Souple tann...

Labarbad Vle Peye Sitwayen li Yo

27 jan

FotoKoutwazi johan10 

Labarbad Vle Peye Sitwayen li Yo

Labarbad fini 2021 an bote. Premyèman, Labarbad brize lyen ak monachi britanik. Ansuit, li kouwone Rihanna (yon pitit Labarbad, ansanm ak yon sta mondyal ak yonn nan filantwòp kipi popilè nan Labarbad) antanke ewo nasyonal ofisyèl. Dezòmè, peyi a vle bay tout sitwayen li yo yon revni de baz inivèsèl (businessinsider.com). 

Pwogram revni de baz inivèsèl yo (UBI) diferan de pwogram èd sosyal tipik yo pou sa ki gen pou wè ak inisyativ gouvènmantal kote chak granmoun resevwa yon sòm lajan fiks e san kondisyon (businessinsider.com). Pou reponn a presyon finansyè ke pandemi COVID-19 la koze a moun ki gen fèb revni yo, pwogran UBI yo vin popilè nan lemond antye (businessinsider.com). Yon veritab pwogram UBI tankou sila ke Labarbad pwopoze  a bay lajan a tout sitwayen li yo, pa sèlman yon gwoup revni sible (businessinsider.com). 

Selon yon komantè ke Avinash Persaud fè sou Facebook, ki se anvwaye èspesyal premye minis Labarbad pou envèstisman ak sèvis finansye, gouvènman Barbadyen gen entasyon pou bay tanzantan a sitwayen li yo yon pati nan revni ke peyi a pwodui (businessinsider.com ). Paske Labarbad, tankou anpil peyi nan Karayib la ak Amerik latin soufri anpil de pandemi an, "Persaud pwopoze ke sitwayen yo resevwa lajan baze sou envèstisman  gouvènman an nan resous natirèl" (businessinsider .com). Pa egzanp, Alaska Permanent Fund bay a rezidan Alaska nan Etazini yon alokasyon anyèl baze sou benefis Alaska Permanent Fund Corp., ki apatyen a Leta e ke revni petwòl finanse (businessinsider.com). 

Tankou Business Insider rapòte, "Persaud sijere ke dividann yon sitwayen Barbadyen ka konbine ak kredi enpo envèse anyèl ke rezidan yo deja ap resevwa pou fòme yon revni de baz inivèsèl. Barbadyen ki genyen mwens pase 25 000 dola barbadyen pa ane - environ 12 386 $ - elijib pou yon sibvansyon kredi enpo envèse de 1 300 dola barbadyen, swa anviwon 644 $, pa ane" (businessinsider.com). 

 Nan yon ankèt Bank Mondyal sou menaj nan Karayib la ak Amerik latin nan ki pibliye an desanm 2021, o mwen mwatye nan moun ki entèwoje yo deklare ke yo pa rive nan nivo revni yo anvan pandemi an (businessinsider.com). Ann espere ke mizanèv pwogram UBI a pral konble lakin sa pou sitwayen barbadyen yo. 

Sous: 

businessinsider.com 

nbcnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.