Souple tann...

Premye minis Lababad kont vaksinasyon obligatwa

29 okt

 FotoKoutwazi jirkaejc 

Premye minis Lababad kont vaksinasyon obligatwa 

Swit a  76e sesyon Asanble jeneral Nasyonzini le 14 sektanm 2021, Premye minis Mia Amor Mottley te reyitere ke li pa p soutni yon pwogram vaksinasyon obligatwa pou Lababad.  Alὸske  Mottley ta ankouraje babadyen yo anpil pou yo pran vaksen si yo kapab e eseye touche sila yo ki gen enkyetid medikal o sijè vaksen an (barbadosloopnews.com), li te deklare: «Pèsonèlman, mwen pa renmen koze vaksinasyon obligatwa sa, mwen pa p fè l » (thecaribbeannewsnow.com). 

Mottley eksplike ke gen moun ki pap janm pran vaksen pou plizyè rezon, tankou kondisyon medikal, kwayans relijye e/ou pozisyon filozofik, gouvènman babadyen an mete tès COVID-19 gratis pou tout moun. Mottley soutyen lide pou itilize yon apwὸch konbine vaksinasyon ak tès pou asire ke tout sila yo kip a vaksine pa limite oubyen anpeche pou pouswiv lavi yo, an menm tan pou sila yo kip a vaksine pa ekskli nan patisipasyon sosyete a nan yon zile ki mezire apenn 166 maylz kare" (thecaribbeannewsnow.com). 

Premye minis la denonse tout tantativ pou divize peyi a, li avèti ke divizyon pa fini ak pandemi COVID-19 men l ap dire pandan anpil jenerasyon (thecaribbeannewsnow.com). Dapre pwὸp mo Mottley, « nou panse ke menm si vaksinasyon yo pa 100%, men yon bay pwobablite pou nou pwoteje moun yo kont lanmὸ e ospitalizasyon grav. Jiska prezan, pa gen kenn fὸm desè nan babad. Menm jan tou nou konnen ke se pa paske yon moun pa pran vaksen ke li pozitif, e pi bon mezi se tès. Nan ka sa tès yo ap pouswiv. Sof pou moun ki pral vwayaje a ;letranje nou deklare ke tès yo ap rete gratis nan Babad " (thecaribbeannewsnow.com).   

 

Sous: 

 

barbadosloopnews.com 

gisbarbados.gov.bb 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.