Souple tann...

Lababad ap avanse avèk plan pou li ta tounen yon Repiblik.

15 okt

Lababad ap avanse avèk plan pou li ta tounen yon Repiblik.

Nan dat ki ap 30 Novanm, se ap senkant senkyèm anivèsè endepandans peyi a. Lababad ap fè plan pou mete an plas tout sa ke yo ap bezwen pouyo kapab tounen yon Repiblik. Pou reyitere karaktè sakre “Lababad” premye minis Mottley te di bagay sa yo:  

« Nanpwen chanjman k ap fèt nan drapo a. Nanpwen chanjman k ap fèt nan non dat lendepandans lan, pap genyen chanjman nan non Lababad non plis. Lababad se Lababad. Nou pa fè pati de Lababad ki nan “Commonwealth”.;nou pa Repiblik Lababad. Lababad se Lababad.  E nou pap chanje angajman nou.” 

Genyen plizyè travay ki komanse fèt nan chanjman estrikti k ap bon pou Repiblik la pandan ke y ap travay sou pwòp dat endepandans yo. 

  1. Dame Sandra Mason, (gouvènèjeneralLababad) pwal asime wòl chèf leta. Apre li pwal nan eleksyon kote manm palman ki nan chanm asanble a avèk chanm sena a kapab vote. 
  2. Yonnouvokonstitisyon pwal soti apre yo ta fin revize li chapit pa chapit e avèk swen. 
  3. Konsiltasyonyopwal komanse avèk tranzisyon estati Repiblik la avèk komite konseye pou angajman ak pwomès.  

Pi devan, premye minis la aksantye sou kòman gouvènman an ap chèche detèminasyon li avèk lèd yon konvansyon. 

Nou santi ke si nou ta vin genyen yon konstitisyon sa pwal reflekte ki moun nou ye nan twazyèm deseni vente inyèm syèk sa. E sa ta sipoze priyorite pou ki gide nou pou nou konnen ki kalite moun nou vle ye e ki jan de moun nou ye. San langaj legal, ni langaj jidisyab, men se yon konvansyon, yon sòt de angajman, de pwomès tankou “Bajans” yonn pou lòt, pa plis ke de a twa paj.” 

Tout moun Lababad akeyi lide nan zafè plan ki genyen pou avanse kite sa ki pase yo epi toujou anba regleman Larèn nan. E malgre ke Kovid 19 la rann bagay yo yon ti jan difisil. Premye minis lan ki se Mia Mottley, detèmine pou fini travay la pou moun k ap viv Lababad. Lè tout bagay fin di epi fèt, Lababad pwal tounen yon “Commonwealth” e l ap toujou kontinye fè pati de nasyon “Commonwealth” lan. Aranjman sa ta vle sanble avèk rout ke Lagiyann avèk Trinidad ak Tobago te deja fè. 

Sous: thecaribbeannewsmow.com, en.wikipedia.org. cforeignpolicy.com 


Questions? Comments? Contact us.