Souple tann...

La Babad Lanse yon Lòt Kanpay Touristik : Ti Zile Gwo Babad (Little Island Big Barbados)

02 jiy

Photo: Koutwazi avanti_photo 

La Babad Lanse yon Lòt Kanpay Touristik : Ti Zile Gwo Babad (Little Island Big Barbados) 

Alòske Babad kontinye  pwomosyon touris apre deklanchman pandemi COVID-19 e ap prepare pou akeyi lòt mache (caribbeannewsglobal.com), la Babad mize sou ti tay li ak gran pèsonalite l pou nouvo kanpay maketin sa ki rele « Little Island Big Barbados. » 

Barbados Tourism Marketing Inc. (BTMI) lanse yon lòt istwa Babad e mete an evidans twa eleman fondamamndal : pèsonalite, ton ak mozayik motif yoKANPAY SA KONSANTRE L SOU PWOMOSYON kreno la Babad tankou kizin, patrimwàn, la nati ak pèp babadyen an (caribbeannewsglobal.com). Nouvo apèl maketin sa fè an menm tan pwomosyon la Babad an tan ke destinasyon vwayaj ki si pandan pandemi COVID-19 (carbbeannewsglobal.com). 

La Babad ka yon ti zile (sèlman 21 mileyaj (km) de longè), men li chaje ak kilti, bote ak karaktè malgre li piti. "grand" pèsonalite la Babad ki genyen savè li yo, eritajfanmiy, vibrasyonavanti, lanmou èspὸ ak mizik pral itilize nan aktivite ak evènman sa yo pou fè pwomosyon zile a : (carbbeannewsglobal.com) : 

  • TiBabad Gwo Ete (Little Barbados Big Summer) 
  • Tichas o trezὸ zile a 
  • AtelyeBarbados in a Box – kote Betty West pral anseye vizitè yo kijan pou kreye yon kostim pou fèstival Crop Over Harvest 
  • Konkounasyonal frèsk miral : evènman vize pou pran tit rekὸ di mond Guinness 
  • Relansekèk atraksyon tankou Harrison's Cave. 

Selon ministè Touris e Transpὸ entènasyonal, senatris Lisa Cummins, « Isit la nou fyè de ti, gran  zile nou an. Nou piti de tay, popilasyon, an enpὸtans jewopolitik ak an resous disponib, men nou gen anpil anbisyon, gran sou rezilyans, gwo sou rezolisyon pwoblèm... Nou gwo sou vwayaj ak touris ; nou gran sou moun ki konstitiye endistri touris ak vwayaj e nou gran sou destinasyon Babad" (carbbeannewsglobal.com). 

Cummins note tou ke ministè a «plede e fè kanpay pou antre la Babad sou lis peyi ki apwouve pou vwayaj, pandan l ap lite pou retire l sou lis ke l panse ke peyi a pa ta dwe ye» (thecaribbeannewsnow.com). Li deklare« la Babad patisipe aktivman nan inisyativ mondyal sekirite vwayaj yo, tankou lese pase vwayaj IATA » (thecaribbeannewsnow.com). 

Sous: 

carbbeannewsglobal.com 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.