Souple tann...

Babad Ap Kriye Akoz Lanmò Yon Ansyen Premye Minis.

17 out

Babad Ap Kriye Akoz Lanmò Yon Ansyen Premye Minis. 

Lendi ki te 26 Jen an, ansyen premye minis Babad la, mesye Lloyd Erskine Sandiford, mouri nan laj 86 lane. Alòske Babad ap kriye pou ansyen premye minis la, premye minis aktyèl la ap fè lwanj li epi dekri li kòm yon veritab Òm deta ki te sèvi Babad avèk onè e ki te sèvi Karayib elaji a avèk distenksyon. 

"Anfèt, moun ki te gen chans konnen l yo, ta ka di sèl karakteristik ki te ka dekri l pi byen se ke li te toujou poze, se te kapasite l pou l pran pozisyon sou nenpòt bagay pandan l ap rete dwat e san paspouki , menm devan gwo presyon.  Mesye Lloyd se te sa Bajans te dekri ak anpil respè tankou yon moun ki egal a li menm nan tout sikonstans." 

Ki Moun Ansyen Premye Minis Lloyd Te Ye.

Sandiford te fèt Babad e li te fè etid li nan Coleridge and Perry School, nan Harrison College ak inivèsite dèzantiy nan Jamayik.

Pandan etid li nan Jamayik, li te obteni bakaloreya  li nan atizay an Anglè. Apre sa li te pouswiv etid li nan Inivèsite Britanik nan Manchester, kote l te pran yon metriz nan syans sosyal ak ekonomi.  

Mesye Lloyd te anseye nan Jamayik ak Babad avan l rantre nan politik nan lane 1966.  

Apre etid li yo, ansyen premye minis la Lloyd te retounen Babad, kote l te rejwenn pati travayis demokrat la. Yon ane apre endepandans nan ane 1967, li te nome nan Sena a.  

Li te kite sena a pou l te prezante tèt li nan eleksyon yo nan lane 1971 kote Sandiford te ranpòte yon syèj nan chanm asanble a. Li te rete nan fonksyon an soti premye Jen 1987 pou rive 6 Septanm 1994.  

Aktyèl premye mnis la te ajoute : "Mesye Lloyd te yon rejyonalis otantik, devwe kὸm premye minis, li te pran desizyon pou l mennen Babad pi lwen nan pwosesis entegrasyon rejyonal la pandan l te siyen deklarasyon Grandans la, ki te reyisi nan kreyasyon mache ak ekonomi inik la."  

 
SOUS: www.caribbean.loopnews.com, www.wikipeidia.org, www.nationnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.