Souple tann...

Premye minis Labarbad la, Mia Mottley, loreya Chanpyon Latè pou Nasyonzini an 2021

11 jan

FotoKoutwazi Grigory_bruev 

Premye minis Labarbad la, Mia Mottley, loreya Chanpyon Latè pou Nasyonzini an 2021 

Loreya 2021 Chanpyon Latè pou Nasyonzini yo, ki se distenksyon anviwnmantal ki pi prestijye nan ONU, fenk sot anonse. Sou yon kantite rek nominasyon nan lemond, premye minis Labarbad la Mia Mottley, se yonn nan kat loreya yo. moun ki genyen yo se endividi, gwoup oubyen ganizasyon ke aksyon yo gen yon enpak pou transfme anviwnman (unep.org). Yo te seleksyone ganyan yo nan kat kategori : enspirasyon e aksyon, lidèchip politik, vizyon antreprenaryal ak syans e inovasyon. "Mottley te onore nan kategori Lidèchip politik pou ‘’ vwa pwisant li’’ pou yon mond dirab ki soti nan sid global, k ap raple toutan vilnerablite ti Zile yo ki se peyi k ap devlope (thecaribbeannewsnow.com). 

Mottley travay san kanpe pou proteje peyi l, ansanm ak tout lὸt nasyon nan Karayib la, e pase anpil ane ap fè kanpay kont polisyon, chanjman klimatik ak deforestasyon, sa ki fè Labarbad vin yon chef de fil nan mouvman anviwὸnman mondyal la (unep.org). Selon Inger Andersen, direktris egzekitif Pwogràm Nasyonzini pou Anviwὸnman (PNUE), « Premye minis Mottley te yon chanpyon pou sila yo ki pi vilnerab nan twa kriz planetè ke chanjman klimatik la poze, lanati k ap pedi byodivèsite l, polisyon ak dechè. Pledwaye pasyone ak reyaliasyon politik li yo se bon jan egzanp sou fason dirijan mondyal yo ka pran mezi odasye e ijan sou pwoblèm anviwὸnmantal yo" (unep.org). 

Sou direksyon Mottley, Labarbad te elabore yon plan anbisye pou elimine tipa tipa konbistib fosil rive lane 2030. Vizion li se pou chak kay nan zile a genyen pano solè sou tèt yo epi yon veyikil elektrik devan l (unep.org). Li te sipèvize tou yon strateji nasyonal ki vize plante plis pase yon milyon pyebwa pou favorize sekirite alimantè e ranfὸse rezilyans a chanjman klimatik (unep.org). 

 Pou ede Labarbad adapte l’ pi plis a kriz chanjman klimatik la, Mottley te dirije yon pwogram nasyonal rezilyans ki rele Roofs to Reefs. Inisyativ sila konsantre l’ sou tout bagay, soti nan ranfὸse kay yo rive nan restorasyon resif koralyen yo, k ape de pwoteje kot yo kont tanpèt (unep.org). Pou fini, « Mottley panse ke lit kont deklen anviwὸnman se yon bagay ki vital pou stimile devlὸpman ekonomik e lite kont povrete » (unep.org) 

Sous:  

thecaribbeannewsnow.com 

unep.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.