Souple tann...

Labarbad tounen yon repiblik

30 des

Labarbad tounen yon repiblik 

Madi 30 novanm 2021, sitwayen Barbad yo genyen yon nouvo stati lè yo akeyi premye prezidan repibliken nan tèt Leta a pandan yon gran selebrasyon. Fanm Barbadyèn Sandra Mason asime wὸl la alὸske Labarbad antre nan stati a antan ke repiblik, sa ki fè Labarbad vin endepandan de Wayὸm Ini. Lè l fin prete sèman, me sa Mason deklare : 

"Bato repiblik Labarbad mete vwal pou vwayaj inogiral li. Nou espere ke l travèse tout tanpèt e fè ateri peyi nou an  k sitwayen nou ye an tout sekirite sou orizon ak rivaj k ap tann nou", -BBC News 

Seremoni an fèt 55 lane aprè ke Labarbad te vin endepandan pandan l te kenbe monak la nan yon wὸl seremonyal. Labarbad ap rete nan Commonwealth nasyon yo, ki se yon asosyasyon volontè ki gen 54 peyi. 

Yon selebrasyon endepandans gloriyez 

Nan tout grandè ak sikonstans, sware a te selebre nan divètisman, inogirasyon ak sèman alejans. Yonn nan envite notab evènman an se prens ge Gal la. Nan alokisyon l, prens Chal  te pwofite pou abὸde doulè ke èsklavaj la koze epi ankouraje amitye ant de nasyon  o. anplis, li deklare ke kreyasyon nouvèl repiblik la «  ofri yon nouvo depa... ak meyè ve Rèn lan ». 

Atmosfè a te plen fe datifis, jwè kaswὸl an asye e anpil kontribisyon lὸt atis. Yon ewo nasyonal Labarbad Sir Garfield Sobers ansanm ak jij anchèf Gibson, Premye minis Mottley se nouvo ewo nasyonal la Rihanna ki te vini n n selebrasyon an. Apre ke prezidan Mason te rann omaj a Rihanna, li di pop sta a konsa : 

« Ke w kontinye briye tankou yon dyaman epi onore peyi w. » -Nouvèl ke BBC bay 

Kite dèyè pase kolonyal li, Labarbad desann drapo wayal monak britanik la epi ranplase l pa nouvo drapo a kὸm senbὸl chanjman. Apre 400 zan dominasyon britanik, lyen yo te vin brize e  zile Labarbad vin anfen yon repiblik. Labarbad rejwenn lὸt zile Karayib yo tankou Lagiyàn, Ladominik, Trinidad Tobago ki te pran endepandans yo de lakouwὸn angletè 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.