Souple tann...

Entèdiksyon Krèm Solè : Tann ou Rive

19 jiy

 

Entèdiksyon Krèm Solè : Tann ou Rive 

Pou sila yo ki pa konnen, sa ka siprann yo. Men an reyalite, nouvèl sa ka chanje done yo pou kèk lektè – e se pou sa menm nou ekri atik la. Plizyè zile entèdi krèm solè oubyen kèk nan yo. Men èske sa pa ale nan sans kontrè a tout sa nou te konnen sou zafè swen po ak solèy ? kite n eksplike. 

Entèdi Krèm Solè pou sove resif yo 

Pa gen anyen ki menm jan ak yon bèl jounen anba solèy nan Karayib la. Se vakans tout moun reve. Men pandan ke tout vwayajè yo ap vini sou zile yo, yo nwi resous ke nou genyen ki pi presye nan Karayib la : Resif Koralyen yo. 

Anpil nan Zile Karayib la, tankou Hawaï ak Beliz kòmanse entèdi itilizasyon krèm solè, men se pa tout mak yo. Pwodwi chimik k ap kreye domaj jenetik ak blachiman resif yo se oksibenzòn ak oktinokzat. Nou jwenn de koupab sa yo nan prèske tout krèm  solè e yo ka menm rete nan kò nou. 

Pou evite tout kontaminasyon, ou ka chwazi achte krèm solè pa w la sou zile yo e chèche varyete ki san danje pou resif yo. 

Tann ou rive pou w ka chwazi yon krèm solè sen pou resif yo. 

Rejwenn Sen Toma, Senkwa, Sen Jhon, water island, Bonè ak anpil lòt nan lit pou pwoteje tèt nou ansanm ak resif koralyen nou yo. Achte sèlman mak ki si pou resif yo epi patisipe nan pwoteksyon planèt la. Deplis, vakansye yo ka pote yon chapo, linèt solèy UV ansanm ak rad ki fèt pou solèy epi rete nan lonbraj nan moman ki gen anpil chalè pandan jounen an. 

Pou fini, zile yo nan Karayib la pi pre ekwatè, savle di solèy la pi fò. Sepandan, pwoteje kò nou pa dwe pote domaj pou anviwònman ! Chwazi krèm solè ki sekiritè pou resif yo a pati de jodia! 

SOUS: Uncommoncaribbean.com, cruisecritic.com, latimes.com, fodors.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.