouragan 2024 La Nan Karayib La ?

Pandan sezon ouragan yo ap apwoche, li krisyal pou rezidan yo ak vizitè yo rete enfòme e prepare. Sezon an koumanse premye Jen pou rive 30 Novanm e meteyowològ yo deja prevwa yon kantite tanpèt ki depase mwayen an. 

Selon National Oceanic and Atmospheric Administration (NOAA), nou ka atann nou ant 14 jiska 18 tanpèt nome, 7 jiska 9 ouragan ak 3 jiska 4 ouragan majè kategori 3 oubyen pi wo. 

Poukisa Preparasyon An Esansyèl ? 

Karayib la patikilyèman vilnerab anfas ouragan yo, ki kapab lakoz gwo dega sou abitasyon yo, enfrastrikti yo ak sou peyizaj natirèl la. Prepare w davans kapab ede minimize risk yo ak asire sekirite fanmiy ou e byen materyèl ou yo. Ogmantasyon ki deja prevwa konsènan aktivite ouragan yo ane sa rann preparasyon pi kritik toujou. 

Kèk Etap Preparasyon Esansyèl 

Rete Enfòme  

Youn pami etap ki pi esansyèl yo nan preparasyon fas ouragan se rete enfòme. Veye regilyèman sou mizajou meteyowolojik yo ki soti nan sous fyab tankou NOAA, National Hurricane center ak sèvis meteyowolojik lokal yo. Telechaje kèk aplikasyon meteyo ki bay kèk alèt ak kèk mizajou nan yon tan rekò oubyen reyèl. 

Prepare Yon Twous Ijans 

Yon twous ijans se yon bagay esansyèl pou preparasyon fas ouragan yo. Li dwe genyen ladann : Dlo, yon galon dlo pou chak moun pandan pi piti twa jou. Pwodwi alimantè ki pa perisab. Lanp pòch ak pil rezèv. Medikaman ak founiti medikal. Dokiman enpòtan ou yo nan yon sachè dlo pa ka travèse. Kèk founiti pou premye swen. Atik ijyèn pèsonèl. 

Kreyasyon Yon Plan Evakyasyon Familyal 

Elabore yon plan evakyasyon familyal klè pou fanmiy ou. Idantifye itinerè ki pi asire yo nan direksyon kèk refij nan lokalite a epi asire ou tout moun konnen plan an byen. Pratike itinerè evakyasyon w lan epi genyen yon plan kominikasyon pou si nou ta vin separe. 

Sekirite Pwopriyete Ou 

Pran kèk mezi pou w sekirize pwopriyete w la kont domaj potansyèl tanpèt konn lakoz. Enstale kèk kontvolè oubyen kèk fenèt fèmen, ranfòse sekirite nan pòt yo ak nan pòt kote w pake veyikil ou. Koube pyebwa ak kèk branch bwa ki antoure kay la pou w ka minimize risk debri volan yo. Si w abite nan yon zòn inondab, anvizaje pou w souskri yon asirans kont inondasyon. 

Pare W Epi Rete An Sekirite 

Prepare w pou w afwonte sezon ouragan yo pou ane sa nan Karayib la se yon bagay esansyèl pou sekirite w ak trankilite lespri w. Lè w rete enfòme, ou rasanble yon twous ijans, ou kreye yon plan evakyasyon epi w sekirize pwopriyete ou, ou kapab minimize konsiderabman risk ki asosye avèk ouragan yo. 

Menm si nou p ap janm kapab kontwole meteyo a, men nou kapab kontwole fason pou nou fè fas kare avèk li. Rete an sekirite, rete prepare epi asire w ou menm ak pwòch fanmiy ou yo pare pou afwonte tout sa sezon sa ka pote nan djakout li. 

SOUS : www.response.reliefweb.com, www.usembassy.gov, www.fema.gov 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.