Souple tann...

Pi bon zile yo nan Karayib la Kote w ka Plonje Anba Lanmè.

21 fev

Pi bon zile yo nan Karayib la Kote w ka Plonje Anba Lanmè. 

Si w ap chèche yon eksperyans plonje anba lanmè ki inik nan sans li, zile yo nan Karayib la ap ofri egzakteman sa ! Dlo yo nan Karayib la fè pati oseyan ki pi transparan w ap ka jwenn nan mond la, ki ofri w posibilite pou w wè koray yo ak tout kalite lavi ki genyen anba lanmè a, ak eksplore kèk pwofondè ou poko te janm gen chans vizite deja. 

Swiv pi bon zile yo nan Karayib la sou kesyon plonje anba lanmè. 

Tòp 3 zile nan kesyon plonje anba lanmè. 

Kèk nan pi bon zile yo pou kesyon plonje anba lanmè se : Jamayik, Sentlisi, Babad, Grenad avèk Antigwa. 

1) Senkwa 

Pou w kòmanse enkwayab plonje anba lanmè w la, kòmanse nan ekstremite Nò rivaj la, epi twouve plonje ki pi pwofon yo nan longè mi an. "Twin palms" avèk "Cane Bay" pèmèt kliyan yo gen fasilman aksè pou yo benyen soti 10 pou rive 15 minit jis rive bò mi sa a. Klète dlo a se anviwon 100 pye li ye oubyen plis pase sa. Nan sans sa, moun k ap plonje yo ka twouve kèk kalma, tòti lanmè avèk kèk tòti enbrike yon kote yo ka gade ki gran. 

2) Kozimèl. 

Si w ap chèche yon defi, menm si w se youn pami plonjè ki gen plis eksperyans yo, w ap jwenn li isi a nan Kozimèl. Genyen yon kote nan pwent Sid zile sa kote bagay yo ajite anpil. Yo rekonèt zòn sa sou non "Gòj djab la", kote gen yon tinèl ki kwense nan mi an k ap vomi plonjè yo deyò ki mezire 130 pye pwofondè. 

3) Watan ou Woyatan 

Se yon kominote ki anime pou plonjè yo. Non sèlman, li ofri yon posibilite 110 pye pou envite yo, men abitan yo avèk vizitè yo patisipe tou nan aktivite peche pwason nan gwo lanmè pandan yo kite drapo plonjè yo ap flote. Si w ta chwazi pou w plonje isi a, w ap ka rankontre avèk plizyè lòt zanmi plonjè pandan w ap dekouvri mewou tapajè yo ak anpil lòt bagay ankò. 

Vwayaj plonje w la nan Karayib la. 

Rezève pwochen vwayaj plonje anba lanmè w la ( li ka se premye fwa tou) e vizite youn nan twa pi bon zile sa yo pou w al plonje anba lanmè. Nou pwomèt ou w ap satisfè yon fason ki depase sa w t ap atann yo, nan tout sa zile sa yo ap ofri w. Yon kwizin ki fantastik, ekselan restoran avèk yon lavi lanmè ki pa gen bout. Vin plonje anba lanmè avèk moun k ap viv sou youn nan pi bon zile sa yo, nan Karayib la. 

SOUS: www.sandals.org, www.sportdiver.com, www.bluewaterdivetravel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.